PODCAST · arts
Memo Pòdkas
by Fabrice Mésidor, Ricardo Molière
Memo Pòdkas jwenn enterè l nan analize tout tip tèks. Prezantatè yo ap gen pou touche aspè literal ak literè tèks yo. Ansanm nou pral dekouvri, konprann ak apresye bote anpil zèv ekri.Nou envite w konekte ak nou pou n ka fè ti koze.Rasanble! Nou pote ti memo a pou ou.
-
66
Epizòd 65 - M p ap kapab pou kò m - Frè Gabe
Konbyen fwa w ka itilize son "otèl" nan on estwòf pandan wap montre nivo spirityèl ou? Frè Gabe nan ekstrè nou pran pou nou analize nan epizòd 65 lan leve defi a. Al tande epizòd sila ki disponib tout kote pou apresyen jan Me ak Mo pral dekòtike ti bout tèks sa. Pa bliye pataje epizòd la a on fanmi, on zanmi.
-
65
Epizòd 64 - Lanmou Bondye pi gran pase - #28 Chant d'Espérance Créole
Es ke w konn grandè lanmou Bondye? Ki longè l, lajè? Ki dimansyon l? Kijan w ka dekri l? Ki kantite plim ou t ap bezwen pou dekri l? Ki dimansyon papye pou w ta genyen? Konbyen moun ou t ap mande ede w dekri l? W ap jwenn repons a tout kesyon sa yo nan ekstrè tèks yon chante ki twouve l nan Chan Desperans Kreyòl #28. Me ak Mo t ap pataje lide sou sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
64
Epizòd 63 - Bondye ou fidèl - Peter Michel Joseph
Bondye fidèl e li p ap janm pa fidèl. Fidelite l ap dire pou tout tan. Nan epizòd 63, nou te kontan pou n te elabore sou on ekstrè tèks ki te plonje n nan yon bèl anbyans. Tit tèks la se "Bondye ou fidèl", yon mizik ki twouve l sou yon albòm ki rele Gras e atis la se Peter Michel Joseph. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
63
Epizòd 62 - Tattoo - Teddy Hashtag
Me ak Mo lage nan tatou nèt. Pou epizòd 62 a, yo vini ak "Tattoo" - yon tèks ke Teddy Hashtag pote pou nou ki sou dènye albòm li an. Ann al dekouvri ansanm nan epizòd sila kijan mesye yo konprann koze fè tatou Teddy a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
62
Epizòd 61 - M anvi fè tatou - Fredelin François
Fredelin François, atravè on mizik li chante, di li anvi fè tatou sou po l pou bae li. Men èske atis la sou fè tatou a vreman. Nan epizòd 61 an, nou pran on ekstrè nan tèks chante sa pou gade: tout dout li eksprime sou koze sa, kisa tatou a ta ka reprezante an jeneral. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
61
Epizòd 60 - 2,3 mo - BIC Tizon Dife
BIC Tizon Dife tounen nan MeMo Pòdkas fwa sa avèk 2,3 mo. Pou epizòd 60 la, Me ak Mo pral fè nou dekouvri on ekstrè nan on mizik sa ke nou jwenn sou dènye albòm BIC a. Anpil koze ke nou pral dekouvri nan 60em lan. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
60
Epizòd 59 - Si Lajan Pat Egziste
Pou epizòd 59 la, Me ak Mo pral fè nou dekouvri on ekstrè nan on mizik ke Lil Jayne, Mechans T ak Blaze One te pote ba nou: "Si Lajan pat egziste". Malgre ekstrè a long, mesye yo pran tan yo pou dekòtike chak ba. Tande epizòd sila epi wap wè de kisa otè a pale epi wap pran plezi nan analiz Me ak Mo. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X.
-
59
Epizòd 58 - Baz ou vèni - Atyspanch
Me ak Mo pran on ekstrè nan on mizik Atys Panch ki rele "Baz ou vèni" pou prezante nan Epizòd 58 la. Ou pa finn konprann tit la? Ou pa konn si Atys Panch ap fè blag oubyen serye? Tande epizòd sila epi wap wè de kisa otè a pale epi wap pran plezi nan analiz Me ak Mo. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X. Pa bliye pataje epizòd sila ak sa avan yo ak zanmi, fanmi w.
-
58
Epizòd 57 - Mwen sote klas - Franco Love
Si ou te panse se lekòl selman moun te konn sote klas, vin dekouvri kijan w ka sote klas nan lanmou. Fabrice ak Ricardo te pran on ekstrè nan "M sote klas" ke Franco Love pote ban nou pou debat nan epizòd 57 la. Memo Pòdkas disponib sou YouTube, Spotify ak Apple Poscasts e ou ka suiv nou sou Instagram ak X. Pa bliye pataje epizòd sila ak sa avan yo ak zanmi, fanmi w.
-
57
Epizòd 56 - Yo la - Chris Morning
Epizòd 56 sa chita sou yon ti ekstrè nou tire de chante "Yo la" atis Chris Morning chante. Yon ekstrè k ap denonse on sòt de ipokrizi sosyal men ki trè powetik. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
56
Epizòd 55- Bye Bye - Toby Anbakè
Nou tout dakò chimen siksè pa fasil. Toby rakonte nou sa byen nan Bye Bye, youn nan mizik sou albòm RAS la. Nan tèks sila, g on pati ki trè polisemik. Se li ki te fè objè epizòd 55 la nan Memo Pòdkas Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
55
Epizòd 54 - COLOC - mCo
COLOC: Yon bijou! Yon zèv atistik de kalite! Yon palendwom! Yon tèks kontradiktwa de Collinx Mondésir. Nan epizòd 54 la, Fabrice ak Ricardo t ap debat sou yon ekstrè tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
54
Epizòd 53 - Fui Ayiti pa vle di w kite Ayiti
Yon fraz paradòksal: "Je me rends compte que j'ai passé ma vie à fuir Haïti et que je n'ai jamais quitté Haïti." tire nan woman L'énigme du retour de Dany Laférière. Nan epizòd 53 a, Samuel Simon ki te envite nou te vin ede n konprann sa otè vle degaje atravè fraz sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
53
Epizòd 52 - Nenpòt kote n ye, li tande n.
Gen fraz ki sonnen nan zòrèy e ki fè vibre tankou son tanbou. Lè Frankétienne te ekri nan woman Ultravocal : "Partout où je crie, Haïti entend, même quand je suis loin, même quand je suis seul", li pa jis ap pale de bri. Li t ap pale de relasyon nou chak genyen ak peyi nou. Nan epizòd 52 a, Fabrice ak Ricardo t ap eseye konprann sa Frank te vle nou konprann a travè fraz sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
52
Epizòd 51 - Li refize mouri... Li p ap mouri!
Lionel Trouillot, nan woman li ki rele Bicentenaire te ekri fraz sa: "Ce pays est une douleur qui marche, une mémoire qu'on assassine chaque jour mais qui refuse de mourir" Yon fraz mataforik ki chita sou yon antitèz. Fabrice ak Ricardo t ap pataje lide otou de fraz sa nan epizòd 51 an. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
51
Epizòd 50 - Aprann danse
Se pa lè w konn make pa sou rit mizik sèlman w konn danse. Si lavi an jeneral te yon senfoni e melodi a t ap chanje tout tan, kijan w t ap danse? Nan epizòd 50 la, Fabrice ak Ricardo t ap eseye konprann sa ki kache nan 2 fraz sa yo: " Le pays est succession de secousses. Ceux qui restent debout sont ceux qui apprennent à danser avec la terre." Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
50
Epizòd 49 - Woulib - Kenny Haiti
Nou konn nan on kamyonèt epi chofè a deside lage l sou woulib nan yon mòn, pa vre? Men eske nou te konnen lanmou ka sou woulib tou? Ann al nan tèks Woulib ke Kenny Hati ekri pou nou konnen plis. Nan Epizòd 49 la, Fabrice ak Ricardo ap dekòtike on ekstrè nan tèks sa. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
49
Epizòd 48 - Li pa vini - Konpa Kreyòl
Depi menaj la rele w, li di w: "Li pa vini", ou paka pa fè tèt cho. Konpa Kreyòl te trete sijè sa a travè yon chante. Nan Epizòd 48 la, Fabrice ak Ricardo t ap apresye yon ekstrè tèks la sou yon lòt ang. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
48
Epizòd 47 - Gad on rèv - Wanito
Sa rive w deja w ap fè on rèv epi anvi soti ladan? Wanito t ap eksplike sa l viv nan on rèv. Nan epizòd 47 la, noute pran plezi analize on ti pati nan tèks chante ki rele "Gad on rèv". Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
47
Epizòd 46 - "Do it right" - Premye anivèsè
Yon ane deja pase depi Fabrice ak Ricardo te demare ak avanti Memo Pòdkas la. 46 zyèm epizòd sa, se te moman pou n te swete tèt nou bòn fèt men tou gade ki diferan etap nou franchi. E pou nou te fè ti egzèsis sa, nou te apiye sou on ekstrè tèks yon chante Zenglen ki rele Do it right. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
46
Epizòd 45 - Lè yon fanm damou - ZATRAP
Kisa yon fanm ka fè lè l damou? ZATRAP te reponn kesyon sa a travè yon mizik. Epizòd 45 la, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te opine sou on ti pati nan tèks chante ki rele "Lè yon fanm damou" an. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
45
Epizòd 44 - Incroyable - Harmonik (Dezyèm Pati)
Nan epizòd 44 la, Fabrice ak Ricardo kontinye analize dezyèm ak twazyèm estròf nan ekstrè yo te pran samdi a pase a. Nap wè jan Harmonik prezante lòt aspè nan fanm lan ki fè li "Incroyable". Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
44
Epizòd 43 - Incroyable - Harmonik
Nan lavi gen bagay ki enkwayab. Harmonik, a travè on tèks trè powetik, t ap montre nou nan ki nivo yon fanm ka enkwayab. Nan epizòd 43 a, Fabrice ak Ricardo te pran plezi pou analize yon ekstrè nan tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
43
Epizòd 42 - Pitit deyò - KLASS
Chak moun gon fado y ap pote. Lè y ap rele on moun "pitit deyò", son pwa lou ki sou do l k ap peze l. Gwoup Klass te trete sijè sa a travè yon chante. Nou menm nan Memo Pòdkas te pran on ekstrè nan tèks sa pou nou te analize nan epizòd 42 a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
42
Epizòd 41 - Ti Mafi (Krezi Mizik)
Yon lòt sijè oze ke Me ak Mo deside manyen jodi a. Pou epizòd 41 an, nou al rale on ekstrè nan tèks "Ti Mafi" ke Krezi Mizik te pote pou nou pou dekri on reyalite ki tris men ki reyèl nan sosyete a. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
41
Epizòd 40 - Paka fè pitit - Gabèl
Gen yon seri de sijè nan sosyete pa nou an ki trete anndan kay paske yo sansib e yo fè mal. Gwoup Gabèl te deside abòde nan yon chante tematik :"Paka fè pitit". Nan epizòd 40 Memo Pòdkas la, Mé ak Mo t ap pataje konpreyansyon yo sou yon ekstrè nan tèks sila. Al tande epizòd la ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
40
Epizòd 39 - Silans konn pale
Li konn enpòtan dèfwa pou nou kite silans nou pale pou nou. Menm jan li konn osi enpòtan pou n pale an silans. Aprè poz Mé ak Mo te pran pou mwa jiyè a, yo tounen ak on epizòd espesyal pou pataje lide sou enpòtans ak pouvwa silans. Al tande epizòd 39 sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
39
Epizòd 38 - Sales Nègres - Jacques Roumain
Nou boukle bèl seri nou an ak yon tèks frapan ki soti lakay: Sales Nègres de Jacques Roumain. Malgre li pa t fondatè mouvman yo rele Negritude la, Jacques Roumain te yon sipòtè angaje ki te pataje menm vizyon ak Aimé Césaire, Léopold Sédar Senghor ak Léon Damas: yon vizyon ki mete diyite, rasin afriken ak revalorizasyon memwa kolonize yo nan sant refleksyon literè. Pou epizòd sa a, Fabrice ak Ricardo pran tan pou dekòtike tèks la selon konpreyansyon yo, mete li nan kontèks li, epi ouvri pòt pou fè nou wè kòlè, fyète, ak revandikasyon k ap degaje. Yon vwa ki leve pou di non kont imilyasyon epi reafiye prezans nou nan listwa. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
38
Epizòd 37 - Femme noire - Léopold Sédar Senghor
Aprè nou te finn analize ekstrè tèks Aimé Césaire ak Guy Tirolien, nou pa ta ka pa pran Léopold Sédar Senghor. Fabrice ak Ricardo kontinye nan manyen kouran "Negritude" la e yo ale nan manman mouvman, Lafrik. Pou epizòd 37 la, MeMo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Femme Noire" ke Léopold Sédar Senghor sèl Afriken nan fondatè mouvman "Negritude" la. Nou pral wè jan a travè bèl kout plim li lap pale de fanm nwa e de kontinen afriken an. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
37
Epizòd 36 - Prière d'un petit enfant nègre – Guy Tirolien
Nan kad lit kont tout fòm kolonizasyon, Guy Tirolien te pran devan pou l tire sonèt la. Li t ap denonse kalite edikasyon yo vle bay ti nèg. On lekòl ki tris, san okenn kreyativite, ki dekonekte ak kilti e koutim on pèp, se li yo vle bay ti nèg. Guy envite n pou n leve kanpe, pou n priye paske nou pa vle ale nan lekòl yo a. Nan epizòd 36 sa, Fabrice ak Ricardo t ap analize on ekstrè de powèm ki titre "Prière d'un petit enfant nègre" Gwadloupeyen Guy Tirolien ekri. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
36
Epizòd 35 - Cahier d'un retour au pays natal - Aimé Césaire
Nou menm ki kite lakay lontan, kilè n ap ka retounen pou n al met men nan pat la? Aimé Césaire, lè l te tounen lakay li te deside pou l pa rete kòm espektatè. A travè vwa l, pwezi l, li te pale pou sila ki san vwa yo, li te aji. Ricardo ak Fabrice, nan epizòd 35 sa t ap pale de yon ekstrè de yon bèl powèm k ap reveye nou. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
35
Epizòd 34 - Fragments d'Haiti et autres poemes - Sarita Cynthia Pierre
Pou klotire mwa me a, ann al dekouvri Sarita Cynthia Pierre, yon fanm, kap pale de yon gwo fanm, Ayiti, manman nou tout. Nan epizòd 34 la, Ricardo ak Fabrice chita pou dekòtike yon ekstrè nan tèks gwo powetès sa. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts epi nap konprann pouki Sarita ap pale de "Terre de feu, de larmes et de courage". Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo epi pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
34
Epizòd 33 - Yon ti pale ak Rose Carlie Mars: FlexiMomPreneur
Koulè feminen pou mwa Me a ap kontinye. Nan kontèks sa, pou epizòd 33, Fabrice ak Ricardo te fon chita pale ak Rose Carlie Mars, yon entreprenè, yon manman ... Li t ap rakonte nou eksperyans li kòm entreprenè e kijan li balanse lekòl, fanmi, lwazi ak biznis li. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
33
Epizòd 32 - L'odeur de ma terre (de mon drapeau) - Emeline Michel
Emeline Michel, nan chante "L'odeur de ma terre" la te di : "On a un drapeau, nou koke l byen wo" Nan epizòd 32 sila, Mé ak Mo te pase a travè on ekstrè tèks sa e te tou pwofite fè on ti klen dèy a drapo ayisyen an n ap selebre nan dat 18 me a. Ant analliz literè ak emosyon kolektif n ap onore tout sa drapo nou reprezante. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w poko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
32
Epizòd 31 - Bòn fèt manman
Nan Amerik di Nò, peyi tankou Etazini ak Kanada selebre manman yo dezyèm dimanch nan mwa me a. Fabrice ak Ricardo dedye epizòd 31 an ak tout MeMordus manman ak manman MeMordus yo. Nou pwofite pou pale de kijan kèk otè pa bò lakay pale de manman. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
31
Epizòd 30 - Chèf Patoutou
Lè ekriti kontre ak kuizin, kreyativite pran gou ak koulè. Nan epizòd 30 la, Fabrice ak Ricardo te gen chans akeyi chèf Patricia Joint. Li ki t ap rakonte nou kijan l fè vin chèf, sa ki make l depi lè nan domèn sa men tou li te profite fè rapwochman ant kèk eleman esansyèl pou byen ekri on tèks ak kèk eleman enpòtan pou byen prepare on pla. Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
30
Epizòd 29 - Jwi la vi w paske Jodi pa Demen
Fabrice ak Ricardo pa nan koulè mouchwa menm si yo pran ekstrè 2 tèks Barikad Crew ak Rockfam Lame-a pou yo analize. Nan epizòd 29 lan, nap konpare 2 klasik sa yo "Jwi la vi w" ak "Jodi a pa demen". Al tande epizòd sila ki disponib sou Spotify, YouTube ak Apple Podcasts. Tcheke epizòd avan yo si w potko tande yo. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
29
Epizòd 28 - Ban m verite vs Istwa kache
Nan epizòd 28 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tèks ki pale de verite pou analize. Yon kote nou gen "Ban m verite" (yon tèks de yon chante entèprete pa Kadilak e Misty Jean) epi yon lòt bò nou gen "Istwa kache" (tèks de yon bèl chante de ansyen gwoup Toxic). Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tèks sa yo ki gen 2 vizyon diferan. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
28
Epizòd 27 - Vagabon for Life oubyen Vagabon Chanje
Nan epizòd 27 la, Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè 2 tèks ki pale de vagabon pou analize. Yon kote nou gen yon "vagabon for life" (tèks ki sou albòm Viktwa ke Kreyol la lage an 2007) epi yon lot bò nou gen "yon vagabon chanje" (Baky sou albòm Chante ap rete chante). Al tande epizòd sila pou dekouvri kijan nou apwoche 2 tèks sa yo ki gen 2 vizyon diferan. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
27
Epizòd 26 - Boutèy Anlè (Klib Mapou)
Pou dekri e denonse reyalite peyi a Klib nan tèks "Boutèy anlè" konpare machann tafya ak politisyen. Se yon ekstrè nan mizik sa ki sou albòm "Mes tourments" Klib ekri, Fabrice ak Ricardo ap prezante nou e analize nan epizòd 26 la. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
26
Epizòd 25 - Medsin, Bodybuilding, Ekriti (Patrice Jean)
Patrice Jean se envite nan epizòd 25 Memo Pòdkas la. Yon medsen de pwofesyon, yon bòdibildè de wo nivo, yon ekriven pasyone; avèk li Fabrice ak Ricardo te fè on bèl ti kozri. Al tande epizòd sila pou dekouvri poukisa se medsin li te chwazi, kijan l te komanse nan koze bat fè e sitou pou kiyès li pran plezi ekri. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
25
Epizòd 24 - Le Spiralisme
"Le Spiralisme": yon mouvman literè ki te kreye nan lane 1960 yo. Frankétienne se youn nan moun ki te kreye l'. Kisa mouvman sa ye? Nan ki objektif yo te kreye? ki karakteristik li? Fabrice ak Ricardo t ap tante reponn kesyon sa yo nan epizòd 24 la. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
24
Epizòd 23 - Sikatris (Baky)
Gon kou w pran ki kite sikatris sou po w. Men gen kou, se nan kè w li kite on mak. Fabrice ak Ricardo pran on ekstrè nan mizik "Sikatris" ke Baky ekri pou analize sak fè atis la trete evenman ki rive l nan maryaj li de sikatris. Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
23
Epizòd 22 - La Forge
Gen chanjman pou w opere nan lavi w an tan ke moun, se nan on fòj pou w pase pou w sibi tout etap transfòmasyon yo. Nan epizòd 22 a, nou te analize kèk bèl metafò vizyèl nou idantifye nan fim ki rele "La forge" la Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
22
Epizòd 21 - Nou pa moun ankò
Konbyen san k pou koule, konbyen rèl pou n rele pou nou ka retounen moun. Lakay pa bon ditou, nou pa moun ankò. Nan epizòd 21 an, nou te degaje sa k sou kè nou pa rapò a sitiyasyon difisil frè n ak sè n ap viv aktyèlman an Ayiti. Nou te apiye sou yon ti ekstrè tèks gwoup Kai ki rele "Nou pa moun ankò" Al tande pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
21
Epizòd 20 - Valè w (Klass)
De kisa valè w depann? Ès ke w se moun w ap tann pou vin met valè sou w? Epizòd 20 sa, se te okazyon pou Fabrice ak Ricardo te echanje opinyon ak konpreyansyon yo sou yon ekstrè tèks gwoup Klass ki rele "Valè w" Tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
20
Epizòd 19 - L'âme des noms (Georges Sylvain)
Kijan w rele? Sa son kesyon ke nou toujou ap reponn pou pèmèt moun idantifye nou. Kisa non sa ou bay la vle di? Kisa li di sou pèsonalite ou? Pou epizòd 19 MeMo Podkas, Fabrice ak Ricardo tap reflechi sou kesyon sa yo a travè yon ekstrè powèm "L'âme des noms" ke Georges Sylvain ekri. Yo pote on bèl Memo-rab pou nou tou nan fen epizòd la. Al tande epizòd la pou w dekouvri sa k t ap di.
-
19
Epizòd 18 - Ak anpil men, nan pwen chay ki lou...alewè pou kalalou ta glise.
Ak yon pwovèb ou ka fè pase anpil mesaj, ou ka bay mizangad, ou ka ankouraje pwechen w tou. Pwovèb ayisyen fasil pou di men yo pa toujou fasil pou konprann. Nan Memo Pòdkas, nou te kontan fè ti pale de pwovòb lakay e menm reflechi sou 2 ladan yo. Al tande epizòd la pou w dekouvri sa k t ap di.
-
18
Epizòd 17 - Makè...! Mete yon envite pou MeMo (Amos François)
Jan MeMo te anonse l deja, memopodkas ap resevwa envite nan kèk epizòd. Pou premye envite yo, Fabrice ak Ricardo te resevwa Amos Francois nan memopodkas. Nan epizòd 17 la, nou pral fè konesans ak travay Amos e kijan li itilize pasyon l pou figi estil. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi.
-
17
Epizòd 16 - "Les femmes savantes" (Molière)
Eske w sonje ti fraz laten sa: Castigat ridendo mores? Si w sonje l wap sonje Molière tou, gwo ekriven teyat nan literati fransèz. Pou epizòd 16 la, Ricardo ak Fabrice pran on ekstrè nan youn nan gwo zèv Molière yo ki rele "Les femmes savantes". Ann fè on kout pye nan disetyèm syèk e reviv tèks sa pandan nap dekouvri kisa ki aplikab ladann l toujou jounen jodi a. Al tande epizòd sila pou dekouvri plis toujou. Pa neglije pataje l ak yon lòt zanmi ou fanmi. Wap jwenn tout lyen nou yo sou: linktr.ee/memopodkas
No matches for "" in this podcast's transcripts.
No topics indexed yet for this podcast.
Loading reviews...
ABOUT THIS SHOW
Memo Pòdkas jwenn enterè l nan analize tout tip tèks. Prezantatè yo ap gen pou touche aspè literal ak literè tèks yo. Ansanm nou pral dekouvri, konprann ak apresye bote anpil zèv ekri.Nou envite w konekte ak nou pou n ka fè ti koze.Rasanble! Nou pote ti memo a pou ou.
HOSTED BY
Fabrice Mésidor, Ricardo Molière
CATEGORIES
Loading similar podcasts...