PODCAST · news
Tchilaks
by Tchilaks Podcast
Pa gen sekrè nan fè podcast: 51% pale seryeu 49% pale kleukleu Epi, Tchilaks!
Episodes
-
Ayiti CDM 2026 (avèk Lex)
Nan epizòd jodi a, timesye yo avèk Lex fè yon gwo retou sou kalifikasyon istorik Ayiti pou Koup di Mond 2026 la, yon moman ki make yon paj enpòtan nan listwa espò nasyonal la. Yo pale de sa viktwa sa a vle di pou peyi a, pou fanatik yo, epi pou tout Ayisyen kèlkeswa kote yo ye. Yo analize kijan...
-
ZE ou "ZEU"
Aprè plis pase 30 minit kote Thierry tap vide filozofi atè, menm Thierry ankò te pataje yon eksperyans li viv lakay li ki tounen otou de tit epizòd 101 an. Al tande li epi fè nou konnen kisa oumenm ou di: ZE oubyen ZEU? lol ENJOY!
-
Nou BACK
Menm lè nou pat vrèman al ankenn kote, nou BACK lol... pou nou pote SANTYÈM epizòd Tchilaks Podcast la ki trè espesyal. Nap pouse pou pi devan pou nou ka ajoute yon zero dèyè 100 an. ENJOY!
-
Revolisyon TIK TÒK
Dènye jou sa yo gen yon sòt de boykotaj kap fèt sou rezo a kote yon seri de endividi ki enfliyan sou platfòm TikTok la deside kraponnen fanatik kèk atis pou fè yo pa al patisipe nan konsè oswa pwogram ke atis silaa yo ap pèfòme ladan yo. Demach sa selon endividi sa yo se pa paske yo mechan oubyen...
-
Gason AYISYEN (avèk Jefferson)
Aprè yon kòmantè Blondedy Ferdinand te fè nan mikro 2 Tout et de Rien kote li te deklare ke gason ayisyen PRAN PLEZI NAN FÈ FI SOUFRI, ti mesye yo te pran yon ti tan pou reflechi sou deklarasyon chòk sila a. Nan epizòd sa a, yo analize deklarasyon an, yo mete l’ an kontèks epi yo fè yon zoom sou...
-
Recap LABOR DAY 2025 (Avèk Lex)
Epizòd 97 la jan tit la dil la se yon recap de patisipasyon timesye yo nan Labor day 2025 lan ki tap fet nan vil New York. Malgre yo pat enjoy li de kòmansman alafen, kanmenm yo deside pataje ti experyans yo fè a ak oditwa podcast la. ENJOY!
-
Fè apwòch S*X
Pafwa fè apwòch pou jwenn s*x vini ak yon pil kastèt chinwa, se sou sa timesye yo ap debat nan epizòd 96 la, nan pataje eksperyans pèsonèl griten dan mete pye kidonk ENJOY!
-
Bèl Nusse
Epizòd 95 la se yon melanj de yon ti recap sou selebrasyon timesye yo te al fè lèd ladanl semenn pase a ak reyaksyon sou kòmantè 2 epizòd pase yo. ENJOY epi kòmanse pare nou pou epizòd 100!!!
-
Zero PAUSE (avèk Lex & Jefferson)
Zero PAUSE! Lex ak Jefferson RE rejwenn panèl la. 2 zanmi ESPESYAL podcast la ki kòm dabitid kontribiye avèk ti mesye yo pou pote epizòd 94 la ki rich ak enfòmasyon, rich ak opinyon, rich ak bèt, rich ak flay kidonk rich ak griyen dan. Ti mesye yo fè yon sèl lage: ZERO PAUSE pou yon bèl deba ki…
more -
BAUNUSSE pi rèd (avèk Jeff)
Jeff te nan kay la avèk timeusyeu pou debat yon sijè byen spesifik men bagay yo chavire epi epizòd la vire an BAUNUSSE!!! Enjoy rèd rèd rèd!
-
Baunusse san LEX
Epizòd 92 la gen menm fòma ak epizòd bonus timeusyeu yo te konn fè yo sof ke sila a pa gen LEX aka Vlex aka l'homme qui promène ses chiens sou li lol ENJOY!
-
Ti Absans JUSTIFIÉE
Epizòd 91 lan se yon epizòd kote Johalex ak Lhee ap mete may sou fidèl oditwa TCHILAKS la pou eksplike rezon ki fè 3 semenn pase san yon epizòd pa soti. Lol Enjoy epi pa bliye fè nou konnen si may yo pase! Randevou kase san mank / san ratman pou epizòd 92!
-
Tibatbouch POLITIK (avèk Jean Luc & Dimitri )
Epizòd 90 la se yon Ti Bat Bouch sou aktyalite politik resan yo avèk Jean Luc epi Dimitri. ENJOY!
-
Koup kap VIV ANSANM (avèk Castrande & Dahana)
Nan epizòd 89 la, timesye yo te gen onè resevwa 2 "amies" podcast la ki se Castrandre ak Dahana pou te debat yon sijè ke yon lòt "amie" chè podcast la te reklame: Koup kap VIV ANSANM nan kay! Se te yon bon deba paske te gen vèsyon 2 gason ak vèsyon 2 fi, te gen tou 2 ka de koup ki pap viv ansanm...
-
Fenomèn WENDYYY (avèk Jefferson)
Nan epizòd 88 la, ti mesye yo ansanm ak Jefferson te kòmanse pase sou kèk news ki nan lari an semèn sa e yo te klotire epizòd la nan pale de atis Wendyyy ki se yon atis ayisyen ki pase de prezantasyon ak nouvo album li ki soti ki rele “3”. Sou panèl la opinyon yo sou atis la, kapasite'l pou'l…
more -
Relasyon avèk BÈLMÈ (vèsyon gason) avèk Jefferson
Lè de moun marye, youn entegre fanmi lòt men se pa tout fwa entegrasyon sa a konn fasil. Aprè yon ti rale mennen vini sou epizòd semèn pase a epi yon ti pale sou fim "Kidnapping Inc" lan, ti mesye yo avèk Jefferson te diskite de relasyon avèk ansyen bèlmè, nouvo bèlmè, brèf bèlmè an jeneral......
-
Sinema Ayisyen
Jodi a, nan emisyon nou an, nou te pran yon ti tan pou pale de sinema ayisyen, yon aspè enpòtan nan kilti nou ki souvan pa jwenn ase rekonesans. Nou te mete aksan sou de fim ki ap domine aktyalite semèn sa a: July 7 ak Kidnapping Inc. Nou te pataje premye souvni nou ak sinema ayisyen — premye fwa...
-
Tounen Viv AYITI
Yon ti deba sou èske Johalex ak Lhee gen menm pwojè sa ke tout ayisyen toujou genyen pou yo retounen al viv lakay yo Ayiti.
-
Ba li TIT ou vle 😂 (avèk Jefferson)
Nan epizòd 84 lan, nou fè yon ti pale sou kèk sijè ki ap fè aktyalite pandan dènye jou sa yo. Pami yo te gen koze politik. Nou te tou pale sou kesyon dwa dotè, yon sijè ki vin pran plis plas nan HMI la dènye tan sa yo, etc... Enjoy epi pa bliye bay epizòd la TIT ou vle a 😂
-
Temwen JEWOVA (avèk Garel)
Jodia nan emisyon an, nou te gen chans chita ansanm ak Garel pou nou fè yon bèl ti pale, yon konvèsasyon ki te ale anpil sou Temwen Jewova yo. Nou te pwofite moman an pou nou poze'l plizyè kesyon sou ki jan lavi a ye pou yon moun ki se Temwen Jewova, kisa yo kwè, kijan yo pratike lafwa yo chak…
more -
Sè legliz S*X SCANDAL (avèk Jefferson)
Semèn sa gen yon dosye "Sè legliz" ki twonpe fiyanse'l ki ap anflame rezo sosyo yo. Kòm alakoutime Tchilaks deside reyaji sou dosye a. Timesyeu yo analize ka a epi tou profite fè yon ti bat bouch rapid sou zafè sèks anvan mariaj la. Enjoy!
-
Sijè SIPRIZ (avèk Jefferson)
Epizòd 81 an se, jan tit lan anonsel la, yon SIPRIZ so... ENJOY! 😅
-
B2F4F (By 2 Fans 4 the Fans)
ENJOY epizòd 80 an menm jan nou te enjoy anrejistre'l. 😊 Li baze sou kòmantè ke 2 BON zanmi podcast la te kite anba epizòd 79 la! Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️!
-
Pitit deyò / Kout pitit (avèk Jefferson)
Sijè jodia, yon fwa ankò, vini de yon oditè podcast la, yon GWO oditè cho a: Moumoune! Pandan ti mesye yo ak Jefferson te rele Moumoune pou swetel bòn fèt, li te tou propoze pou yo pale de “Pitit deyò / Kout pitit.” Sijè a pi konplèks ke sa nou te ka panse. Li gen anpil fasèt ak anpil fason ou ka...
-
Networking
Semenn sa Thierry ak El Jeffe te patisipe nan yon konferans kote yo tap aprann yon nouvo skill. Anplis de nouvo skill sa, Thierry te pataje ak Johel ke li te tou profite fe yon ti NETWORKING. So nou tou konprann poukisa epizòd 78 se sou sijè sa li tou chita 😂 ENJOY epi pase yon BÒN semèn avèk...
-
BF4F (By the Fans 4 the Fans)
ENJOY premye epizòd ki pa epizòd bonus ki baze, de kòmansman jiskalafen, sou komantè youn ou plizyè zanmi podcast la kite pou timesye yo: BF4F! Dabitid timesye yo just pase byen vit sou komantè yo epi remèsye moun ki kite yo a nan yon epizòd bonus men fwa saaaa… timesye yo pran san yo ak tan yo…
more -
Baunusse
Enjoy epizòd bonus sa kote Johel ak Thierry ap pase sou kòmantè kèk zanmi podcast la te kite anba kèk ansyen epizòd. Pase bòn semèn #TchilaksFam♥️
-
Leomessi (avèk Jeff)
Wikenn ki fenk pase a se te wikenn tout moun te okipe ap selebre lanmou nan okazyon Sen Valanten! Lè dat sa rive anplis de flè ak chokola gen yon aktivite ki toujou prezan 😈 nou pap antre nan tròp detay. Aktivite sa anpil fwa vini ak yon strès pou mesye yo kote yo DWE byen pase. Egzijans sa...
-
Pasyon pou BOXE (avèk Snood & Ralph)
Nan epizòd jodia, Tchilaks resevwa Snood ki te konn pratike BOXE e ki joukjounen jodia rete yon pasyone de spò a. Li te poulòp sou panèl la avèk tifrè li Ralph. Snood etale pakou li nan spò a pou nou e li di nou kòman li fè antre ladanl, bon tankou move eksperyans li viv men tou, leson li aprann...
-
Pwofesyon DJ (avèk Dj Thyz & Vlex Vibez)
Nan epizòd jodia Dj Thyz ak Vlex Vibez rejwenn “show” a pou pale sou tout aspè ki genyen nan pwofesyon DJ a. Anpil moun toujou panse se yon travay ki fasil, men nan epizòd 74 la nou pral dekouvri se yon bagay ki vrèman konplike. Li mande pou DJ a kontwole anpil bagay an menm tan. Ti mesye yo...
-
TikTòk (avèk Jefferson)
Dimanch ki te 19 Janvye a itilizatè platfòm Tiktok yo nan peyi Etazini te leve jwenn aplikasyon an pa fonksyonèl. Malgre yo te gentan anonse ke Gouvènman an te pran desizyon pou bani platfòm nan, sa pat anpeche nouvèl la fè gwo tole. Sitiyasyon an pat dire. Douz è detan aprè, nouvo prezidan an te...
-
Le délicat cas de MIKA (avèk Doris & Lex)
Lanmò Mika se yon gwo pèt pou endistri mizikal ayisyen an: NOU TOUT KLÈ SOU SA! Se te yon atis prolifik ki te gen patisipasyon li nan anpil projè nan endistri a. Depi lè lanmò li a, sa gen 2 zan rive jiskounya a, toujou gen lese frape ant fanmi Benjamin an ak madanm li sou kesyon eritaj li. Dènye...
-
NOSTALJI Ayiti
Roody Roodboy fè yon post sou instagram li pou li pale de bagay ke li te konn fè, aktivite li te gen chans fè e ki pa posib ankò a koz de konjonkti peyi nou: Ayiti. Atis la di kijan nostalji sa yo ap manje'l pèsonèlman. Post la te enspire tchilaks e se konsa Johalex ak Lhee te pran tan pou yo…
more -
Bonusse (avèk Lex)
Yon nouvèl ane PA KA e PA DWE kòmanse ak dèt te fèt nan ane ki pase a‼️😅 Se rezon sila ki fè nou te jije bon ke premye epizòd nou dwe anrejistre pou 2025 lan te dwe epizòd BONUSSE la 😇 ENJOY li pandan ekip Tchilaks la ap remèsye e reswete fidèl odyans li an yon Bòn Ane 2025 e pwomèt li plis…
more -
2️⃣0️⃣2️⃣4️⃣ ➕ 1️⃣ 🎉🍾
Epizòd 70 la se dènye epizòd ki anrejistre nan ane 2024 la e se premye epizòd ki pibliye an 2025. Ladanl ti mesye yo ak 2 envite spesyal fè yon ti rale mennen vini sou ane 2024 la ak yon ti pwojeksyon sou rezolisyon pou 2025 pandan yo tou pwofite swete TCHILAKSFAM♥️ lan yon: BÒN ANE 2025 🎉 ak…
more -
Anba lapli (avèk Jean Luc)
Pou fen ane, TCHILAKS kanpe an mòd PYE POUDRE! Kidonk se pap yon sipriz lè nou aprann ke epizòd 69 la record nan yon RV ke nou ka rele yon kay mobil an kreyòl. Se Jean Luc, CEO-Fondatè SAKAPFÈT BOSTON, ki te akeyi nou pou eksperyans sa a. Sa ki rann epizòd sa spesyal se premyèman sijè a deside a...
-
Nouvèl Eksperyans (avèk LEX)
Ane 2024 la nan dènye koub lan pou li fini! Chak ane tout moun toujou fikse tèt yo nouvo objektif oubyen anvizaje fè dè bagay ke yo pot ko janm fè nan ane ki vini avan yo. Rezon dèyè fenomèn sa se pou mete piman nan lavi yo. Nan epizòd 68 la, ti mesye yo ak LEX deside pataje avèk yon seri de…
more -
Tourism (avèk Nick)
.Semèn sa a Tchilaks tap fè TOURISM e te desann nan lakou TEXAS pou al vizite yon zanmi de long dat ni Johalex ni Thierry. Kòm bon zanmi podcast la li te dakò pou pandan nou avèk li nan vil San Antonio a pou nou te tou fè yon ti bat bouch sou koze sou vwayaje ak al vizite lòt kote, sa yo rele...
-
MATIRITE nan relasyon (avèk LES ATACHÉS)
Lè relasyon ant 2 moun ap grandi, matirite 2 moun yo e sitou matirite relasyon an vin kapital. Definisyon yon relasyon ki gen matirite se yon relasyon ki gen respè mityèl, respè limit lòt, kapasite pou koup la rezoud gwo konfli san kraze brize, etc. Jodi a sou yon panèl ki plen kou ze ak anpil...
-
POTO (avèk Cedrick)
POTO se sijè epizòd 65 lan e li soti de yon fidèl oditris podcast la. 🫶🏾♥️ Nan epizòd la, timesye yo ak Cedrick rakonte istwa kote yo te pran e te bay POTO. Ki reyaksyon lè yo pran poto e ki rezon ki fè yo bay poto. 😅 Enjoy!
-
Bonuce (avèk Lex)
Epizòd "Bonuce" la se pou nou reyaji a tout feedback ak kòmantè ke zanmi fidèl podcast la kite pou nou sou divès epizòd avan epizòd 64 la. Se fason pa nou pou nou toujou raple ou ke nou TOUJOU li e apresye chak grenn feedback ak kòmantè fidèl oditè nou yo. Nou RENMEN nou! ♥️
-
Relasyon avèk BOPARAN (avèk Doris & Kitty)
Lè 2 moun deside ini yo, li jeneralmann vle di ke fanmi 2 moun sa pral fè “kolizyon”. Paran chak moun yo souvan fè pati de moun ki pi enpòtan e ki gen plis enfliyans sou koup la, sa vle di relasyon ki pral devlope AK boparan yo men tou ANT boparan yo enpòtan anpil. Nan epizòd 64la ti mesye yo ak…
more -
Eleksyon (avèk Jefferson)
Si ou pat konnen, Madi kap 5 Novanm 2024 la pral gen eleksyon jeneral nan peyi Etazini. Nan okazyon sila a ti mesye yo fè yon ti bat bouch sou egzèsis al vote a. Jan nou ka imajine, yo fè paralèl ant jan koze vote pase nan Etazini ki se kote yo ap viv ak Ayiti ki se kote yo grandi. Yo pale de...
-
Carimi
Youn nan pi gwo anons pou fen dane 2024 la se bal Carimi ki pral fèt nan lakou Nouyòk la. Anons sa fè deba nan mitan ni moun ki fanatik ni moun ki pa/pat fanatik djaz la. Gen de moun ki toujou gen yon gou amè nan bouch yo akoz senp fèt ke nèg yo te kite djaz la kraze, gen de lòt moun se fatalite…
more -
DoubStanda GASON (avèk Lex & Jefferson)
Doubstanda nan mitan 2 antite kèlkonk toujou kreye deba. Youn nan pi gro doubstanda nou konnen se sila ki ant gason ak fi e nan epizòd 61 an timesye yo akeyi Lex ak Jefferson pou eksprime/debat/rakonte jan yo konprann e viv fenomèn sa nan pwendvi GASON. ENJOY epi sonje doubstanda nan mitan 2…
more -
6 Rivalite Istorik
60 epizòd deja! 🥳 Pou selebre sa kòmsadwa avèk fidèl oditwa yo an, Johel ak Thierry debat sou 6 pi gwo RIVALITE ki make lavi yo. ENJOY!
-
Dosye PIDIDI (avèk Sébastien & Jefferson)
Dosye atis ameriken "P.Diddy" ap fè aktyalite depi kèk tan men semenn sa yo, li jayi sou rezo sosyo yo ak plis fòs akòz yon seri de nouvo detay ke envestigasyon otorite konsène yo kòmanse ap devwale. Se yon sijè ki oze e chokan men timesye yo ak envite yo: Sebastien ak Jefferson eseye debat li ak...
-
Lanmou pou KUIZIN (avèk Newslie & Doris)
Aprè anpil anpil tan medam yo resi peye Tchilaks yon vizit! Nan epizòd 58 la, Tchilaks gen 2 “invitée”: Dodo ak Newslie ki deside pataje avèk odyans lan lanmou yo genyen pou kuizin. Nan ti pale sa yo pral wè avèk nou kibò lanmou sa a pran rasin men tou kijan manje jwe yon wòl pivotal nan relasyon...
-
El NIÑO (avèk Greg & Jeffe)
Nan epizòd 57 la, timesyeu yo te akeyi Greg aka El NIÑO pou pale de reyalite li ki se reyalite yon jenn gason ki fèt Ayiti men ki leve kay vwazen Dominiken nou yo depi lè li gen mwens ke 3zan daj. El Jeffe te sou panel la tou pou fè pon ant Greg ak mesyeu yo paske li te fè yon ti tan ap viv nan...
-
IMIGRAN nan USA (Avèk Jean Luc)
Epizòd 56 la enspire pa skandal ki tap fè bri semèn pase a sou swadizan imigran Ayisyen ki ta ap manje kana, chat/chyen moun nan vil Springfield nan State Ohio, se tou yon chita pale ant Jean Luc, Thierry ak Johel; 3 imigran nan USA; sou kijan yo wè ak konprann konsèp imigran an nan lakou USA....
We're indexing this podcast's transcripts for the first time — this can take a minute or two. We'll show results as soon as they're ready.
No matches for "" in this podcast's transcripts.
No topics indexed yet for this podcast.
Loading reviews...
ABOUT THIS SHOW
Pa gen sekrè nan fè podcast:
51% pale seryeu
49% pale kleukleu
Epi, Tchilaks!
HOSTED BY
Tchilaks Podcast
CATEGORIES
Loading similar podcasts...