Skip to content
Chita pale ak AyiboPost podcast artwork

Chita pale ak AyiboPost

by AyiboPost

Diskisyon sou Ayiti ak Widlore Mérancourt, editè an chèf AyiboPost

From the show's RSS feed, refreshed Apr 7, 2026. Source feed.

Subscribe Bookmark

Episodes

  1. Trump chanje politik imigrasyon Etazini, men ki kategori imigran ki an danje

    Avèk nouvo administrasyon Trump lan, ki kategori moun Ozetazini ki vrèman afekte pa chanjman politik imigrasyon an? Mèt Eddy Laguerre pote limyè sou sijè a nan ChitaPale tou nèf sa a. Pa rate enfòmasyon esansyèl sa yo. Ann koute!

  2. Patrimwàn dokimantè Ayiti a menase | Achivis Patrick Tardieu

    Nan mitan ensekirite ak katastwòf natirèl, li enpòtan pou n pale de patrimwàn dokimantè Ayiti a. Paske, jesyon dokiman sansib anpil pou memwa yon peyi ! Achivis Patrick Tardieu pote enfòmasyon nesesè nan emisyon #ChitaPale sa a, ann koute !

  3. Men kisa MSF swete Lapolis ak popilasyon an konprann

    Medsen San Fwontyè bay esplikasyon sou rezon ki fè yo te deside kanpe tout aktivite yo. Alatèt misyon MSF la, Diana Arroyo ak Nathalie Bernard pataje detay enpòtan sou yon seri ensidan grav estaf MSF lan sibi dènye ane sa yo. Ann koute nan dènye emisyon #ChitaPale sa a.

  4. Ayisyen ki vle rete legal Etazini, men kèk konsèy pratik

    Ki Konsekans yon prezidans Trump ka genyen sou dyaspora Ayisyèn nan ? Mèt Eddy Laguerre, yon avoka k ap pratike nan Eta Florid ap bay plis detay nan emisyon espesyal ChitaPale sa a. L ap bay konsèy legal pratik pou Ayisyen k ap chèche konnen kisa pou yo fè si yo gen TPS, oubyen yo te pati nan...

  5. Esplikasyon Michèle Oriol sou pwoblèm amenajman teritwa an Ayiti

    « Petyonvil pa yon vil kolonyal, se nou ki fè l », se pawòl Michèle Oriol, ansyen sekretè egzekitif CIAT k ap analize sa ki lakòz vil Pòtoprens ak lòt vil nan peyi a nan eta yo ye jodi a. Ann koute sosyològ la nan emisyon Chita Pale espesyal sa a.

  6. Men kijan lopital LA PAIX rive fonksyone - Dr. Paul Junior Fontilus

    Doktè Paul Junior Fontilus ap esplike kalite difikilte li menm ak tout ekip li rive rankontre nan lopital LA PAIX, men yo rive fonksyone kanmèm. Ann koute doktè Fontilus nan emisyon Chita Pale espesyal sa a.

  7. Pozisyon Jerry Tardieu sou dènye desizyon politik yo an Ayiti

    «Ayiti se yon peyi ki ajenou, sosyete nou an efondre», daprè Jerry Tardieu, ansyen Depite Petyonvil, k ap analize reyalite politik Ayiti nan moman an. Konsèy prezidansyèl, premye minis, ensekirite, eleksyon... se pami gran pwen k ap abòde nan emisyon Chita Pale sa.

  8. «Ayiti rann yon bagay ki te enposib posib» - Jean Waddimir Gustinvil

    «Ayiti kreye yon mond san esklav, li rann yon bagay ki te enposib posib», daprè pwofesè Jean Waddimir Gustinvil. Nan emisyon Chita Pale sa a, Doktè nan Filozofi a ap analize kòman yon peyi ki fè 1804 rive nan kafou li ye jodi a.

  9. AYITI : «Nou nan prizon», daprè Monique Clesca

    «Nou nan prizon» an Ayiti, daprè ekrivèn Monique Clesca. Antanke manb Biwo suivi Akò Montana, li Chita Pale ak AyiboPost sou reyalite sosyo-politik peyi a.

  10. Jacky Lumarque : tout detay sou enpak kriz peyi a sou Inivèsite Kiskeya

    Jacky Lumarque, rektè Inivèsite Kiskeya, chita pale ak AyiboPost pou bay limyè sou enpak kriz peyi a gen sou inivèsite a, ki pran anpil frap dènye ane sa yo. Koz yo anpil. Li bay anpil detay. An n tande l nan emisyon chita pale espesyal sa a.

  11. La rédaction d’AyiboPost échange avec l’Ambassadeur de l’UE, Stefano Gatto

    L'ambassadeur de l'Union Européenne s'est prononcé sur la question des élections et de la migration en Haïti. Dans ses échanges avec la rédaction d'AyiboPost, il a également abordé la coopération de l'UE avec le gouvernement haïtien ainsi que les violences faites aux femmes.

  12. Ariel Henry, Caricom, Eleksyon...: men detay sou sa k ap pase yo

    Pòt pawòl akò Montana a, Jacques Ted Saint-Dic, devwale pou AyiboPost reyalite k ap pase dèyè rido politik peyi a. Li pwofite pote limyè sou akò Montana a, diskisyon ak Caricom, pozisyon Ariel Henry nan kriz peyi a, dosye eleksyon... Yon Chita Pale espesyal ou dwe gade.

  13. Le combat de "Médecins Sans Frontières" pour sauver des vies en Haïti

    Dans cet épisode de "Chita Pale", AyiboPost a reçu le Dr. Jean-Marc Biquet, chef de mission de MSF Belgique en Haïti, ainsi que le Dr. Néri Georges, médecin urgentiste chez MSF. Ils ont échangé sur la mission de MSF en Haïti, les initiatives de l'organisation dans le pays, et ont abordé la...

  14. Kamoken sou Divalye an 1964 : kiyès yo te ye

    Kamoken se non yo bay yon gwoup moun ki t ap batay kont rejim Divalye a. Sineyas Rachèle Magloire ap eksplike orijin Kamoken yo ak istwa gwoup sa ki te debake nan Sidès peyi a pou tante jete rejim Divalye an 1964. Se malerezman yon istwa anpil ayisyen prèske fin bliye. Nou envite w suiv Chita…

    more
  15. Konprann ensekirite alimantè ann Ayiti

    Sa a se twazyèm Chita Pale AyiboPost pou lane 2023 a. Nan nimewo sa a, Agwonòm Harmel Cazeau, ki se kowòdonatè CNSA, ap ede n konprann fenomèn Ensekirite alimantè k ap ravaje jounen jodi a. ► Klike sou Ensekirite alimantè pou w dekouvri tout travay nou pibliye sou tematik sa a.

  16. Dr Edelyn Dorismond : yon koudèy filozofik sou vyolans jeneral ann Ayiti

    Ki wòl lapolis, gang yo ak gouvènman an plas la jwe nan tabli vyolans ann Ayiti ? Doktè nan filozofi, Edelyn Dorismond reponn kesyon sa a, ak anpil lòt nan Chita Pale sa a :

  17. Men kijan pou Ayiti bay tèt li manje ─ Dr. Gaël Pressoir

    Ayiti gen resous ak mwayen pou rezoud pwoblèm manje ak pwodiksyon l ap fè fas jodi a. Gen anpil desizyon ki dwe pran pou sa. Dr. Gaël Pressoir, ki se Dwayen Fakilte agwonomi ak anviwònman nan Inivèsite Kiskeya (UNIQ) ap ede n konprann sa k ap pase.

  18. Prezidan ak minis akò Montana nan Chita Pale

    Ensekirite, salè minimòm, negosyasyon ak Ariel Henry... Steven Benoit ak Fritz Jean ki eli nan kad akò Montana a se envite premye epizòd dezyèm sezon Chita Pale ak AyiboPost

  19. Chita Pale ak Me Samuel Madistin, FJKL

    Chita Pale ak FJKL Michel-Ange Gédéon Referandòm

  20. Poukisa Dave Fils Aimé, ansyen etidyan Harvard, vin travay Matisan ?

    Dave Fils Aimé kite Ayiti a 12 zan ak yon viza touris. Ozetazini, li rive etidye san papye nan Yale ak Harvard, ki se 2 nan pi gwo inivèsite peyi sa a. Jodiya, Fils Aimé tounen Matisan pou l vin ankadre jenn nan katye popilè kote l te leve. Òganizasyon li, Baskètbòl pou ankadre lajenès ki lanse…

    more
  21. Chita pale ak James Beltis, Nou p ap dòmi

    Ki pozisyon Nou P ap Dòmi sou kriz la ? Poukisa yo te deside temwanye sou kriz la nan kongrè ameriken an ? Eske se pou fè divèsyon lapolis te fè operasyon Vilaj de Dye a ? N ap diskite ak aktivis James Beltis

  22. Pawòl nou refize di sou ensekirite an Ayiti avèk sosyològ Roberson Édouard

    N ap envite w tande diskisyon sou fenomèn ensekite a nou fè ak Roberson Edouard ki se yon doktè an Sosyoloji... Sosyològ la ap eksplike anpil bagay nou refize di sou ensekrite an Ayiti. Dapre li, ensekirite a kòmanse ak gwo potanta nan Leta ki refize soumèt yo a lalwa

  23. Chita pale Sharma Aurélien, direkris egzekitif SOFA

    Anpil òganizasyon feminis ap manifeste samdi 3 avril sa. Poukisa yo chwazi dat sa a? Kijan ensekirite ak kidnapin afekte fanm yo? Solidarite fanm Ayisyen rantre nan yon batay avek Andy Apaid pou yon teren Savann Dyann. Kisa dosye sa ye e nan ki etap li ye ? Jwenn repons ak kesyon sa yo nan Chita...

  24. Chita pale ak Dr. Réginald Boulos

    Chita pale ak Dr. Réginald Boulos

  25. Chita pale avèk Jerry Tardieu

    Chita pale avèk Jerry Tardieu

  26. Chita pale ak Lyonel Trouillot

    Nan diskisyon sa a, ekriven Lyonel Trouillot pale de "rasis" nan kominote entènasyonal la, prekarite ki gen kay moun doktora ki deside travay ak Jovenel Moïse, epi eske Fantom dwe al jwe pou gang nan Vilaj de Dye

  27. Chita pale sou laprès ak Hérold Jean François

    « Nan lemond, yo pa bay bandi aksè a medya », Hérold Jean François di. Nan chita pale sa, responsab Radyo Ibo a eseye reponn kesyon « èske laprès Ayiti lib vrèman », lè nou konnen jounalis yo paka travay sou anpil sijè sansib pou pwoteje lavi yo. Èske pratik rapòte sa otorite di san mete l nan...

  28. Diskisyon ak Karl Foster Candio

    Èske nou dwe remèt peyi Dayiti bay legliz?

  29. Chita pale ak Etzer Emile

    Chita pale ak Etzer Emile

About this show

Diskisyon sou Ayiti ak Widlore Mérancourt, editè an chèf AyiboPost

Hosted by

AyiboPost

Categories

Frequently asked questions

How many episodes does Chita pale ak AyiboPost have?

Chita pale ak AyiboPost has 30 episodes on PodParley. The most recent episode was published on April 1, 2025.

What is Chita pale ak AyiboPost about?

Diskisyon sou Ayiti ak Widlore Mérancourt, editè an chèf AyiboPost

How often does Chita pale ak AyiboPost release new episodes?

Chita pale ak AyiboPost publishes about every 50 days, based on its 30 episodes since April 2021.

Who hosts Chita pale ak AyiboPost?

Chita pale ak AyiboPost is created and hosted by AyiboPost.
Link copied