Skip to content
MANTALITID podcast artwork

PODCAST · health

MANTALITID

by MANTALITID

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.

Publisher-supplied feed metadata · PodParley refreshed Apr 14, 2026 · Source feed

Episodes

  1. 10 fraz « negatif » ou pa dwe janm di yon timoun

    Nan edikasyon n ap bay timoun yo, san nou pa rann nou kont, nou konn itilize kèk ekspresyon ki ka afekte estim yo gen pou tèt yo ak pèsonalite yo. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn egzanp 10 fraz negatif ou pa dwe janm di yon timoun. Epi pou kisa.

  2. 7 gwo MIT sou sikoloji ak sante mantal ou pa dwe kwè

    Sikoloji ak sante mantal genyen anpil mit ki antoure yo. Move pèsepsyon sa yo souvan konstitye obstak pou anpil moun, lè pou yo chèche sipò sikolojik yo nesesite nan vi yo. Nan epizòd MANTALITID, nou prezante w 7 nan mit sa yo, ki pa kadre ak reyalite a.

  3. Twoub Pèsonalite Nasisik

    Twoub pèsonalite nasisik karakterize pa yon obsesyon eksesif, yon moun devlope pou tèt li, kote li vle se li ki se sant atansyon tout bagay, sa ki riske afekte relasyon li ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kritè dyagnostik twoub pèsonalite nasissik ak kòman ou ka viv ak yon moun...

  4. Seksyalizasyon bonè kay timoun, se yon gwo danje

    Seksyalizasyon avan lè kay timoun, fè referans ak seksyalizasyon tout fòm ekspresyon ak kòd vestimantè yo itilize sou timoun yo, ki pa kadre ak laj, epi kapasite sikolojik yo. Sa ki mete an danje, devlopman pèsonèl ak emosyonèl timoun yo, pandan y ap grandi.

  5. 7 atitid sikolojik, pou yon pi bon ane 2022

    Nan kòmansman nouvo ane yo, gen moun ki souvan pran divès rezolisyon nan lavi yo. Men, pou yon rezon ou yon lòt, objektif yo konn pa reyalize. Nan epizò Mantalitid sa, nou pataje ak ou 7 atitid entelijan ou ta dwe adopte, pou yon pi bon ane 2022.

  6. 5 sijè fondamantal 2 moun ki renmen dwe abòde

    Nan yon relasyon santimantal, kote enkonpatibilte karaktè ak lòt diferans ant 2 moun yo konn souvan kreye gwo konfli, kominikasyon se yon kle enpòtan. Nan epizòd Mentalitude sa, w ap jwenn 5 sijè fondamantal ou dwe pale ak patnè w la, pou yon pi bon epanouyisman relasyon an.

  7. Fè lapè ak pase w

    Sou yon fòm ou yon lòt, pase ou gen pou akonpanye ou pou tout res vi w. Souvni yo, bon tankou move, menm jan ak eksperyans yo, fè pati trajektwa lavi w. Men, si ou rete esklav pase ou, nou riske pèdi tout bèl opòtinite lavi te ka ofri ou.

  8. Èske l nesesè pou PADONE ?

    PADONE pa toujou yon egzèsis fasil, sitou lè nou nouri rankin ak dezi vanjans pou yon moun ki te koze nou yon tò. Men, kiltive padon enpòtan pou sante mantal ou e li ka ede ou geri sikatris emosyonèl sa k pase a. Se de sa nou abòde nan epizòd MANTALITID jodi a.

  9. Kiltive rezilyans pou ranfòse sante mantal ou

    Rezilyans fè referans ak yon ansanm konpòtman, panse ak aksyon ou kapab aprann epi devlope pandan w ap viv, ki ba ou abilite pou fè fas ak moman difisil yo. Men, rezilyans ale pi lwen pase yon senp kesyon adaptasyon. Li ka yon faktè enpòtan nan byennèt emosyonèl ou.

  10. Konpasyon pou pwòp tèt ou, yon alye pou beynnèt ou

    Konpasyon pou pwòp tèt ou, se yon fòm entelijans emosyonèl ki pèmèt ou rive trete tèt ou ak menm lanmou, pasyans ak respè menm jan ou t ap fè l pou yon pwòch ou ki nan yon moman difisil, olye pou jije epi kondane tèt ou, pafwa ak rigè ki pa nesesè.

  11. Enpak emosyonèl vin papa genyen nan lavi mesye yo

    Vin papa, sitou pou premye fwa, se yon avanti emosyonèl enteresan, men ki konn vini ak ensètitid tou. Sitou lè kondisyon yo pa reyini. Soti nan gwosès manman an, pase nan nesans timoun nan, rive nan lè l ap grandi, wòl papa a konn gen gwo enpak sou lavi sikolojik mesye yo. Nan epizòd MANTALITID…

    more
  12. 5 prensip fondamantal Sikoloji Pozitif pou viv pi byen

    Sikoloji Pozitif se yon branch nan sikoloji ki konsantre l sou tout aspè favorab ki ka amelyore eksperyans n ap fè kòm moun. Kontrèman ak divès lòt branch nan sikoloji, ki plia chita sou trete twoub mantal ak patoloji yo, demach sikoloji pozitif la se ankouraje tout sa ki ka kontribye nan fè nou...

  13. Sante mantal : yon aspè enpòtan nan pèfòmans yon atlèt

    Sante mantal se yon eleman esansyèl nan byennèt jeneral nenpòt moun nan. Nan ka patikilye yon atlèt ki souvan ap fè fas ak divès egzijans disiplin espòtif yo mande, yon bon preparasyon mantal endispansab nan pèfòmans atlèt yo. Nan epizòd MANTALITID sa, Sikològ Frandy Pierre-Louis ap bay plis…

    more
  14. DEPRESYON (tantativ swisid) : eksperyans Max Junior Raymond

    Ant laj 14 ak 16 ane, Max Junior Raymond ki t ap fè fas ak DEPRESYON fè 2 tantativ pou mete fen ak lavi l. Nan epizòd MANTALITID sa, nou eseye gade ki sa ki te sous detrès emosyonèl sa, kòman eksperyans sa make lavi li elatriye.

  15. Prevansyon SWISID kay jèn yo

    Daprè OMS, anviwon 800 mil moun touye tèt yo chak ane. Aprè aksidan machin, SWISID see dezyèm koz lanmò nan mitan jèn ki soti nan laj soti 15 pou rive 29 lane. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou kòman ou ka ede nan prevansyon kont SWISID ki se yon pwoblematik sante piblik, sitou nan mitan...

  16. Enpak chatiman kòporèl sou devlopman sikolojik timoun yo

    Daprè estatistik OMS soti an 2021, anviwon 60% timoun ki gen laj ant dezan ak katòzan, sibi regilyèman chatiman kòporèl ; yon metòd edikatif ki ka gen gwo enpak sou devloman sikosyol timoun yo pandan y ap grandi e menm lè yo vin granmoun.

  17. Twoub Pèsonalite Paranoya

    Twoub Pèsonalite Paranoya karakterize pa yon mefyans eksesif, kote yon moun toujou ap nouri lide lòt moun (etranje tankou moun ki nan antouraj li) ap pèsekite l, rayi l, twonpe l, eksplwate l, monte konplo kont li elatriye, san li pa gen prèv pou sa. Sa ka trennen soufrans lakay epi epi deranje...

  18. Rezon sikoljik pou pa espere anyen de lòt moun

    Relasyon nou ak lòt moun enpòtan pou asire sekirite afektif ak emosyonèl nou. Li enpòtan lè n gen yon moun nou ka konte sou sipò li lè sa nesesè. Men, lè atant ak ekspektativ yo twò wo, desepsyon ak fristrasyon an pa lwen. E sa pa p ede ni nan byennèt emosyonèl ou, ni nan rapò w ak lòt moun.

  19. Benefis sikoterapi pou sante mantal

    Eta depresif, anksyete, estrès kwonik, twoma, sousi tout kalte [...], divès koz ka mennen yon moun fè sikoterapi, yon fòm tretman yo itilize nan domèn sante mantal, non sèlman pou ede yon moun ak yon pwoblèm imedya, men tou jwenn kapasite pou pi byen fè fas ak sityasyon yo.

  20. Kòman pou pi byen bati ESTABILITE emosyonèl ou ?

    Estabilite emosyonèl fè referans ak kapasite yon moun genyen pou jere ansanm emosyon li yo de fason pozitif. Sa ki pèmèt li kapab kenbe yon atitid ekilibre nan sityasyon ki ka parèt difisil yo epi adapte l ak nouvo chanjman.

  21. Rezime ane 2023

    Dènye epizòd MANTALITID pou ane a se yon edisyon espesyal. Nan epizòd sa, nou prezante yon ekstrè sou entèvansyon divès envite te fè nan podkas la, sou tematik ki gen rapò ak sante mantal, byennèt emosyonèl moun de fason jeneral.

  22. Doulè emosyonèl

    Doulè emosyonèl se yon sikatris sichik ki ka trennen gwo soufrans sikoljik nan lavi yon moun. Lè li dire, konsekans yo kapab pwovoke chanjman negatif nan prèske tout aspè lavi moun sa, sitou sou byennèt mantal li.

  23. Benefis jwèt yo nan devlopman sikoljik yon timoun

    Anplis aspè divètisman an, jwèt yo ede timoun yo byen devlope divès abilite (kognitif, fizik, entelektyèl, emosyonèl, sosyal) yo genyen. Jwèt yo ki gen divès karakteristik ak diferan fòm, reprezante yon pilye nan devlopman sikoljik timoun yo.

  24. LASYANS : 7 abitid ki rann moun « heureux »

    Pa gen pratik ak resèt inivèsèl pou tout moun viv « heureux ». Viv nan « bonheur » kapab depann de chak moun. Sepandan, daprè rezilta divès etid syantifik, gen kèk abitid ki kapab ede nan rann yon moun « heureux ».

  25. Chomaj : yon gwo ènmi pou sante mantal

    Lè yon moun ap travay, mete sou aspè ekonomik la, sa pote yon sansasyon byennèt ak estabilite (emosyonèl, familyal, sosyal). Donk, chomaj kapab deklannche yon seri sentom sikoljik nan vi moun nan, ki ka afekte nivo sante mantal li.

  26. Ki enpòtans REZILYANS nan sante mantal?

    Rezilyans fè referans ak pwosesis epi rezilta pou yon moun rive adapte l ak siksè fas ak eksperyans difisil epi defi lavi a, espesyalman gras ak fleksibilite mantal, emosyonèl ak konpòtman li afiche nan advèsite yo. Men, ki enpòtans li nan sante mantal yon moun?

  27. 7 kesyon fondamantal sou SWISID

    Mwa septanm se mwa prevansyon kont SWISID. Pou prevansyon sa rive reyèlman efektif, gen enfòmasyon enpòtan ou dwe konnen sou SWISID. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn repons a 7 kesyon san dout ou konn poze tèt ou sou SWISID.

  28. 10 kesyon esansyèl sou oryantasyon seksyèl

    Oryantasyon seksyèl se yon atraksyon emosyonèl, ewotik, seksyèl oswa afektif yon moun genyen pou yon lòt moun ki dire a travè tan an. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pote repons ak 10 kesyon esansyèl ki ka ede w konprann pi byen oryantasyon seksyèl moun.

  29. Kòman ou ka modifye ABITID negatif yo ?

    Si abitid pozitif yo kapab rann ou pi pwodiktif oubyen amelyore kalite lavi w, ebyen sa ki negatif yo kapab yon antrav pou byennèt ak devlopman pèsonèl ou. Donk, li enpòtan pou elimine yo.

  30. Ijyèn mantal

    Ijyèn mantal fè referans ak yon ansam aktivite ak abitid ki pèmèt ou pwoteje panse ou, jere pi byen emosyon w yo, genyen yon konpòtman pozitif ak konstritif fas defi lavi a [...], sa ki ap amelyore kalite lavi pèsonèl ou ak rapò w ap devlope ak lòt moun.

  31. Ki imaj ou gen de tèt ou ?

    Imaj yon moun gen de tèt li se yon reprezantasyon mantal sou kòman moun nan wè tèt li reyèlman. Imaj sa konstwi apati de eksperyans pèsonèl moun nan, sa lòt moun panse de li tou. Li se yon faktè enpòtan nan devlopman pèsonèl moun nan.

  32. Fè sante mantal ou yon priyorite

    Yon sante mantal ekilibre ap pèmèt ou atenn pi wo nivo potansyèl ou. Se pou sa, nan tout aktivite w ap fè yo, sante mantal ou pa dwe yon opsyon, men pito yon priyorite. Nan epizòd MANTALITID sa, w ap jwenn 5 pratik pou priyorize sante mantal ou.

  33. Sante mantal, nan ka yon moun ki gen VIH

    Malgre anpil efò ki fèt, VIH/SIDA toujou rete youn nan pi gwo pwoblèm sante piblik nan mond lan. Estrès, anksyete, diskriminasyon, estigmatizasyon [...], viv ak VIH kapab yon eksperyans sikoljik konplèks, ki afekte sante mantal moun ki konsène a.

  34. « Homesickness » : sante mantal, nan ka moun k ap viv nan peyi etranje

    Kite fanmi ak zanmi, tout sa w te gentan konstwi dèyè, pou al kontinye osnon refè vi w nan yon peyi etranje, souvan egzije yon depans enèji emosyonèl konsiderab. Sa ki konn afekte sante mantal anpil moun nan pwosesis adaptasyon ak entegrasyon yo.

  35. Sante mantal, nan ka moun ki paka fè pitit (enfètilite)

    Enfètilite se yon eksperyans emosyonèlman epwizan, ki ka pwovoke tristès, fristrasyon, strès, anksyete, mete sou estigmatizasyon ki lye ak sijè a. Sa ki riske gen gwo enpak sou sante mantal moun oubyen koup ki konsène a.

  36. Adiksyon a pònografi : yon danje pou sante mantal ou

    Konsomasyon eksesif kontni pònografik ka gen gwo konsekans sikoljik sou lavi moun ki adikte yo ; konsekans non sèlman sou sèvo moun yo, sou vizyon defòme yo ka vin genyen sou rapò seksyèl yo, men sou byennèt yo de fason jeneral.

  37. 10 ABITID ki ka chanje lavi w konplètman 

    Woutin yo, tout sa w ap fè chak jou yo, fason w panse, reyaksyon w fas ak defi lavi a [...], gen gwo enfliyans sou byennèt ou, kalite lavi w ak ak sa w ta swete reyalize. Se sa ki fè li enpòtan pou w kiltive ABITID ki ka chanje lavi w nan fason pozitif.

  38. Kilè yon moun se yon analfabèt emosyonèl ?

    Emosyon yo endispansab nan ekilib ak devlopman nou kòm moun. Men, si yo pa byen jere, yo riske gen gwo enpak negatif sou kalite lavi nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa ou dwe konnen sou analfabetis emosyonèl e kòman pou fè edikasyon emosyonèl tèt ou.

  39. Self-love

    Self-love pa yon demach egoyis, ni nasisik. Self-love, lanmou pou tèt ou, se yon pwofon eta apresyasyon pèsonèl, ki tradwi pa yon seri aksyon k ap debouche sou byennèt ou, epanouyisman sikolojik ou ak espirtyèl ou kòm moun.

  40. Non, SWISID pa yon lachte

    Daprè OMS, chak ane, anviwon 700 mil moun swiside tèt yo nan mond lan. Ka swisid yo souvan rive nan moman kote moun nan ap fè fas ak yon kriz, ki depase kapasite l pou l afwonte li. Donk ki pa gen anyen pou wè ak lachte.

  41. Twoub Seksyèl

    Twoub Seksyèl yo, se tout obstak klinikman sinifikatif, ki anpeche yon moun jwi plènman aktivite seksyèl li. Sityasyon sa konn tèlman preyokipe moun ki konsène a, li afekte byennèt li de fason jeneral. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale de tout sa w dwe konnen sou Twoub Seksyèl yo.

  42. Yon gid k ap ede w nan peryòd DÈY

    Dèy se yon pwosesis nòmal, natirèl. Se yon repons fas ak lanmò yon moun ki te enpòtan pou nou. Tout moun pa viv moman dèy yo menm fason. Gen moun ki pa janm rive fè dèy yon moun li te renmen. Sa ki riske pètibe byennèt emosyonèl li. Nan epizòd MANTALITID sa, nou ofri w yon gid pou ede w nan…

    more
  43. Konpasyon pou tèt ou, se yon kle pou sante mantal ou

    Kiltive konpasyon pou tèt ou, se konpòte w anvè tèt ou ak menm lanmou, menm anpati ou t ap rekonfòte yon moun ou renmen ki nan yon moman difisil, aprè yon eksperyans dezagreyab.

  44. Mwens PLENYEN, plis GRATITID

    Gen moun ki tèlman renmen PLENYEN, yo fè l tounen yon mòd de vi. Se yon atitid ki non sèlman nosif pou byennèt yo ak sante yo, men tou ki afekte rapò yo ak lòt moun. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou kiltive plis GRATITID, olye w pase tout tan ap PLENYEN.

  45. Dismòfofobi (obsesyon kòporèl)

    Dismòfofobi karakterize pa yon obsesyon ak panse eksesif yon moun pa sispann nouri sou yon defo souvan imajinè li konstate nan aparans fizik li. Pèsepsyon irasyonèl sa fè moun nan gen yon imaj negatif de tèt li. Sa ki ka mete l nan yon soufrans emosyonèl epi afekte byennèt li.

  46. Li enpòtan pou pran yon POZ

    Responsabilite familyal, obligasyon pwofesyonèl [...], pou yon rezon ou yon lòt, vi anpil nan nou pwograme de fason otomatik. Nan chèche reponn ak egzijans lavi a fè nou, nou souvan bliye pran swen tèt nou. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale pou kisa li enpòtan pou pran yon POZ, konsakre tan ak…

    more
  47. Twoub Anksyete

    Si anksyete se yon reyaksyon nòmal pi ka genyen fas ak yon sityasyon ki parèt menasan, men lè li pèsiste san rezon ki jistifye l, li ka tounen yon maladi ki paralize epanouyisman w ak pwodiktivite w. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou Twoub Anksyete yo.

  48. Kriz Karantèn

    « Kriz Karantèn » se yon peryòd de dout nan lavi nou, kote n ap remete tout bagay an kesyon. Se yon moman bilan ki vini ak kèk sentom ki ka afekte prèske tout aspè nan lavi moun ki konsène a. Nan epizòd MANTALITID sa, nou pale sou tout sa w dwe konnen sou « Kriz Karantèn » nan.

  49. Enpòtans NITRISYON nan sante mantal

    Manje de fason ekilibre pa sèlman esansyèl pou kò fizik la, men li fondamantal tou pou bon ekilib sèvo a. Nan epizòd MANTALITID jodi a, nou pale sou kòman sa n ap manje yo ka enfliyanse sou sante mantal nou.

  50. Somatizasyon (lè doulè emosyonèl yo transfòme an doulè fizik)

    Eksperyans doulè emosyonèl yon moun te fè nan lavi l, ka anjandre maladi fizik ki reyèl. Fenomèn sa rele SOMATIZASYON. Se de sa nou pale jodi a nan nouvo epizòd MANTALITID la.

Type above to search every episode's transcript for a word or phrase. Matches are scoped to this podcast.

Searching…

We're indexing this podcast's transcripts for the first time — this can take a minute or two. We'll show results as soon as they're ready.

No matches for "" in this podcast's transcripts.

Showing of matches

No topics indexed yet for this podcast.

Loading reviews...

ABOUT THIS SHOW

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.

HOSTED BY

MANTALITID

CATEGORIES

Frequently Asked Questions

How many episodes does MANTALITID have?

MANTALITID currently has 151 episodes available on PodParley. New episodes are automatically indexed when they're published to the podcast feed.

What is MANTALITID about?

MANTALITID se yon pòdkas sou sante mantal ak tematik sikolojik. Objektif podkas sa, se rive fè w atenn yon pi bon nivo devlopman pèsonèl ak emosyonèl posib.

How often does MANTALITID release new episodes?

MANTALITID publishes regularly with 151 episodes available. Check the episode list for the typical release schedule.

Where can I listen to MANTALITID?

You can listen to MANTALITID on PodParley by clicking any episode. We provide an embedded audio player for direct listening, and you can also subscribe via your preferred podcast app using the RSS feed.

Who hosts MANTALITID?

MANTALITID is created and hosted by MANTALITID.
URL copied to clipboard!