Skip to content
Dòtwa Talks podcast artwork

Dòtwa Talks

by Chesly Junior Celestin

Yon pòdkas an kreyòl. Nou nan yon misyon pou enspirew e kraze baryè ki mennen nan opòtinite dirèk, bous, pou etidye a letranje. Nou fè sa atravè pataj eksperyans lòt ayisyen ki etidye a letranje, pibliksyon enfòmasyon, ak kreye lyen ant jèn ayisyen ki gen enterè a yon etid ak moun ki nan pozisyon pou ba l konsèy pèsonalize.

From the show's RSS feed, refreshed Jan 21, 2024. Source feed.

Subscribe Bookmark

Episodes

  1. Rechèch ak inovasyon nan domèn jeni sivil, pakou Fermodelie Paul - EP14

    Yon konvèsasyon ak Fermodelie Paul, yon jèn ayisyèn ki ap pouswiv yon doktora nan Jeni Sivil nan eta Arizona, Ozetazini. Avan sa, li te fè lisans ak metriz nan peyi Taiwan. Li pataje eksperyans li ak sa ki te enspire l, epi li mete aksan sou enpòtans preparasyon ak opòtinite. Yon bèl konvèsasyon,...

  2. Marc-Ansy: Bous Fulbright, Rechèch nan Jeni Sivil ak Entèlijans Atifisyèl -EP13

    🎙️ Nou pale ak Marc-Ansy Laguerre, yon jèn Ayisyen ki aprè etid Jeni Sivil an Ayiti, te jwenn bous Fulbright pou etidye yon mastè nan Pittsburgh epi fè yon doktora nan Rice University, Texas.Eksperyans li ak tranblemanntè 2010 la an Ayiti te pouse l chwazi jeni sivil, jodi a li pe fè de rechèch…

    more
  3. De Ayiti a Montreal: Eksperyans etid ak pwofesyonèl Leince - EP12

    Nou fè yon chita pale ak Leince, yon Ayisyen ki ap etidye nan Politeknik Montreal. Li pataje eksperyans li nan Kanada, defi li te rankontre, ak konsèy pou etidyan ki vle swiv menm chemen an. Yon konvèsasyon pou enspire w! 🇭🇹🇨🇦✨

  4. Ayiti - Trinidad ak Tobago - Fidji - Taiwan: Etid, vwayaj ak eksperyans inik Randy - EP11

    Tande Epizòd sa a – Nou pale ak Randy, yon Ayisyèn ki teSoti Ayiti pou etidye, nan peyi Trinidad ak Tobago, ansuit al fè yon mastè nan zile Fidji epi kounye a ap fè yon doktora nan Taiwan. Li pataje eksperyans li, defi li te rankontre, ak leson li aprann sou wout li. Yon konvèsasyon enspiran sou...

  5. Dòtwa Talks, objektif ak pèspektiv - EP9

    Nan epizòd sa a, w ap jwenn konvèsasyon dinamik ant fondatè Pòdkas la, kote yo prezante tèt yo, pataje istwa pèsonèl yo, pasyon yo, ak sa ki te enspire kreyasyon podcast la. Yo pale de objektif podcast la, mete aksan sou angajman yo nan devlope konvèsasyon ki pote refleksyon sou de sijè spesifik,...

  6. Kwonik Quebec: Apèsi sou pwosesis admisyon, ak eksperyans lavi etidyan - EP10

    Nan epizòd sa a, nou akeyi yon envite ki pataje eksperyans li nan etidye nan Quebec, Kanada. Plonje nan yon konvèsasyon kaptivan pandan envite nou an ap devwale sibtilite pwosesis aplikasyon an, ofri enfòmasyon ki gen anpil valè pou potansyèl elèv yo. Soti nan melanj inik kiltirèl la rive nan...

  7. Yon doktora nan sibè sekirite, ak yon pye Lafrans pandan lòt pye a Kanada - EP8

    Antre nan yon vwayaj entèresan avèk nou nan epizòd sa, kote nou plonje nan yon konvèsasyon kaptivan ak envite nou a. Yonn jèn ki fèt e leve Ayiti, avanti lavi li te mennen l yon jou pran avyon pou Meksik, kote li te diplome nan syans ki relye ak domèn teknoloji enfòmatik. Ansuit, li te tou mete…

    more
  8. Soti Ayiti rive Rutgers University nan New Jersey: Yon vwayaj edikasyon ak pouswit ekselans - EP7

    Nan epizòd kaptivan sa a, nou fouye nan istwa yo jèn ayisyèn ki ap etidye nan peyi Etazini. Rejwenn nou pandan n ap dekouvri pakou Kedassa a, depi nan edikasyon li ann Ayiti rive nan eksperyans li k ap etidye Ozetazini. N ap eksplore aktivite akademik li yo, defi li te rankontre yo, ak...

  9. Erasmus +, yon opòtinite pou etidye nan plizyè peyi ewopeyen an menm tan - EP6

    "Yon vwayaj atravè Bèljik ak Lafrans ak Erasmus +" Yon epizòd eksitan nan Dòtwa Talks, vin jwenn nou pandan n te nan yon konvèsasyon kaptivan ak Magdalée, yon jèn ayisyèn ki resevwa bousdetid Erasmus+ ki t ap pataje eksperyans remakab li an Ewòp. Envite nou an mennen nou nan yon avanti vityèl,...

  10. Lafrans kòm destinasyon pou etid siperyè - EP5

    Lafrans se youn nan peyi jèn ayisyen renmen vize pou etid siperyè yo, paske yo deja metrize lang lan, e sistèm etid la ase similè ak pa Ayiti a, de faktè ki rann adaptasyon an pi fasil pou nou. Nan epizòd sa ak Ruth Desamour, ki fè yon master na peyi sila, nap aprann kòman l te fè pou rann sa...

  11. Etidye nan peyi Bèljik - VLIR-UOS Scholarship - EP4

    Semèn sa nou te chita pale ak Esterlin, yon konpatriyòt nou kap etidye nan inivèsite Gent, Bèljik. E kòm d'abitid nou pale ak li de pwosesis pou l rive la e kòman ekspreyans lan ye pou li. E l te pale ak nou de enstitisyon ki pèmèt li finanse etid li, ki se VLIR-UOS. Se yon entitisyon nan peyi...

  12. Etidye nan peyi Larisi - EP3

    Soti nan chèf pi popilè yo nan Tolstoy ak Dostoevski nan bote nan mayifik nan St-Petersburg ak melodi yo intemporel nan Tchaikovsky, kilti Larisi rive sou annpil moun atravè glòb la. Semèn sa a nou te diskite ak Joberne Jean, yon jèn ki soti Grand-Goave. L ap etidye etidye li St-Petersburg nan…

    more
  13. Etidye nan Peyi Ba - SIDS Scholarship - EP2

    Nan dezyèm epizòd Dòtwa Talks sa, nou te pale ak Johane ki ap etidye nan Peyi Ba (La Hollande). Li te pataje eksperyans li nan peyi sa, defi l te rankontre, nouvo kilti, ak benefis ki genyen nan etidye aletranje, sitou enpòtans ki genyen nan rezo ak bati relasyon ak moun pandan w ap etidye...

  14. Bous detid pou Ayisyen nan peyi Taiwan - EP1

    Nan epizòd sa a, Christinne Jean Louis ak Christina Jean Louis, ki nan moman an ap fè etid lisans yo nan peyi Taiwan, pataje ak nou kouman eksperyans yo ye nan peyi sila. Pa ki mwayen yo te arive al etidye Taiwan ? Kòman yo sibveni a bezwen ekonnomik ki nesesè pou sa ? Kiyès ki elijib pou pwogram...

About this show

Yon pòdkas an kreyòl. Nou nan yon misyon pou enspirew e kraze baryè ki mennen nan opòtinite dirèk, bous, pou etidye a letranje. Nou fè sa atravè pataj eksperyans lòt ayisyen ki etidye a letranje, pibliksyon enfòmasyon, ak kreye lyen ant jèn ayisyen ki gen enterè a yon etid ak moun ki nan pozisyon pou ba l konsèy pèsonalize.

Hosted by

Chesly Junior Celestin

Categories

Frequently asked questions

How many episodes does Dòtwa Talks have?

Dòtwa Talks has 14 episodes on PodParley. The most recent episode was published on May 4, 2025.

What is Dòtwa Talks about?

Yon pòdkas an kreyòl. Nou nan yon misyon pou enspirew e kraze baryè ki mennen nan opòtinite dirèk, bous, pou etidye a letranje. Nou fè sa atravè pataj eksperyans lòt ayisyen ki etidye a letranje, pibliksyon enfòmasyon, ak kreye lyen ant jèn ayisyen ki gen enterè a yon etid ak moun ki nan pozisyon...

How often does Dòtwa Talks release new episodes?

Dòtwa Talks publishes about every 63 days, based on its 14 episodes since January 2023.

Who hosts Dòtwa Talks?

Dòtwa Talks is created and hosted by Chesly Junior Celestin.
Link copied