Pawòl komedi ki banalize vyòl episode artwork

EPISODE · Dec 12, 2020 · 47 MIN

Pawòl komedi ki banalize vyòl

from Koze Kilti Vyòl · host Koze Kilti Vyòl

Vyolans sou fanm pa yon bagay ki nouvo. Diferan epizòd Koze Kilti Vyòl yo montre akipwen se yon bagay ki byen enstale nan kilti nou, a diferan nivo. Nou wè kijan fason nou pale nòmalize, banalize vyolans ki fèt sou fanm, lè l pa lejitime l. Youn nan kote sa fèt anpil se nan blag, nan jan nou itilize yo pou n fè kadejak, tizonnay ak lòt abi seksyèl pase pou jwèt. Blag kreye lyen sosyal. Li pèmèt dedramatize yon sitiyasyon, detann yon atmosfè, kreye yon espas pataj. Lè nou ri se tout nou menm ki fè bèl eksperyans; fizikman nan kò nou; emosyonèlman nan santiman nou; mantalman nan panse nou. Nou viv chak blag an crescendo. Nou suiv dewoulman istwa a, komedyen prepare n pou n ri, epi nan fen an, s on eksplozyon lajwa. An klè, g on rityèl la; yon rityèl tout moun ki la patisipe ladann, ansanm. Se sa ki rann blag yo puisan, se sa ki fè komedyen ka itilize yo pou edike nou. Castigat ridendo mores jan powèt la te di l la. Menm jan komedi ka korije mès, li ka ankouraje vye mès tou. Nou tout konn wè vye blag sou kadejak ak lòt agresyon seksyèl. Petèt menm nou konn ri yo. Apre tou, lè apre yon match nou di Baselòn sot fè yon kadejak sou Real Madrid, se blag n ap fè, pa gen anyen la. Poutan genyen anpil bagay la. Premyeman, kadejak pa yon bagay komik. Kadejak detwi yon moun fizikman, emosyonèlman, mantalman; pa gen anyen pou moun fè blag la. Dezyèmman mòd pawòl sa yo banalize kadejak. De ekip k ap jwe youn konn lòt, s on bagay yo tou de konsanti, genyen règ ki tabli, yo sipoze respekte; s on jwèt ant de antite ki dakò jwe l. Kadejak pa jwèt, pa gen akò, pa gen respè. Twazyèmman, kadejak pa yon bagay pou n pran alalejè, s on krim li ye. Lè nou trete l konsa, nou reyisi konfòte predatè seksyèl yo nan lide se pa anyen la. Nan lane 2015, yon etid montre koute blag k ap denigre moun fè moun k ap koute l la pi fasil pou fè moun y ap denigre a mal. Se sa k fè dayè, si w pa ri mòd blag sa yo, lòt moun yo ka vire kont ou, paske yo vin sispèk ou. Konsta sa pa nouvo. Nan lane 1660, Thomas Hobbes - ki se yon referans klasik sou kesyon pouvwa - te premye moun ki te pale de sa nou rele teyori siperyorite jodi a. Pou teyori sa, lè piblik la panse li siperyè a moun y ap fè blag sou li a, tout sa k ap denigre sib la parèt li ekstrèmman komik. Se yon teyori ki fokis sou aspè agresif ki genyen nan “humour”. Se de sa nou pral pale avèk Myria Charles, pandan n ap mete fokis nou sou mòd blag ki ankouraje kilti vyòl. Rejwenn konvèsasyon an nan kozekiltivyol.com/s01e09 *** Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Episode metadata supplied by the publisher feed · Published Dec 12, 2020

Embed this episode

NOW PLAYING

Pawòl komedi ki banalize vyòl

0:00 47:30

No transcript for this episode yet

We transcribe on demand. Request one and we'll notify you when it's ready — usually under 10 minutes.

No similar episodes found.

Frequently Asked Questions

How long is this episode of Koze Kilti Vyòl?

This episode is 47 minutes long.

When was this Koze Kilti Vyòl episode published?

This episode was published on December 12, 2020.

Can I download this Koze Kilti Vyòl episode?

Yes. Use the download control on the episode player to save the publisher-provided media file.
URL copied to clipboard!