Skip to content
AyiboLab podcast artwork

PODCAST · news

AyiboLab

by AyiboPost

Chaque semaine, Ayibolab vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions. Animateur: Widlore Mérancourt.

Publisher-supplied feed metadata · PodParley refreshed Apr 11, 2026 · Source feed

Episodes

  1. Men defi Ayiti pral fè fas pou eleksyon k ap vini yo

    Kijan eleksyon ka rive posib nan kontèks peyi a ye la a ? Ricardo Augustin, doktè nan syans politik, pataje analiz li sou kesyon an nan moman gen anpil enkyetid sou dewoulman pwosesis elektoral yo an Ayiti. Ann koute l nan dènye emisyon AyiboLab sa a !

  2. Pratik seksyèl lakay jèn yo, gwo danje ak risk nou dwe konnen !

    Anpil risk nan pratik seksyèl lakay jèn yo ! Doktè Kerry Norbrun esplike tout danje yo. Medsen Jeneralis lan pataje konsèy pratik pou yon pi bon konpòtman seksyèl responsab nan emisyon espesyal AyiboLab sa a. Ann koute !

  3. Yon veritab pwosè pou laverite sòti sou sa ki te pase Lasalin an 2018

    6 lane aprè masak Lasalin nan, yon òdonans lajistis voye yon trantèn moun - pami yo 2 ansyen ofisyèl Leta ki gen non yo site nan masak sa a - jije nan tribinal kriminèl. Èske n ka konsidere masak Lasalin lan kòm youn nan konsekans ensekirite k ap vale teren an, oswa yon masak ki te planifye ? Nan...

  4. Fanm ki gen kansè kòl matris ka ansent ? Vin tande

    Kisa kansè kòl matris lan ye ? Koute Doktè Beaugé Grégory k ap bay plizyè esplikasyon enteresan sou kijan maladi kansè a devlope. Ki prevansyon ou kapab pran ? Se tout kalte enfòmasyon sa yo ki pral brase nan emisyon espesyal Ayibolab sa.

  5. Èske meri yo gen dwa pou kreye polis pa yo?

    Èske yon meri ka genyen pwòp polis li ? Kisa lalwa an Ayiti di sou sa? Se pami divès kesyon ki pral abòde nan emisyon espesyal AyiboLab sa. AyiboPost envite ansyen majistra Tirivyè a, Luc Wans Duvalsaint pou pale de sitiyasyon sa.

  6. Kansè nan tete : tout sa w dwe konnen sou maladi sa

    Men tout sa w dwe konnen sou kansè nan tete. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, AyiboPost envite jinekològ epi kansewològ Fernandel Michel pou ede n konprann kisa maladi kansè nan tete ye ojis. Ann tande l

  7. Mache nwa ak fo medikaman an Ayiti

    Rate medikaman an Ayiti dènye mwa sa yo lakòz mache nwa ak fo medikaman fè kenken nan peyi a. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa, AyiboPost envite prezidan asosyasyon famasyen Ayiti a, Pierre Hugues Saint-Jean.

  8. Plizyè pasyan nan sikyatri pa ka jwenn swen nan Pòtoprens

    Mars & Kline, sèl lopital ki te kontinye ap resevwa pasyan nan sikyatri nan Pòtoprens, pa ka fonksyone jounen jodi a. AyiboPost resevwa sikològ Vinson Bradley Noël ak sikyat Joseph Dimitri Ronald Thadal k ap travay nan lopital lan pou n eseye konprann sitiyasyon an.

  9. Zam jwèt : ki enpak sa ka gen sou timoun an Ayiti ?

    Bay yon timoun zam jwèt kòm kado nan kontèks nou ye an Ayiti a, èske se yon bon lide ? Doktè nan sosyoloji Képler Aurélien ak edikatè Richard Norvil ap debat sou kesyon an nan emisyon AyiboLab sa.

  10. Men libreri ki mwens chè nan Pòtoprens lan

    AyiboPost al vizite libreri ki mwens chè nan Pòtoprens lan. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa, 2 responsab "Livres Solidaires Haïti" ap fè nou vizite e ede nou konprann kijan libreri sa fonksyone an reyalite.

  11. Liv inik, ensekirite, kriz… kijan lekòl pral fonksyone nan Pòtoprens

    Lekòl toujou nan gwo difikilte pou yo louvri an Ayiti. Nan yon kontèks kote anpil lekòl jounen jodiya tounen abri pwovizwa e anpil moun nan Pòtoprens ap kouri kite kay yo pou bandi, AyiboPost envite yon kad nan Ministè edikasyon nasyonal, ak yon pwofesè sendikalis pou debat sou koze sa.

  12. Poukisa kilti ayisyen an pa byen reprezante nan lekòl yo ?

    Sistèm edikatif ayisyen an pa bay kilti peyi a ase enpòtans; sa ki kreye yon dekoneksyon ant divès jenerasyon yo ki lakòz elèv ayisyen an vin pa vrèman konn kilti peyi l. Jacques-Michel Gourgues ki se doktè nan syans edikasyon ak metè an sèn Eliezer Guérismé entèvni sou kesyon an nan emisyon...

  13. Koripsyon ak kriz anpeche bon fonksyònman sendika yo an Ayiti

    Gen anpil koripsyon ak dezòd anndan sendika yo an Ayiti. Nan lide pou pote plis limyè sou fonksyònman sendika yo nan peyi a, AyiboPost resevwa mèt Phillipe Junior Volmar ki se yon avoka spesyalize nan dwa travay ak sekretè jeneral Antèn Ouvriye, Lominy Edmond.

  14. Goud, degouden : men poukisa n pa dwe jete yo

    Goud ak degouden, ti monnen sa yo gen anpil enpòtans nan ekonomi peyi a. Ekonomis Peterson Benjamin Noel ak pwofesè Jims-Carlin St-Hubert ap ede n konprann poukisa nou pa ta dwe janm jete ti monnen sa yo. An n tande:

  15. Anpil katye nan Pòtoprens monte baryè yo

    Gen gwo baryè ki monte nan anpil katye nan Pòtoprens. Se fason sa anpil zòn chwazi pwoteje tèt yo kont ensekirite a nan yon kontèks kote bandi ap pran plis tèritwa chak jou. Men, tout moun pa wè baryè sa yo menm jan, e gen moun li afekte plis pase lòt. AyiboPost envite sosyològ Kesler Bien-Aimé,...

  16. Bò lanmè komin Kafou, pratik «fè tè» a deraye

    Nan komin Kafou, abitan bò lanmè a plede pouse dlo a ak fatra, ranblè, kawoutchou... pou yo ka konstwi kay yo. Se pratik sa ki rele «fè tè» a. AyiboPost te remake danje ki gen nan pratik sa, li envite enjenyè Richard Haspil ak Odnell David pou ede n pi byen konprann sa k ap pase a. An n tande:

  17. Èske gason ka «sage-femme» an Ayiti?

    Gason ayisyen k ap egzèse metye «sage-femme» nan peyi a ap fè fas ak gwo diskriminasyon. Pou fè limyè sou sitiyasyon sa a, AyiboPost envite 2 etidyan «sage-femme», Ronaldo Jeanty ak Hermine Francesca Jean Pierre, epi Jephtanie Mathurin ki se responsab kominikasyon asosyasyon «sage-femme». An n...

  18. Pòtoprens : lè n ap respire a pa nòmal pou lasante

    Lè n ap respire nan Pòtoprens lan reprezante gwo malè pandye pou sante n. AyiboPost envite chimis Job Paul ak medsen jeneralis Ricarven Ovil pou ede n konprann pi byen risk yo. An n koute !

  19. AYITI : atansyon ak anbilans sa yo nan peyi a !

    Se pa tout machin ki make anbilans ki anbilans vre an Ayiti. Anpil mòg lage nan pratik sa a, alòske pa gen kenn ijans vrèman pou yon machin k ap transpòte mò, daprè direktè CAN nan, Didié Herold Louis. Nan emisyon espesyal AyiboLab sa a, li tou pwofite eksplike difikilte sèvis anbilans ap fè fas...

  20. Poukisa depi gen konfli tè an Ayiti, medam yo toujou viktim?

    Depi gen konfli tè, anpil fwa se medam yo ki toujou viktim an Ayiti. Malgre yo konsidere yo kòm motè agrikilti a, legalman anpil ladan yo pa posede tè vre. Kisa ki lakoz? Nan emisyon AyiboLab espesyal sa, nou resevwa Islanda Micherline Aduel ki se manb tèt kole ti peyizan Ayisyen, ak agronòm…

    more
  21. Men poukisa moun pa ka jwenn san nan peyi a

    Pwoblèm san nan peyi a lakoz anpil moun pa ka jwenn swen ki pou sove lavi yo a tan. Selon direktè Centre National Transfusion sanguine lan, si CNTS te ka pwodwi 60 000 jiska 80 000 pochèt san pa ane, yo t ap ka kouvri 90% nan demand popilasyon an aloske reyèlman yo poko janm ka pwodwi 30 000.…

    more
  22. Konprann rapò Ayisyen genyen ak poupe koulè nwa osnon blan

    Poupe nwa yo mwens enterese Ayisyen, daprè konsta AyiboPost fè nan plizyè makèt nan Pòtoprens. Poukisa se poupe blan yo ki plis vann? Èske se yon chwa ki senp? Doktè Irvika François, ki se espesyalis nan syans ledikasyon, pote anpil limyè sou tandans sa a, ki sanse konsène tout kominote nwa nan...

  23. Kafoufèy : Lopital Sanatoryòm nan gwo difikilte !

    Responsab lopital Sanatoryòm Pòtoprens lan, Dr Jean Ardouin Esther Louis-Charles ap eksplike move konesans popilasyon an genyen sou maladi tibèkiloz lan e tout difikilte Lopital la rankontre ni avan, ni aprè nèg ak zam te finn mete yo nan kouri nan Kafoufèy.

  24. Reyalite medya ann Ayiti yo k ap sibi gwo pwoblèm nan kesyon achiv !

    Marc Anderson Brégard ki se direktè jeneral RTVC ak Gotson Pierre, responsab nan Alterpresse ak Medialternatif, ap dekri gwo pwoblèm pwoblèm achiv ki gen nan media an Ayiti epi eksplike kijan sitiyasyon sa afekte antite yo. Gade entèvansyon yo nan emisyon AyiboLab sa.

  25. Tout detay enpòtan pou konprann rezon ki lakòz patrimwàn peyi a tèt anba.

    Sa se katòzyèm AyiboLab pou ane a. Nan nimewo sa, nou envite Iléus Papillon, prezidan obsèvatwa patrimwàn an Ayiti, pou eksplike poukisa li enpòtan jounen jodia pou nou ap pale de memwa ak patrimwàn peyi a. Nou envitew dekouvri enpòtans patrimwàn istorik pou yon peyi nan videyo sa a. ► Pwofite...

  26. Reyalite ak mistè ou dwe dekouvri dekouvri nan endistri tatouaj la an Ayiti a

    Sa a se trèzyèm emisyon ⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan epizòd sa a, ⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠ envite James Zachari (atis tatouaj) ak Alexandra Mizelin (Antreprenè) pou rakonte eskperyans yo kòm moun ki viktim de frap sektè tatouaj la ap pran depi deklanchman mouvman "Bwa Kale" a an...

  27. Temwayaj viktim atak Kafoufèy nan jou ki te samdi 12 dawout 2023 la

    Sa a se douzyèm emisyon ⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠⁠⁠ envite ansyen pòt pawòl SPNH-17 la Abelson Gros-Nègre ak youn nan viktim ki pèdi kay yo nan moman atak la nan jou ki te samdi 12 dawout 2023 a. ► Pwofite dekouvri repòtaj jounalis Jean...

  28. Tray viktim ki te refijye devan anbasad amerikèn yo poko fini !

    Sa a se onzyèm emisyon ⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠⁠ envite 2 pami viktim ki t al refije devan anbasad amerikèn dimanch 23 jiyè 2023. Aprè Lapolis fin chase yo devan anbasad la, viktim k ap kouri pou zak endividi ame yo kontinye ap chèche kote…

    more
  29. Verite sou sistèm sante ann Ayiti aprè lanmò enfimyè Kenia Civil

    Sa a se dizyèm emisyon ⁠⁠⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠⁠⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠⁠⁠ envite Doktè Ricarven Ovil pou ede n konprann tout paramèt ki reprezante kòm fay nan sistèm sante ann Ayiti a e ki ta lakòz lanmò etidyant nan syans enfimyè Kenia Civil nan lopital Laplas Okay. ►...

  30. Reyalite tafyatè sou plas Carl Brouard nan Pòtoprens

    Sa a se nevyèm emisyon ⁠⁠⁠AyiboLab⁠⁠⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠⁠⁠AyiboPost⁠⁠⁠ envite James Danger, ki se travayè sosyal, pou ede n konprann pi byen reyalite konsomatè dwòg ak alkòl nan peyi a, espesyalman sou plas Carl Brouard ke anpil moun rele "Kay Tafyè". ► Pwofite li atik...

  31. Rebel Layonn : Vejetaryen depi 25 lane. Men poukisa.

    Sa a se uityèm emisyon ⁠AyiboLab⁠ nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, ⁠AyiboPost⁠ envite James Vergneau, ki gen pou non atis li Rebel Layonn, pou vin pataje eksperyans li antanke vejetaryen depi 25 lane. Reggaeman nan di vejetarism se yon pratik ki gen anpil enpòtans pou li. L ap ede n…

    more
  32. Men kisa ouvriye nan faktori yo ap mande ojis !

    Sa a se setyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite yon sendikalis k ap defann dwa ouvriye nan faktori yo pou konnen e konprann kisa ojis ki dèyè manifestasyon y ap fè yo. Li pa kache anyen. Pwofite li atik jounalis Jérôme Wendy Norestyl ekri sou sitiyasyon an…

    more
  33. Pwopozisyon pou ede wete Ayiti nan kriz alimantè jodi a

    Sa a se sizyèm emisyon AyiboLab nou pou lane 2023 a. Nan emisyon sa a, AyiboPost envite ekonomis Etzer Emile ak agwonòm Jean Luc Saint Pierre, yo abòde nannan kriz alimantè k ap ravaje Ayiti a, e yo pwopoze kèk solisyon pou ede wete peyi a. ► Klike sou Ensekirite alimantè pou w dekouvri tout…

    more
  34. Ayiti : Kriz sanitè a agrave akòz medsen k ap kite peyi a

    Sa a se senkyèm emisyon AyiboLab pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, AyiboPost panche sou kriz sanitè ann Ayiti ki vin agrave akòz medsen espesyalize k ap vire do bay peyi a. Jounalis Fenel Pélissier ekri pou AyiboPost yon seri atik sou sijè a. Nou envite l nan emisyon jodi a. Ou ka pwofite li atik...

  35. Sitiyasyon malouk moun soud yo ann Ayiti

    Sa a se katriyèm emisyon AyiboLab pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, AyiboPost panche sou sitiyasyon malouk moun soud yo ap viv ann Ayiti akoz klima ensekirite k ap layite nan peyi a. ► Ou ka pwofite li atik sa a tou, jounalis Abimaël-Romilus Sévère ekri : Tués parce qu’ils ne pouvaient pas entendre

  36. Sit touristik Labadie rete vivan, malgre kriz peyi a

    An 2022, sit touristik Labadie resevwa 400 000 touris ak 133 bato kwazyè, malgre divès alèt wouj yon latriye peyi tankou Etazini ak Angletè te mete sou Ayiti. Ou ka li atik la : Labadie a reçu 400 000 touristes et 133 bateaux de croisière en 2022 – AyiboPost

  37. Men nan ki eta ensekirite a lage depatman Latibonit

    Latibonit debòde. Gang ame yo kidnape mezi tè peyizan yo. Sitwayen yo pa ka jwenn manje. Ensekirite a lage depatman plat atè. Nou diskite ak 2 jounalis AyiboPost ki se moun Latibonit, pou ede n konprann sitiyasyon an. Ou ka li atik yo a la : Artibonite : les agriculteurs forcés d’abandonner leurs...

  38. Leyla McCalla : atis amerikèn sa a soti yon albòm, se Radio Haïti Inter ki enspire l li. Men poukisa

    Atis amerikèn Leyla McCalla, ki gen rasin parantal li ann Ayiti, fenk soti yon albòm, se Radio Haïti Inter ki enspire l li. «Breaking the Thermometer» ki se tit albòm nan, se kòmansman yon fraz editoryal Jean Léopold Dominique, ansyen jounalis wòdpòte radyo a. Nan videyo sa a, Ervenshy Hugo...

  39. Konprann istwa maladi chabon an Ayiti

    Konprann istwa maladi chabon an Ayiti

  40. Dosye ki konsène pwòch Jovenel Moïse yo kanpe apre desizyon li pran pou revoke kèk jij

    Dosye ki konsène pwòch Jovenel Moïse yo kanpe apre desizyon li pran pou revoke kèk jij

  41. Tande jwè seleksyon an k ap plenyen pou lajan Gold Cup yo pa resevwa

    Tande jwè seleksyon an k ap plenyen pou lajan Gold Cup yo pa resevwa

  42. Poukisa Jacques Stephen Alexis nan litij, alòske l mouri depi 60 an ?

    Poukisa Jacques Stephen Alexis nan litij, alòske l mouri depi 60 an ?

  43. Fo anplwaye anvayi palman an

    Fo anplwaye anvayi palman an

  44. Konprann poukisa fo diri madan Gougous anvayi Ayiti

    Otorite k ap jere koze lakilti nan ministè agrikilte di li panse varyete diri Madan Gougous la ka egzite alòske pou gran plantè yo, varyete diri sa a disparèt depi byen lontan anndan peyi a

  45. Pa gen pyès kontwòl sou medikaman k ap rantre Ayiti

    Leta Ayisyen pa mete moun sou fwontyè ak ladwàn pou verifye si medikaman k ap rantre yo pa pwazon

  46. Yo te di l fouye twou l pou yo antere l. 52 zan apre masak Kazal, Anselme Benoit mouri.

    27 Mas 1969, rejim diktati François Duvalier a masakre 23 moun nan Kazal. Memwa viktim ak rezistan rejim bout di sa a rete grave nan lespri moun Kazal

  47. Pi fò fakilte medsin an Ayiti ilegal

    Une dizaine de facultés de médecine en Haïti forment des médecins non reconnus par l’État

  48. Ki pwojè Jean Jacques Pierre genyen pou seleksyon an ?

    Dènye nouvèl sou seleksyon nasyonal la

  49. Tout sa w dwe konnen sou USGPN

    Semèn sa a, n ap tounen sou atik: La longue liste des actions illégales de l’unité qui a mené « l’opération Petit Bois »

Type above to search every episode's transcript for a word or phrase. Matches are scoped to this podcast.

Searching…

We're indexing this podcast's transcripts for the first time — this can take a minute or two. We'll show results as soon as they're ready.

No matches for "" in this podcast's transcripts.

Showing of matches

No topics indexed yet for this podcast.

Loading reviews...

ABOUT THIS SHOW

Chaque semaine, Ayibolab vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions. Animateur: Widlore Mérancourt.

HOSTED BY

AyiboPost

CATEGORIES

Frequently Asked Questions

How many episodes does AyiboLab have?

AyiboLab currently has 85 episodes available on PodParley. New episodes are automatically indexed when they're published to the podcast feed.

What is AyiboLab about?

Chaque semaine, Ayibolab vous plonge au coeur de la rédaction d’Ayibopost. Il vous fait entendre nos journalistes sur le terrain et nous donne l’occasion de répondre à vos questions. Animateur: Widlore Mérancourt.

How often does AyiboLab release new episodes?

AyiboLab has 85 episodes. Check the episode list to see recent publication dates and frequency.

Where can I listen to AyiboLab?

You can listen to AyiboLab on PodParley by clicking any episode. We provide an embedded audio player for direct listening, and you can also subscribe via your preferred podcast app using the RSS feed.

Who hosts AyiboLab?

AyiboLab is created and hosted by AyiboPost.
URL copied to clipboard!