Èzili Dantò
from Donelo Hosted by Donelo
Intro. Kè kase se yon chante E vanjans se yon lòt priyè Dantò, mwen pa pè lanmò ankò Paske ou montre m li se yon pòt Chorus Mwen dogwe byen ba devan ou, Manman M'a dogwe m byen ba devan ou, Dantò Mwen dogwe byen ba devan ou, Manman Shevroshe m', Shevroshe m', Dantò Verse 1 Tanbou petro mwen yan vrèman radanble m’ Se nan ou sèlman mwen santi m’ atashe m’ Tout move zangi yo, n’ape tchakade tchakade yo Dantò N’ap tchake yo, Dantò Tande kri sakre m’ yo nan mitan lanwit Nan dans, nan nanm, nan batman tanbou lavi Ak Èzili nou pap mouri mò sibit Chak madi, m’ mete florida pou Èzili Prete m’ poulèt poul nwa w la, m’pral fè yon rabadja Prete m’ koshon nwa w la, m’pral fè yon masak la a 7 kout kouto, 7 kout ponya Prete m’ moushwa ble w la, m’pral fè yon masak la a Dantò di m’ pa manje sa, l’ pa renmen sa Dantò di m’ pa manje sa, l’ pa renmen sa yeee Pa manje sa, m’pa renmen sa Byen kanpe pa anpeshe tande Chorus Mwen dogwe byen ba devan ou, Manman M'a dogwe m byen ba devan ou, Dantò Mwen dogwe byen ba devan ou, Manman Shevroshe m', Shevroshe m', Dantò vese 2 Bilolo, Manman Dantò, m’rele Bilolo Ayy, unalinda Maisha ya Watoto Samdi m’ leve m’santi se ou ki nan limyè m’ Ak fòs majik sa, mwen beni lareine tè Mak nan fizaj ou reprezante soufrans Ou te vrèman defann mwen kontre lafrans Mizè ak fòs ou, te chaje ak puisans Ou fèm konnen Haiti gen pou l bon demen Prete m’ poulèt poul nwa w la, m’pral fè yon rabadja Prete m’ koshon nwa w la, m’pral fè yon masak la a 7 kout kouto, 7 kout ponya Prete m’ moushwa ble w la, m’pral fè yon masak la a Dantò di m’ pa manje sa, l’ pa renmen sa Dantò di m’ pa manje sa, l’ pa renmen sa yeee Pa manje sa, l’pa renmen sa Byen kanpe pa anpeshe tande Chorus Mwen dogwe byen ba devan ou, Manman M'a dogwe m byen ba devan ou, Dantò Mwen dogwe byen ba devan ou, Manman Shevroshe m', Shevroshe m', Dantò Verse 3 Ou se vant ki chante lè li grangou Yon lanpòl ki fèt ak lafimen dife Moun pa konprann pawòl ou lè ou pale Paske langaj ou se silans lanmò chorus Mwen dogwe byen ba devan ou, Manman M'a dogwe m byen ba devan ou, Dantò Mwen dogwe byen ba devan ou, Manman Shevroshe m', Shevroshe m', Dantò
Embed this episode
No transcript yet.