Ann Koze podcast artwork

PODCAST · society

Ann Koze

Ann koze se yon podkas ak jèn pou jèn, Ann koze se podkas lajenes la. pou rezon sa map envitew Vin tande Bon ak bèl sijè enteresan kap fomew , kap enfomew, kap fè kew kontan. Ann koze se yon podkas kap soti chak semèn ak yon sijè diferan nan lide pou mete moso lajwa nan kèw, pou kontribiye nan bonè w. Byen vini e mèsi pou sipòw. Ann koze prezante pa Wakenson Plaisimond.Wadoo12p

Publisher-supplied feed metadata · PodParley refreshed Sep 6, 2025 · Source feed

  1. 50

    #63 Girl code. Fanm paka zanmi fanm?

    Nan nouvo epizòd Ann Koze sa a, nou resevwa SJ ak Lady Cays pou yon gwo dyalòg san filtè sou Girl Code — règ, prensip, ak solidarite ki egziste ant fanm yo.Men yon gwo kesyon ki toujou ap poze:Eske fanm se vrèman enmi fanm?Nou pale sou:Girl Code ak valè liJalouzi ak rivalite ant fiEx zanmi, sekrè, respè ak trayizonSitiyasyon reyèl anpil fanm deja vivYon epizòd ouvè, onèt, ak anpil opinyon diferan.🎧 Ann Koze — podcast jenès la, podcast jèn yo.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=mshsUjyJRhiYjkwld7CaJghttps://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  2. 49

    #62 Eske yon fanm ka avòte san konsantman mari l?

    Nan epizòd sa a, ki soti dirèkteman nan youn nan live ki te pi cho yo, nou louvri yon gwo deba san filtè sou avòtman.Èske yon fanm ka fè avòtman san li pa di patnè li?Èske fè pitit dwe planifye… e avòtman tou?Oswa èske se senpleman: kò mwen, chwa mwen?Nou antre tou nan kesyon responsablite gason an.Si yon fanm pran desizyon pou li fè avòtman oswa kenbe gwosès la san li pa mete gason an okouran… èske gason an toujou gen obligasyon paske li se papa biyolojik la?Oswa èske li ta dwe gen yon mo nan desizyon an?Opinyon yo divize, emosyon yo fò, e reyalite yo pafwa difisil pou aksepte.💭 Epizòd sa a pa la pou bay repons… men pou fè w poze tèt ou bon kestyon.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=mshsUjyJRhiYjkwld7CaJghttps://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  3. 48

    #61 Podcast live. ayisyen pa vle abite kot ayisyen altranje.

    Nan epizòd sa a nan Ann Koze, nou pran yon sijè ki cho anpil 🔥 :Poukisa gen kèk ayisyen ki pa vle abite kot ayisyen aletranje oswa menm pa vle idantifye yo kòm Ayisyen ?Soti nan yon live kote plizyè moun te bay opinyon yo, nou rasanble diferan pwen de vi sou kestyon an :🎓 Edikasyon : èske fason nou leve ak aprann enfliyanse jan nou wè tèt nou ?🤝 Solidarite : èske vrèman “Ayisyen pa ede Ayisyen” oswa se yon mit ?🧠 Akseptasyon idantite : èske gen Ayisyen ki gen difikilte pou aksepte orijin yo ? Poukisa ?Se yon konvèsasyon ouvè, san filtè, kote chak moun pote eksperyans pa yo, refleksyon pa yo, ak verite pa yo.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  4. 47

    #60 Lanmou pa egziste.

    Èske lanmou pa egziste vre… oswa se yon ilizyon nou kreye pou nou pa santi nou pou kont nou?Nan epizòd sa a nan Ann Koze, nou pran yon mesaj ki di lanmou pa egziste, epi nou fouye pi fon pou konprann:Poukisa gen moun ki pèdi lafwa nan lanmou apre yon relasyon?Èske se lanmou ki pa egziste… oswa fason nou ap viv li ki pa bon?Èske relasyon jodi a vin tounen yon echanj enterè?Nou pale sou: 💔 Blesi emosyonèl ki fè moun pa kwè nan lanmou ankò💸 Kijan sosyete a ap “monetize” lanmou🧠 Diferans ant bezwen, enterè ak lanmou reyèl❤️ Enpòtans lanmou pou tèt ou anvan ou chèche lanmou lòt moun🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  5. 46

    #59 Podcast live. Eske w ap kite madanm ou oubyen mari w paske l gen movèz alèn?

    Nan yon nouvo edisyon Ann Koze Podcast Live sou TikTok, nou mete limyè sou yon sijè delika men trè enpòtan nan relasyon :👉 Si patnè ou gen move alèn, kijan ou ka pale avè l pou jwenn yon solisyon san ou pa blese santiman li ?Plizyè entèvenan pran lapawòl pou bay opinyon yo, pataje eksperyans pèsonèl yo ak konsèy sou fason pou kominike ak respè, sansiblite ak lanmou.Nou pale sou konfyans nan relasyon, enpòtans ijyèn pèsonèl, epi kijan bon kominikasyon ka ede rezoud sitiyasyon ki konn kreye malèz.Se yon deba ouvè, san jijman, ki ankouraje matirite emosyonèl ak konpreyansyon nan koup yo.💬 E ou menm, kijan ou ta abòde yon sitiyasyon konsa ak patnè ou ?🔥 Vin bay opinyon pa ou nan kòmantè yo👍 Like – Pataje – Swiv Ann Koze pou plis diskisyon reyèl sou lanmou ak relasyon🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  6. 45

    #58 Podcast live pati 3. Kiyes ki dwe depanse plis kob pou fanmi an, si se fi a, kap fe plis lajan?

    Nan epizòd Podcast Live sa a, nou mete sou tab la yon kestyon ki cho anpil nan relasyon jounen jodi a :👉 Si se fi a ki ap fè plis lajan nan relasyon an, èske se li ki dwe depanse plis pou fanmi an ?Ant tradisyon ak reyalite lavi modèn, envite yo pataje opinyon yo san kache sou wòl gason ak fi nan responsablite finansye nan kay la.Se yon gwo deba sou lanmou, respè, pouvwa, egalite ak responsabilite nan relasyon.💬 E ou menm, kisa ou panse ? Ki moun ki dwe pote plis chay finansye nan yon relasyon ?🔥 Kite opinyon ou nan kòmantè yo👍 Like – Pataje – Abòne pou plis deba san baboukèt🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  7. 44

    #58 Podcast live pati 2. Kiyes ki dwe depanse plis kob pou fanmi an, si se fi a, kap fe plis lajan?

    Nan epizòd Podcast Live sa a, nou mete sou tab la yon kestyon ki cho anpil nan relasyon jounen jodi a :👉 Si se fi a ki ap fè plis lajan nan relasyon an, èske se li ki dwe depanse plis pou fanmi an ?Ant tradisyon ak reyalite lavi modèn, envite yo pataje opinyon yo san kache sou wòl gason ak fi nan responsablite finansye nan kay la.Se yon gwo deba sou lanmou, respè, pouvwa, egalite ak responsabilite nan relasyon.💬 E ou menm, kisa ou panse ? Ki moun ki dwe pote plis chay finansye nan yon relasyon ?🔥 Kite opinyon ou nan kòmantè yo👍 Like – Pataje – Abòne pou plis deba san baboukèt🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  8. 43

    #58 Podcast live pati 1. Kiyes ki dwe depanse plis kob pou fanmi an, si se fi a, kap fe plis lajan?

    Nan epizòd Podcast Live sa a, nou mete sou tab la yon kestyon ki cho anpil nan relasyon jounen jodi a :👉 Si se fi a ki ap fè plis lajan nan relasyon an, èske se li ki dwe depanse plis pou fanmi an ?Ant tradisyon ak reyalite lavi modèn, envite yo pataje opinyon yo san kache sou wòl gason ak fi nan responsablite finansye nan kay la.Se yon gwo deba sou lanmou, respè, pouvwa, egalite ak responsabilite nan relasyon.💬 E ou menm, kisa ou panse ? Ki moun ki dwe pote plis chay finansye nan yon relasyon ?🔥 Kite opinyon ou nan kòmantè yo👍 Like – Pataje – Abòne pou plis deba san baboukètNan epizòd sa a, nou ap pale de yon bagay anpil moun pa vle tande: rejè lanmou.Wi, lè yon moun ou vle, pa vle ou. Lè ou bay kè w, men ou jwenn yon “mwen pa santi menm bagay la.”Anpil moun vin pran sa kòm yon ofans, yo vin fè lènmi ak moun ki te jis onèt.Men èske se sa ki nesesè?🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  9. 42

    #57 Gratitude / Yon bèl Thank you.

    Nan epizòd espesyal sa a, Ann Koze pran yon moman pou di mèsi.Mèsi pou fanmi an, zanmi yo, kolaboratè yo, sponsò yo, epi tout moun ki te soutni podcast la pandan ane 2025.Epizòd sa a se pa yon deba, se yon jès rekonesans.Li se tou yon envitasyon pou chak moun pran desizyon pou remèsye moun ki te fè yon bagay pou yo, kit se yon ti jès, kit se yon gwo sipò, menm lè se te yon sèvis peye.Paske remèsiman pa koute lajan,men li gen anpil valè.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  10. 41

    #56 Tout moun sou rezo sosyo se bon moun?

    Nan epizòd sa a, n ap antre pwofondman nan fason moun prezante tèt yo sou rezo sosyo. Paske jodi a, sou ekran an, tout moun sanble janti, sensè, e prèske pafè. Men èske se verite a?Nou pral pale de mask moun mete, estrateji kèk moun itilize pou touche konfyans ou, ak danje ki genyen lè w fye aparans san w pa konnen moun nan an reyèl.Epizòd sa a ap ede w dekode konpòtman sou rezo yo, pwoteje tèt ou kont pyèj emosyonèl, epi konprann diferans ki genyen ant imaj vityèl ak moun ki dèyè ekran an.Si w ap viv nan jenerasyon rezo sosyo, epizòd sa fè pati bagay ou pa dwe rate.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  11. 40

    #55 Valè w depase aparans fizik ou.

    Nan epizòd sa a, nou pale ak tout moun ki tj sibi bullying poutèt fizik yo.Sosyete a renmen fè moun kwè bote se sèl bagay ki bay valè, men se yon manti k ap kraze rèv, kè, ak konfyans anpil moun.Jodi a, Ann Koze vini ak yon mesaj klè:Ou bèl. Ou espesyal. Ou kapab. Valè w depase figi w, kò w, gwosè w, ak tout sa je moun konn jije.Bullying ka fè bri, men li pa ka efase limyè ki anndan w.Episode sa a la pou raple w fòs ou, bote pèsonèl ou, ak kapasite w pou w rive lwen, menm si yo te janm eseye diminye w.➡️ Si ou konn santi w pa ase… epizòd sa a pou ou.➡️ Si fawouch yo te fè w mal… mesaj sa se pou geri w.➡️ Si ou vle reprann konfyans ou pran ti tan gade e koute.Pa gen yon sèl modèl bote, ou Gen bote pa w. 🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  12. 39

    #54 Gen 3 moun ki pi enpòtan pase w.

    Nan epizòd sa a, nou pale sou yon verite anpil moun bliye:pa gen pèsonn ki pi enpòtan pase w.pa gen pèsonn ki pi plis pase w.Sosyete a fè w kwè moun ki gen lajan, pouvwa oswa popilarite gen plis valè pase w…Manti sa yo rive kraze konfyans ou, fè w doute de tèt ou, pran fòs ou pou swiv rèv ou.Jodi a, mwen la pou raple w:Ou entelijan. Ou kapab. Ou se reyisit la menm.kwe nan tet ou.Lè ou imajine fen an, lespri ou kreye mwayen yo pou w rive.Kòmanse wè tèt ou kap viv rèv ou yo.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  13. 38

    #53 Ki zanmi ou dwe valorize?

    Nan yon mond kote anpil moun ap chèche atansyon, validasyon, ak zanmi pou fè bèl foto sou rezo sosyal… vrè zanmi yo vin ra.Epizòd sa a se yon rapèl pou nou rekonèt epi apresye moun ki reyèlman vle wè nou grandi.Nou pale sou kalite zanmi ki mache ak ou nan moman difisil, ki korije ou ak lanmou, ki selebre siksè ou san jalouzi, epi ki mete non ou lè gen opòtinite. Zanmi ki pouse ou pou vin pi bon vèsyon tèt ou.Si ou gen yon moun konsa nan lavi w, ou rich. E si ou pa genyen… se petèt moman pou w reflechi sou kalite relasyon ou ap bati.Tande epizòd sa, pataje li ak yon moun ki merite w rekonesans.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  14. 37

    #52 Nomalize moun ou renmen an pa oblije renmen w.

    Nan epizòd sa a, nou ap pale de yon bagay anpil moun pa vle tande: rejè lanmou.Wi, lè yon moun ou vle, pa vle ou. Lè ou bay kè w, men ou jwenn yon “mwen pa santi menm bagay la.”Anpil moun vin pran sa kòm yon ofans, yo vin fè lènmi ak moun ki te jis onèt.Men èske se sa ki nesesè?🎧 Ann Koze sou sijè a san rans, san ego, san rayi.Ann aprann ansanm pou aksepte “non an” avèk diyite, san pèdi lanmou pwòp tèt nou.Paske pafwa, moun ou vle a pa pou ou — e sa pa vle di ou pa vo lanmou.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5...https://open.spotify.com/show/64OAxFi...Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze?i...Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t...Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sj...

  15. 36

    #51 Aplike metòd miwa a.

    Nan epizòd sa a, nou pale sou yon tèm ki senp men ki gen anpil sans: Metòd miwa a.Se yon fason pou w aprann bay moun menm enèji yo ba ou.Si yo pa swete w bon fèt, pa fache — jis pa fòse bagay yo.Si yo pa montre enterè, pa kontinye pouse.Lavi vin pi lejè lè ou sispann bay plis pase sa w resevwa.Nan epizòd sa a, n ap reflechi sou balans, lanmou pwòp tèt, ak fason pou w pwoteje lapè ou.Tande jis nan fen an, paske gen pawòl ki ka ede w sispann bay kote pa gen rekonesans.🎧 Tande sou tout platfòm yo:Spotify | YouTube | TikTok | Instagram | FacebookSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUyhttps://open.spotify.com/show/64OAxFinvazLBkLs4JiSErInstagram: https://www.instagram.com/annoukoze?igsh=MWd0NnBjNm5tajJjbQ==Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t=ZS-90MbFl18TlC&_r=1Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sjbc7xube4pw&s=09

  16. 35

    #50 Si telefòn ou ak 3% chaj, eske w t ap prete yon lot moun chajè w la?

    Nan epizòd sa a, nou poze yon kesyon senp men pwofon:🔋 “Ou ta p prete chajè w si telefòn ou gen sèlman 3% chaj”Kesyon sa a se yon metafò sou lavi a. Anpil fwa, nou toujou bay lòt moun lanmou, tan, ak enèji nou, men nou souvan bliye tet nou. Men lè nou bouke, lè batri nou dechaje eske nou sonje pran swen tet nou. 🎙️ Nan epizòd sa a, nou pale sou:✨ Enpòtans pran swen tèt ou✨ Diferans ant lanmou ak sakrifis✨ Kijan pou aprann mete tèt ou kòm priyorite san kilpabilite. Sonje: ou pa fèt pou etenn tèt ou pandan w ap limen lòt moun. Ou menm tou, ou merite repo, lapè ak lanmou. 💌📲 Abòne ak chèn lan pou plis epizòd ki fè reflechi ak ki pale sou lavi, lanmou ak tèt nou.🔔 Pa bliye aktive notifikasyon yo pou w pa rate pwochen epizod yo.#AnnKozePodcast #Refleksyon #LanMouPwòp #Motivasyon #ByenetSupport this podcast: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUyhttps://open.spotify.com/show/64OAxFinvazLBkLs4JiSErInstagram: https://www.instagram.com/annoukoze?igsh=MWd0NnBjNm5tajJjbQ==Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?_t=ZS-90MbFl18TlC&_r=1Twitter: https://x.com/ann_koze?t=6Kurh_r8Q7sjbc7xube4pw&s=09

  17. 34

    #49 Ou pa mawozo vre

    Ou pa mawozo vre.Jodi a, anpil moun panse si w chwazi renmen yon sèl moun, si w fidèl, si w pa kouri dèyè chak fanm ki pase devan w, ou se yon mawozo. Men kite m di w yon bagay: sa pa fè w mawozo sa fè w yon moun ki gen prensip! 💯🔥Si w dako ak sa, kòmante anba: "M pa mawozo, mwen eksklizif!" 👇🏾#Mpamawozo #Mweneksplizif #LanmmouReyèl #Fidèlite #Eksklizivite #Respè #ValèTètOu #PaKiteYoFèwDouteSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  18. 33

    #48 Avantaj mete limit

    Avantaj mete limit.Tout moun ki mal alèz ak limit ou yo se paske yo te abitye depase yo. Mete limit pa vle di w egoyis, ni li pa vle di w difisil… li vle di w renmen tèt ou ase pou pwoteje tèt ou. ✨🔥#LimitPaPwoblèm #AmouPwòp #PwotejeTètOu #FèRespèkteW #MeteLimit #KonprannValèW #RelasyonSante #KonvèsasyonReyèl #Haiti #Motivasyon#haitianpodcast#podcast#Podkas#Wadoo12p #Wadooshoot #WakensonPlaisimondSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  19. 32

    #47 Mwen fyè de ou

    Ou te pase nan moman difisil san pèsonn pa remake sa, men ou kenbe fèm, ou avanse, epi ou reyalize anpil bagay. Mwen fyè de ou, fyè pou tout sa ou akonpli, pou tout sa ou reyalize. Pa janm sispann kwè nan tèt ou, kontinye klere!#MwenFyèDeOu #Siksè #Motivasyon #KwèNanTètOu #PaJanmAbandone #LesonLavi #KontinyeKlere #FòsAkDetèminasyonSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  20. 31

    #46 Kominikasyon se kle tout relasyon

    🗣Kominikasyon se kle Tout Relasyon 🗣Kominike ka sove yon relasyon, li ka evite move konprann. Li ka geri. Twòp fwa nou chwazi silans olye nou eksprime sa nou santi… men silans pa toujou pwoteje, pafwa li detwi. Pa rete ak dout. Pa kite laperèz fè w pèdi sa ki enpòtan. Pale.#Pale #Kominikasyon #LapèLespri #KèPoze #FèYonKoze #SanBaboukèt #Relasyon #PawòlGenPwa #AnnKozeSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  21. 30

    # 45 Nomalize moun ou renmen an pa oblije ave w

    💓Li pa oblije ave w.💓Gen moun ou ta renmen nan lavi w, men sa pa vle di lioblije renmen w tou. Se pa paske yon moun pa wè yon avni avè w ki fè w pa ase bon, ni ase valab. Ou merite yon moun ki chwazi w san ezitasyon, san w pa bezwen chanje pou l renmen w. Aprann aksepte, aprann kite ale, epi sonje ou merite yon pi bon.#RenmenTètOu #LanmouPwòp #OuMeritePiBon #FèChwaPouOu #SelfLove #Ayiti #KèPozeSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  22. 29

    #44 Aprann di w pa merite sa.

    🤩Aprann di w pa merite sa. 🤩Lavi a twò kout pou w aksepte move tretman, neglijans, oswa mank de respè. Si yon bagay pa fè w byen, ou gen dwa ale! Chwazi tèt ou se pa egoyis, se lanmou pwòp. Ou vo plis pase sa yo panse a.#LanmouPwòp #SelfLove #RespekteTetOu #MoveTretmanPaPouMwen #MwenVoPlis #Motivasyon #PaPeJanmAle #Ayiti #HaitianInfluencer #HaitianContent #AprannAle #KonprannValew #KonfyanstetouSupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  23. 28

    #43 Ou nan chimen gerizon an

    💛Ou nan chimen gerizon an.💛Gen moman nou santi n ap avanse, men nou pa fin sèten si n rive geri. Men gen kèk siy ki montre w sou bon chemen an! Si ou rekonèt ou nan youn ladan yo, sonje: w ap fè pwogrè!Lavi a pa fasil, men li toujou gen balans pa li. Gen moman difisil, dlo k ap koule, dezòd ki sanble pa janm fini… Men sonje sa: tout moun ki gen bon kè, ki travay, ki konsistan, lavi ap mete yo kote yo merite. Kenbe fèm, gen bèl jou k ap vini.#NapGeri #Pwogrè #SanteMantal #ChanjmanPozitif #KwèNanTetOu #LapèEnteryè #MwenApGeri #VibePozitif #FèwKonfyans #DepasePaseASupport this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/supportSpotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_kozehttps://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  24. 27

    #42 Gen bèl jou k ap vini.

    ❤GEN BÈ L JOU K AP VINI.❤ Lavi a pa fasil, men li toujou gen balans pa li. Gen moman difisil, dlo k ap koule, dezòd ki sanble pa janm fini… Men sonje sa: tout moun ki gen bon kè, ki travay, ki konsistan, lavi ap mete yo kote yo merite. Kenbe fèm, gen bèl jou k ap vini. #Lavi #KenbeFèm #Espwa #Refleksyon #Motivasyon #BonKè #Fòs #TiPaTiPaNapRive #BèlJouYoVini #fòs #limyè Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze https://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  25. 26

    #41 Pa ret atache ak sa k ap fe w mal

    🖤 PA RETE KOLE AK SA K FÈ W MAL 🖤 Gen moun nou kenbe, relasyon nou pa vle lage, sitiyasyon nou tolere… jis paske yo fè nou souri de tan zan tan. Men, èske sa vo lapèn? Èske yon souri ka konpanse tout soufrans, tout dout, tout lanmou ki pa ase yo? Nan videyo sa, n ap pale sou lanmou ki fè mal, sou jan nou konn konfonn ti moso kè kontan ak vrè bonè. Ou merite plis pase ti gout afeksyon ki pa kontinye. Pa pè chwazi tèt ou. Pa pè kite sa k fè w mal pou louvri pòt pou sa w merite vrèman. #PaReteKole #OuVoPlis #MeteTètOuAnPremye #KiteSaKFèWMal #LanmouPaDweFèMal #BonèPaNegosyab #ChwaziTètOu #LaviSanToksisite #OuMeritePiByen #FòkOuReteFò Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze https://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  26. 25

    #40 Kontwole dezi seksyel ou

    Kontwole dezi seksyèl ou, se plis pase yon zak disiplin; se yon fason pou evite manipilasyon epi bati relasyon ki baze sou respè ak onètete. Nan videyo sa a, nou pale sou kijan pou evite tonbe nan dinamik kote sèks itilize kòm yon eskiz pou pwoblèm epi kijan ou ka pran pi bon desizyon pou byennèt ou. Pran kontwòl, fè valè w respekte, paske lavi ou depann de sa. Ou menm, èske w nan kontwòl? Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze https://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  27. 24

    #39 Kek bagay nou konfonn ak lanmou.

    Lanmou pa toujou sa nou panse e kwè, souvan nou konfonn atachman, atraksyon fizik, oswa menm jalouzi ak lanmou. Aprann rekonèt diferans lan e bati relasyon ki baze sou respè, konpreyansyon, ak respè mityèl. Menmsi lanmou se yon emosyon, li mande plis pase santiman pou li reyèl. #LanmouVre #RelasyonSerye #SaSeLanmou #KwèNanLanmou #LanmouAkRespè #AmityeAkKonpreyansyon #RelasyonPozitif #KonpreyansyonMityèl Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze https://youtube.com/@annoukoze?si=4zJoae-OUjEIXQkr

  28. 23

    #38 Nouvo komansman

    Nouvo Kòmansman. Nouvo kòmansman yo difisil, men yo vo efò a. Jodia nan Ann koze nou vle raple w poukisa chak fen se yon opòtinite pou kòmanse ankò, malgre pè a, malgre difikilte yo. Pran kouraj, paske pi bon jou yo toujou devan nou. Pa bliye pataje ak yon moun ki bezwen tande mesaj sa jodia. #NouvoKòmansman #Espwa #Motivasyon #PaBayPèdi #Kouraj #ReveAkAksyon #FèPaOu #ChanjmanPozitif #LaviNouvo #AvanseToujou Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze

  29. 22

    #37 Mete Limit: Pwoteje Lapè ou ak Bonè ou

    Mete limit se yon prèv respè pou tèt ou. Nan videyo sa, n ap pale sou enpòtans pou defini sa ou vle ak sa ou pa vle nan lavi ou, epi kijan pou pwoteje lapè, trankilite emosyonèl, ak bonè ou. Sonje, limit pa egoyis — se yon zouti pou pran swen tèt ou. Gade videyo a, pataje ak zanmi ou yo, epi aprann pran kontwòl sou relasyon ou yo! #MeteLimit #LapèEnteryè #BonèPaNegosyab #PwoteksyonTètOu #TrankiliteEmosyonèl #RespekteTètOu #RelasyonPozitif #SwenTètOu #FòsEnteryè Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze

  30. 21

    #36 Pa fose lanmou

    Pa Fòse Lanmou, kite l koule natirèlman tankou bon dlo fre k ap koule nan rivyè. Li plis ke nesesè pou nou reflechi sou enpòtans pou pa fòse lanmou oswa aksyon nan yon relasyon. Ann aprann valorize jès ki fèt ak volonte, olye ak fet avèk fòs. Relasyon otantik bati sou libète, pa sou presyon. Èske w ap kite bagay yo fèt natirèlman oswa w ap fòse sa ki ta dwe vini nan kè? #PaFoseLanmou #KiteLanmouKoule #RelasyonNatirèl #LanmouAkLibète #PwòpChwa #AksyonKiSotiNanKè #RefleksyonRelasyon #AnnKoze #Motivasyon #AmelyorasyonPèsonèl #TravaySouTètOu #ChanjePouPiBon #refleksyon #haitianpodcast #haitian #podkas #annkoze #wakensonplaisimond #wadooshoot #waadoo12p Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze

  31. 20

    #35 Distans

    Gen moun ki mal konprann distans ou pran pou amelyore lavi ou. Yo panse w gen pwoblèm avèk yo, men an reyalite, ou jis ap chèche yon vèsyon pi bon de tèt ou. Pa janm wont travay sou tèt ou, menm si sa vle di kite kèk moun dèyè. Pran distans ou dwe pran ann. #AnnKoze #Motivasyon #AmelyorasyonPèsonèl #TravaySouTètOu #ChanjePouPiBon #refleksyon #haitianpodcast #podkas #annkoze #wakensonplaisimond #haitiantinstagram #wadooshoot #waadoo12p Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze

  32. 19

    #34 THE BEST WAY TO CHANGE YOURSELF.

    https://medium.com/@aje2499/the-best-way-to-change-who-you-are-is-to-change-what-you-do-aaa329111ddf Dans cet épisode d'Ann Koze, nous plongeons dans l'article "The Best Way to Change Who You Are is to Change What You Do" écrit par Alexis Eddyson Junior. L'auteur nous invite à réfléchir sur l'impact des actions quotidiennes et comment nos choix influencent directement notre identité et nos résultats dans la vie. Ce texte nous enseigne que, pour changer qui nous sommes, il suffit de changer ce que nous faisons, un petit pas à la fois. À travers cet épisode, nous découvrons des stratégies pratiques pour amorcer ce changement et créer une version améliorée de soi-même. L'audio a été généré par IA, offrant une expérience innovante d'écoute et de réflexion. Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze

  33. 18

    #33 GAME CHANGER

    Dans cet épisode d'Ann Koze, nous plongeons au cœur de l'article 'Game Changer,' écrit par Wakenson Plaisimond. Cet article puissant explore comment une personne peut bouleverser notre vision de l'amour, même après des épreuves douloureuses, des ruptures et des cœurs brisés. Ensemble, nous analysons comment cet amour transformateur redéfinit nos attentes, nous redonne espoir, et nous pousse à nous ouvrir à de nouvelles possibilités. Plongez avec nous dans cette réflexion intime et inspirante sur la résilience émotionnelle et les nouvelles chances en amour. Audio generated by AI Support this podcast: https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/support Spotify: https://open.spotify.com/show/5zasBt5sA4lttIK6AHxpUy?si=16c475e9b0a24664 Instagram: https://www.instagram.com/annoukoze/ Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... Twiiter: https://twitter.com/ann_koze @Annoukoze @Wadoo12p

  34. 17

    #32 Ann Koze podcast live. Fimen boz, Mit ak reyalite Ft Dejoe.

    Nan epizod sa nou fe ti koze ak Dejoe, imoris, podkaste sou pratik fimen boz la. Dejoe pale sou eksperyans pesonel li nan pratif fimen boz la.

  35. 16

    #31 Kesyon entim a jenn fi ayisyèn.

    Nan epizòd sa yon gwoup jenn fi ayisyèn ap reponn kesyon entim. Kesyon ou menm Petet ou anvi poze, repons ou menm Petet ou anvi bay. Chapit (00:00) Koumansman (00:31) Entwodiksyon (00:41) Kisaw santi lè w gen règ ou? (01:08) Fi al nan twalèt ansanm (01:51) Eske gwosè a enpotan? (03:58) Mastibe (06:17) fo cheve (07:44) Sentom le w gen règ ou (09:20) Lavi san soutyen (10:11) Pati prefere w nan kò w (10:32) Outro (10:36) Abone (11:00) Fen

  36. 15

    #030 Ann koze podcast live. Asèlman seksyèl, agresyon seksyèl ki diferans?

    Nan epizòd nou fè ti koze ak Kath sou Diferans ant agresyon seksyèl e asèlman seksyèl. Avèk li nou wè enpak asèlman agresyon seksyèl genyen sou vitkim yo. Prevansyon kont asèlman, soutyen pou vitkim yo. Kisa lalwa di sou asèlman ak agresyon seksyèl. Sansibilizasyon pou lite kont asèlman e agresyon seksyèl.

  37. 14

    #29 Jenn ayisyen ap pale de ògasm.

    kek jenn ayisyen ap pale de ògasm. nan epizod sa yo bay definisyon ògasm, yo pale de eksperyans e pote konsey pou moun ki poko janm atenn ògasm yo. Chapit nan epizòd sa. (00:00) Koumansman (00:28) Entwodiksyon (00:37) kisa ògasm lan ye? (01:23) kijnan w santi w lè w ap jwi? (02:23) eske w fè fanm jwi deja? (04:03) eske l enpòtan? (05:27) Fake ògasm. (06:18) konsèy (08:45) Fen

  38. 13

    #28 Diferans ant fe lanmou e fe seks. (Fe bagay)

    Nan videyo sa jenn yo ap pale sou diferans ki genyen selon yo menm ant fe lanmou e fe bagay, pale de ekperysans seksyel yo. Chapit nan epizòd sa (00:00) koumansman (00:05) Entwodiksyon (00:09) fè lanmou e fè sèks (01:45) kisa fè lanmou vle di pou ou? (03:42) kisa fè sèks vle di pou ou ? (05:13) eske w fè lammou deja? (07:10) konsèy (09:18) fen

  39. 12

    #027 Ann Koze podcast live. Saw dwe konnen avanw komanse yon relasyon. Ft @Dede (Red and green flag)

    Dede envite nou nan epizòd sa, fè ti koze avèk nou sou red flag and green flag. (Saw dwe konnen avan w koumanse yon relasyon.)

  40. 11

    #026 Definisyon mo kreyol ayisyen.

    Nan epizod sa kek jenn ayisyen ap bay definisyon mo kreyol ayisyen nou souvan itilize nou pa konn definisyon yo, mo ki pa jeneralman itilize nan sekte nou. si w se yon etranje ki ap aprann kreyol ayisyen epizod sa se pou ou. Chapit nan epizòd sa. (00:00) Entwodiksyon (00:10) Prezantasyon (00:07) Souflantchou (01:25) Dekilakyèl (01:40) Komabo (02:16) Dekiprevyen (02:45) Kolboso (02:55) Salanbe (03:10) Malandren (03:45) Kolokent (04:08) Konklizyon (05:42) Fen

  41. 10

    #025 Eske li enpotan selebre senvalanten?

    Sen valanten se fet lanmou, nan okazyon sa Ann Koze pote pou ou yon videyo kote kek jenn ap pale de sen Valante nan diferan aspe, enpotans li, sal vle di pou yo, e pote ide pou moun ki anvi fete sen valanten. Abone ak chanel youtube la https://youtu.be/ON3BndFmU5g swiv Ann koze sou instagram ak titok. Instagram: https://www.instagram.com/annoukozeut... Tiktok: https://www.tiktok.com/@annou.koze?is... @Annoukoze @Wadoo12p

  42. 9

    #024 Ann koze podcast live. (Body Count) Eske kantite patene seksyel moun lan pase enpotan? Ft Sab.

    Ann koze podcast live. Ann koze gen live chak jedi swa sou tiktok avek yon envite pou yon sije byen espesyal. Nan premye epizod live sa Sab sete envite nou, nou te fe ti koze ave l sou body count. Definisyon body count, kijan sosyete a we body count fi ak gason, eske body count lan enpotan pou yon relasyon an? Se ansam pwen sa nou te abode nan live sa ak opinyon dives envite. Abone ak chanel la, swiv nou sou tiktok, instagram, twitter. Mesi pou sipo w!

  43. 8

    #023 Kisa paran ayisyen dwe chanje Lakay yo?

    Nan epizòd sa plizyè jèn ayisyen tap koze nan Ann koze kisa paran yo reprezante pou yo, kisa paran ayisyen dwe chanje ak lot koze ankò. Mèsi paske wap koute nou. Siw vle gade nou abone ak chanel YouTube nou an. Swiv nou sou Instagram, TikTok ak Twitter.

  44. 7

    #022 Jèn ayisyen ap pale de mastibasyon. (Laponyèt)

    Nan epizod sa kek jen ayisyen ap di koze sou mastibasyon. (Lapnyet) diferan jen sa yo ap di sa mastibasyon vle di pou yo, kisa ki motive yo mastibe e pote konsye pou jen ki poko antre nan pratik mastibasyon an. Pa bliye abone ak chanel la, aktive kloch notifikasyonan an. Bay videyo sa yon like, komante l, patajel pou gen chans gen yon mayo oubyen hoodie Ann koze. Swiv Ann Koze sou tiktok, instagram,ak twitter. Mesi!

  45. 6

    #021 Yon ti koze espesyal.

    Yon ti koze espesyal se premye epizòd Ann koze pou 2023 a. Nan epizòd sa Alexis Jr se envite nou, avel nou komante, bay Konsey sou difieran istwa yo voye ba nou. Ou ka toujou voye istwa paw bay Ann koze, sou whatsapp, instagram, Twitter oubyen pa email, pou nou fe komnate, di sa ou panse, baw Konsey. Mèsi!

  46. 5

    #020 Kilè yon fi pa entrese avè w?

    Kilè yon fi pa enterese avè w? Yon ti koze avek Samy sou kijan ou ka konnen yon fi pa entrese avew, paske se pa tout lè fi ap fè kapris. Nou dwe konn kilè pou nou kite tab la. Koute, pataje, komante. Mèsi ! 😀

  47. 4

    #019 Kisa ki atire yon fi kay yon gason?

    Kisa ki atire fi kay gason? Epizòd sa se yon dezyèm vèsyon de Epizòd avan an, Wimm ak Daph ap koze ak nou sou kisa ki atire gason kay fi selon feeling yo ak eksperyans. Tande, pataje, Komante. Mèsi! https://podcasters.spotify.com/pod/show/wakenson-plaisimond/episodes/018-Kisa-ki-atire-yon-gason-kay-yon-fi-e1k68ch

  48. 3

    #018 Kisa ki atire yon gason kay yon fi?

    Kisa ki atire gason kay fi? Alexis ak Price ap koze ak nou sou kisa ki atire gason kay fi selon feeling yo ak eksperyans. Tande, pataje, Komante. Mèsi! https://spotifyanchor-web.app.link/e/M4MbfdbdeHb

  49. 2

    #017 Yon ti koze sou Zanmitay fi ak gason.

    Eske fi ak gason ka zanmi? Eske zanmitay fi ak gason se danje pou relasyon amourez? Se ansanm pawol sa yo ki koze nan epizod sa. Daph ak Price se envite nou.

  50. 1

    #016 Yon ti koze sou Red flag & Green flag.

    Toujou nan lide pou fomew, enfome w, divèti w nou koz avèk Junior Alexis, Bergarra Magloire sou red flag & green flag nan epizod. Nou gade definisyon red flag ak green flag, nou enonse kèk red ak green flag. Nou pote konsèy pou ou. Tande, pataje, komante. Mèsi !

Type above to search every episode's transcript for a word or phrase. Matches are scoped to this podcast.

Searching…

We're indexing this podcast's transcripts for the first time — this can take a minute or two. We'll show results as soon as they're ready.

No matches for "" in this podcast's transcripts.

Showing of matches

No topics indexed yet for this podcast.

Loading reviews...

ABOUT THIS SHOW

Ann koze se yon podkas ak jèn pou jèn, Ann koze se podkas lajenes la. pou rezon sa map envitew Vin tande Bon ak bèl sijè enteresan kap fomew , kap enfomew, kap fè kew kontan. Ann koze se yon podkas kap soti chak semèn ak yon sijè diferan nan lide pou mete moso lajwa nan kèw, pou kontribiye nan bonè w. Byen vini e mèsi pou sipòw. Ann koze prezante pa Wakenson Plaisimond.Wadoo12p

HOSTED BY

Wakenson Plaisimond

CATEGORIES

Frequently Asked Questions

How many episodes does Ann Koze have?

Ann Koze currently has 50 episodes available on PodParley. New episodes are automatically indexed when they're published to the podcast feed.

What is Ann Koze about?

Ann koze se yon podkas ak jèn pou jèn, Ann koze se podkas lajenes la. pou rezon sa map envitew Vin tande Bon ak bèl sijè enteresan kap fomew , kap enfomew, kap fè kew kontan. Ann koze se yon podkas kap soti chak semèn ak yon sijè diferan nan lide pou mete moso lajwa nan kèw, pou kontribiye nan bonè...

How often does Ann Koze release new episodes?

Ann Koze has 50 episodes. Check the episode list to see recent publication dates and frequency.

Where can I listen to Ann Koze?

You can listen to Ann Koze on PodParley by clicking any episode. We provide an embedded audio player for direct listening, and you can also subscribe via your preferred podcast app using the RSS feed.

Who hosts Ann Koze?

Ann Koze is created and hosted by Wakenson Plaisimond.
URL copied to clipboard!