Kèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòl episode artwork

EPISODE · Nov 21, 2020 · 1H 7M

Kèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòl

from Koze Kilti Vyòl · host Koze Kilti Vyòl

Nan lane 1974, Erving Goffman, yon kokennchenn sosyològ ameriken ki te travay anpil sou entèraksyon moun ak moun, pibliye Frame Analysis: An essay on the organization of experience. Ladan, Goffman - ki te lengwis tou - montre kijan moun entèprete sa k ap pase nan monn lan atravè kadraj yo genyen. Kadraj la se jan yon sous enfòmasyon defini, konstwi, enfòmasyon sa a. Jan li deside prezante l la tou pral enfliyanse jan moun ki resevwa enfòmasyon an reyaji.  Youn nan pi gwo aplikasyon teyori sa se nan maketing. Maketing itilize kominikasyon pou kreye lakay kliyan an sèten konpòtman ak aksyon espesifik. Kadraj pèmèt li pwovoke konpòtman sa yo. Si m vle w achte alkòl, m pa gen enterè montre w imaj moun ki sou k ap sal kò yo, m ap montre w foto moun k ap fete anvan etap ki pi lèd la. Menm jan tou, si m ap fè kanpay kont alkòl, m ap montre imaj moun k ap vomi, imaj aksidan machin, ak lòt imaj ki pou dekouraje w bwè. Se pou sa maketing se yon biznis 1.7 trilyon dola pa ane; anviwon 176 fwa lajan peyi dAyiti fè nan yon ane. Jan kadraj sa yo vin ankadre kominikasyon nou enfliyanse anpil jan nou entèprete done nou resevwa, jan nou trete yo e sitou jan nou kominike sou yo.  An 1995, yon etid montre nouvèl kadejak ak vyolans domestik ki ekri nan vwa pasiv - kidonk, istwa ki, jan nou te wè l nan premye epizòd la, efase moun ki fè zak la -  fè lektè ak lektris yo plis aksepte vyolans sou fanm sa yo. Menm etid la montre nan jounal yo t ap analize a - ki te Boston Globe - vwa pasiv la itilize defwa pi souvan pase vwa aktiv pou pale de zak sa yo. Nan yon fason pi ekstwòdinè ankò, an 2009, yon lòt etid montre lè se fanm ki fè zak sa yo sou gason, jounalis yo mwens itilize vwa pasiv. Nou konstate menm tandans sa yo nan laprès Ayiti.  Vwa pasiv la se jis youn nan zouti kadraj medya yo itilize pou minime vyolans ki fèt sou fanm. Istwa kadejak tounen eskandal seksyèl, adiltè, gason fanbre … Mo prezime lage tout kote ki kreye dout nan tèt moun k ap tande nouvèl la … Detay grafik ki ranfòse aspè eskandal la olye krim ki komèt la … kadraj senpatik sou sa akize a fè pou kominote a, siksè li nan lavi l, elt…tout bay pwoblèm. Se sou aspè sa, kote fason medya yo pale de viktim yo ankouraje kilti vyòl, envite nou, Widlore Mérancourt pral pale avèk nou. Patisipe nan konvèsasyon an, li epi kòmante biyè nou pibliye sou emisyon an sou kozekiltivyol.com/s01e06. Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Episode metadata supplied by the publisher feed · Published Nov 21, 2020

Embed this episode

NOW PLAYING

Kèk pawòl nou konn tande nan medya e ki patisipe nan kilti vyòl

0:00 1:07:19

No transcript for this episode yet

We transcribe on demand. Request one and we'll notify you when it's ready — usually under 10 minutes.

No similar episodes found.

Frequently Asked Questions

How long is this episode of Koze Kilti Vyòl?

This episode is 1 hour and 7 minutes long.

When was this Koze Kilti Vyòl episode published?

This episode was published on November 21, 2020.

Can I download this Koze Kilti Vyòl episode?

Yes. Use the download control on the episode player to save the publisher-provided media file.
URL copied to clipboard!