Pawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl episode artwork

EPISODE · Oct 31, 2020 · 43 MIN

Pawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl

from Koze Kilti Vyòl · host Koze Kilti Vyòl

Nan Leya Kokoye, yon lodyans Maurice Sixto sou inegalite nan peyi a. Leya, ki te loreyat pwomosyon l nan pedagoji ak daktilografi, ap prepare l pou l ale nan randevou nan Ministè Edikasyon Nasyonal pou l al chèche yon travay. Zafè fanmi Leya pa bon, men Leya gen yon fanmi ki diy. Anvan l kite kay li, manman l raple l pou l pa kite vagabon ranse ak figi li. Minis lan se te yon pa itil, ki gen kòm sèl dokiman sou biwo l yon liv pònografik yo rele Les 27 pauses. Antrevi a pa byen pase, Leya soti imilye. Pandan l ap sòti pral lakay li, medam k ap travay nan biwo a ri li. Akèy sa totalman diferan ak pa Lili de la Fouquechaude la. Li menm,san l pa gen ankenn kalifikasyon, jwenn travay tousuit ak anpil avantaj paske l s on bèl fanm, santibon, ki aksepte sòti ak Minis la. Istwa sa nan lodyans Maurice Sixto a, se reyalite anpil moun sou mache travay la jodi a, kote patwon mande ba yo yon bagay pou moun ka jwenn yon dyòb, rete ladann oubyen jwenn pwomosyon. Se sou aspè sa, kote yon seri pawòl ak pratik nou aksepte nan milye travay yo vin ranfòse dominasyon gason sou fanm nan peyi a, envite nou Chantal Élie, pral pale avèk nou. Patisipe nan konvèsasyon an, li epi kòmante biyè nou pibliye sou emisyon an sou kozekiltivyol.com/s01e03

Episode metadata supplied by the publisher feed · Published Oct 31, 2020

Embed this episode

NOW PLAYING

Pawòl ki aksepte nan kad pwofesyonèl ki ankouraje kilti vyòl

0:00 43:50

No transcript for this episode yet

We transcribe on demand. Request one and we'll notify you when it's ready — usually under 10 minutes.

No similar episodes found.

Frequently Asked Questions

How long is this episode of Koze Kilti Vyòl?

This episode is 43 minutes long.

When was this Koze Kilti Vyòl episode published?

This episode was published on October 31, 2020.

Can I download this Koze Kilti Vyòl episode?

Yes. Use the download control on the episode player to save the publisher-provided media file.
URL copied to clipboard!