Tech Talk podcast artwork

PODCAST · technology

Tech Talk

Tech Talk se yon show/live/podcast kote plizyè jèn Ayisyen reyini pou pale de teknoloji, pataje eksperyans yo ak pwojè ki baze sou teknoloji. Espwa yo se enspire lòt jèn pou foure kò yo nan teknoloji, itilize teknoloji pou chanje lavi yo.

  1. 9

    Tech Talk S01E09: Open Mic #projectstargate #deepseek #ai #techtalk

    Nan 9èm epizòd Tech Talk, panelis JGB, Amédée ak Dort Jonathan pale de entèlijans atifisyèl, espesyalman: Project Stargate OpenAI ChatGPT DeepSeek Nouvo pwojè ekip la ki pral itilize entèlijans atifisyèl pou ajoute kèk opsyon avanse

  2. 8

    Tech Talk S01E08: Open Mic #techtalk

    Nan 8èm epizòd Tech Talk, panelis JGB ak Amédée chita sou kèk sijè varye tankou: Kòman Amédée kreye Tchekem, yon magazen anliy, sa yo rele e-commerce tou, ki vann diferan pwodui sou teritwa Ayisyen an Teknoloji ki dèyè magazen sa a epi kòman li konpare ak Shopify Kòman TikTok retabli sou teritwa etazini jis 24 èdtan aprè banisman li Pil konpetisyon TikTok genyen konye a tankou Likee, Clapper ak lòt ankò Pwojè ekip Tech Talk la ap travay sou yo ki gen pou deyò byento

  3. 7

    Tech Talk S01E07: Open Mic #techtalk

    Nan 7yèm epizòd Tech Talk, panelis JGB, Amédée avèk Mr. Spider chita sou kèk sijè varye tankou: Posibilite si TikTok ta bani 19 Janvye Rednote kote anpil moun Tiktok kòmanse anvayi l Bon ak move Itilizasyon Ayisyen sou rezo sosyal yo tankou TikTok Kòman Amédée ap itilize Starlink depi dènye 3 epizòd TechTalk epi li pa di nou anyen 😀 Mizajou sou sit TechTalk la epi yon pwojè diksyonè kreyòl ekip la gen pou mete deyò

  4. 6

    S01E06: Open Mic #techtalk

    https://youtu.be/VQ0jG6YJYI4 Nan 6zyèm epizòd Tech Talk nou chita avèk plizyè nan panelis nou yo pou diskite sou kèk sijè varye epi plan nou pou ane 2025 la.

  5. 5

    S01E05: PGecom avèk Esterling Accime

    Nan 5èm epizòd Tech Talk nou chita avèk Esterling Accime, kreyatè PGecom, pou ba nou detay sou platfòm nan. Nou touche pwen/kesyon sa yo: - Kisa PGecom ye? - Kisa ki motive w kreye PGecom? - ⁠Ki avantaj PGecom bay parapò ak menm lòt kalite sèvis ki disponib an n Ayiti? - ⁠Ki valè difikilte ou te jwenn nan kreye PGecom? - ⁠Ki kontak pou w genyen pou entegre MonCash nan platfòm ou? Paske li sanble difisil anpil. - Kòman biznis PGecom nan ap mache? - ⁠Èske kliyan yo satisfè? - ⁠Ki plan w pou amelyore platfòm nan? - Kòman nou fasilite aprantisaj PGecom pou moun ki pa twò alèz sou entènèt? - ⁠Ki kote ou wè PGecom nan kè ane ankò? An n nan 5 ane konsa. - ⁠Kesyon panelis yo daprè entèvansyon envite a - ⁠Shameless plug

  6. 4

    Tech Talk Ep 04: Social Media Management avèk Arserno Aurélus

    YouTube => https://youtu.be/oYIA6OaAelE Nan epizòd sa a nou chita avèk Arseno Aurélus, yon ekspè nan zafè Social Media/Medya Sosyal/Rezo Sosyal pou touche pwen sa yo: - Kisa social media/medya sosyal ye? - Kisa social media management/jesyon medya sosyal ye? - Kijan Yon moun kapab fòme tèt li nan metye a? - Kibò l ap jwenn fòmasyon? - Konbyen kòb yon moun ki ap travay nan domèn medya sosyal yo kapab touche/fè, ki jan de travay li kapab fè? - Ki mwayen ou ka itilize e ki kote ou ka jwenn kliyan? - Minimòm rezon valab pou yon moun angaje yon social media manager - Èske yon biznismann ki gen yon kliyantèl ki gen anviwon 10 a 20 moun bezwen yon social media manager? - Èske li nesesè pou verifye kont/paj ou? Si wi, kòman ou ka fè sa? - Ki meyè pratik ou ka itilize pou jere imaj ou sou rezo sosyal yo? - Ki difikilte ou te jwenn lè ou te fèk ap kòmanse? - Ki konsèy ou pou jèn/moun ki ta renmen suiv tras ou? - Shameless Plug Panèl la te gen Jean Gerard Bousiquot (JGB), Alectine Schleidens (Mr Spider), Jean Bernard Boursiquot, Jacob St-Jean, Amédée Erns Baptiste, Jonathan Alix Pierre Dort, Racine Paul-Rickson ak Arserno Aurélus.

  7. 3

    Tech Talk Ep 03: Kat Kredi avèk Eustache Luckens Yadley

    Nan epizòd sa a nou touche pwen sa yo: • ⁠Kisa kat kredi ye e konbyen tip kat kredi ki genyen •⁠ ⁠Diferan fòm kat kredi: Kat fizik ak kat vityèl •⁠ ⁠Eksperyans nou ak kat vityèl la •⁠ ⁠Avantaj ak dezavantaj kat vityèl parapò ak kat fizik epi preferans nou •⁠ ⁠Ki kote epi kòman nou ka jwenn yon kat kredi nan peyi a •⁠ ⁠Ki kote epi kòman nou ka jwenn yon kat kredi sou entènèt la •⁠ ⁠Eksperyans nou ak Google Wallet/Pay/Apple Pay •⁠ ⁠Nan kisa yon kat kredi enpòtan nan devlopman ekonomik peyi nou •⁠ ⁠Plas pèman elektwonik nan pwojè teknolojik yo •⁠ ⁠Pwoblèm aksesibilite ak sistèm pèman elektwonik yo: Limit, avantaj ak enkonvenyan yo •⁠ ⁠Ka pratik itilizasyon yo pou yon Moun ki Ayiti ak yon moun aletranje. •⁠ ⁠Bon eksperyans nou ak kat kredi •⁠ ⁠Move eksperyans nou ak kat kredi •⁠ ⁠Ki kote Ayiti kanpe parapò ak kat kredi oubyen pèman elektronik an jeneral •⁠ ⁠Kisa leta peyi a, BRH ak bank yo ap fè pou amelyore sa •⁠ ⁠Kisa nou ka fè pou amelyore sa •⁠ ⁠Kisa nou panse nou bezwen pou ede pouse itilizasyon kat kredi nan peyi a •⁠ ⁠Ki kote nou wè nou nan 5 ane ankò Panèl la te gen Jean Gerard Bousiquot (JGB), Alectine Schleidens (Mr Spider), Jean Bernard Boursiquot, Jacob St-Jean, Amédée Erns Baptiste, Ricardy Domond ak Eustache Luckens Yadley

  8. 2

    Tech Talk Ep 02: Starlink avèk Jacob St-Jean

    Tech Talk Ep 02: Starlink avèk Jacob St-Jean https://youtu.be/rcxNLew8uck Nan epizòd sa a nou: •⁠ ⁠⁠Fè yon rale sou entènèt Ayiti avan nou pale de Starlink •⁠ ⁠⁠Kisa Starlink ye •⁠ ⁠⁠Ki eksperyans nou ak Starlink •⁠ ⁠⁠Kòman Jacob entwodui ak Starlink e kòman li ap itilize li •⁠ ⁠⁠Kòman Jacob fè monte yon biznis ak Starlink e kòman sa ye •⁠ ⁠⁠Èske Jacob rekòmande Starlink parapò ak lòt sèvis entènèt ki disponib yo •⁠ ⁠⁠Konbyen Starlink koute •⁠ ⁠⁠Kisa yon VPN ye e kòman ou ka itilize li ak Starlink •⁠ ⁠⁠Eksperyans nou ak VPN Panèl la te gen Jean Gerard Bousiquot (JGB), Alectine Schleidens (Mr Spider), Jean Bernard Boursiquot, Racine Paul-Rickson ak Jacob St-Jean.

  9. 1

    Tech Talk Ep 01: Entwo

    Nan epizòd sa a nou pale de: •⁠ Kòman nou te kòmanse • Kòman teknoloji evolye an n Ayiti •⁠ ⁠⁠Kòman li afekte lavi nou epi kòman nou ap itilize li nan moman an Panèl la te gen Jean Gerard Bousiquot (JGB), Alectine Schleidens (Mr Spider), Jean Bernard Boursiquot, Ricardy Domond ak Amédée Erns Baptiste.

Type above to search every episode's transcript for a word or phrase. Matches are scoped to this podcast.

Searching…

We're indexing this podcast's transcripts for the first time — this can take a minute or two. We'll show results as soon as they're ready.

No matches for "" in this podcast's transcripts.

Showing of matches

No topics indexed yet for this podcast.

Loading reviews...

ABOUT THIS SHOW

Tech Talk se yon show/live/podcast kote plizyè jèn Ayisyen reyini pou pale de teknoloji, pataje eksperyans yo ak pwojè ki baze sou teknoloji. Espwa yo se enspire lòt jèn pou foure kò yo nan teknoloji, itilize teknoloji pou chanje lavi yo.

HOSTED BY

JGB

CATEGORIES

Frequently Asked Questions

How many episodes does Tech Talk have?

Tech Talk currently has 9 episodes available on PodParley. New episodes are automatically indexed when they're published to the podcast feed.

What is Tech Talk about?

Tech Talk se yon show/live/podcast kote plizyè jèn Ayisyen reyini pou pale de teknoloji, pataje eksperyans yo ak pwojè ki baze sou teknoloji. Espwa yo se enspire lòt jèn pou foure kò yo nan teknoloji, itilize teknoloji pou chanje lavi yo.

How often does Tech Talk release new episodes?

Tech Talk has 9 episodes. Check the episode list to see recent publication dates and frequency.

Where can I listen to Tech Talk?

You can listen to Tech Talk on PodParley by clicking any episode. We provide an embedded audio player for direct listening, and you can also subscribe via your preferred podcast app using the RSS feed.

Who hosts Tech Talk?

Tech Talk is created and hosted by JGB.
URL copied to clipboard!