Pawòl nan mizik ki banalize vyòl episode artwork

EPISODE · Nov 28, 2020 · 36 MIN

Pawòl nan mizik ki banalize vyòl

from Koze Kilti Vyòl · host Koze Kilti Vyòl

Entèsibjektivite se yon konsèp sosyolojik ki defini relasyon ant moun nan sa yo pataje ansanm, kit li konsyan, kit li pa konsyan. Lè n ap kominike youn ak lòt, se sa ki pèmèt nou konprann youn lòt, ajiste nou youn ak lòt, pou kontinye konvèsasyon an. Konsa, ansanm, nou konstwi sans sa n ap pale a, nou konstwi reyalite nou. Lè n ap koute yon mizik - menm jan ak lè n ap apresye zèv nenpòt atis - se menm fenomèn lan. Jan nou resevwa mizik la depann anpil de sa nou pataje ak atis la. Nou bezwen retwouve n nan sa ki di a, pou kominikasyon an pase. An gwo, si son an, pawòl yo, sijè ki abòde a pa di nou anyen, mizik la pa rive sou nou. Yon atis, yon mizisyèn, yon rapè… pa detache de sosyete l ap viv la. Li pale ak li, li pale pou li. Sosyete a enfliyanse l, menm jan li menm li enfliyanse sosyete a. Se nan konsa, atizay vin tounen miwa yon sosyete, yon kote pou l gade tèt li, pou l konprann tèt li tou. Li souvan pèmèt konprann kijan sosyete a wè yon kesyon, kijan l viv li. Nan Koupab, lè Baky ap eksplike n pouki li fè zak li fè a, nou konprann li, nou senpatize ak li, nou dakò ak li. Nan yon sans, se pitit nou tout, bòpè a te vle agrese, e nou tout dakò pou fè tout posib nou pou pwoteje viktim lan. Se sou aspè sa, kote pawòl ki di nan mizik ka enfliyanse jan nou wè agresyon seksyèl  nan peyi a, envite nou Baky Popilè, pral pale ak nou. Patisipe nan konvèsasyon an nan kozekiltivyol.com/s01e07 *** Li pase tou nan 8 radyo lokal. Lis radyo a disponib nan kozekiltivyol.com/radyo.

Episode metadata supplied by the publisher feed · Published Nov 28, 2020

Embed this episode

NOW PLAYING

Pawòl nan mizik ki banalize vyòl

0:00 36:41

No transcript for this episode yet

We transcribe on demand. Request one and we'll notify you when it's ready — usually under 10 minutes.

No similar episodes found.

Frequently Asked Questions

How long is this episode of Koze Kilti Vyòl?

This episode is 36 minutes long.

When was this Koze Kilti Vyòl episode published?

This episode was published on November 28, 2020.

Can I download this Koze Kilti Vyòl episode?

Yes. Use the download control on the episode player to save the publisher-provided media file.
URL copied to clipboard!