Skip to content
Ti Chèz Ba The Podcast podcast artwork

Ti Chèz Ba The Podcast

by Ti Chèz Ba The Podcast

Yon pòdkas ki dekri eksperyans jèn ayisyen k ap evolye nan yon kontèks sosyal souvan twò konsèvatè. Yon konvèsasyon ant zanmi ki adrese tout sijè!A podcast describing the experiences of young haitians evolving in a social context often too conservative. A conversation with friends addressing all sorts of topics!

From the show's RSS feed, refreshed Jan 19, 2026. Source feed.

Subscribe Bookmark

Episodes

  1. Covid-19

    Pandemi coronavirus la ap frape anpil peyi depi mwa desanm ane pase. Menm pi gwo pisans mondyal yo pa epanye pa efè maladi sa pote. Nan nouvo epizòd sila, Abèy yo te chita ak yon Doktè Nemològ, Joëlle Philogène. Yo te brase lide sou Covid-19 e ki jan sa te afekte peyi Dayiti ak antouraj yo....

  2. Eksperyans pa nou

    Apre yon ti tan Abèy yo tounen ! Yo te oblije pran yon poz nan koze anrejistreman pòdkas la poutèt pandemi coronavirus ki te fè ravaj nan monn antye a! Yo tounen ak yon epizòd trè pèsonèl! Yo te pwofite ba nou ti òpdet sou kijan yo te oblije adapte yo a nouvo reyalite monn nan epi sou kisa sa te...

  3. Rape

    Nan yon nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, abèy yo chita pale sou koze vyòl. Yo adrese koze a epi pwofite pale sou definisyon zak sila nan peyi isit ak lòtbodlo. Nan epizòd sa nou resevwa de envite: Marly ki se yon viktim vyòl ki te chwazi pataje eksperyans li ak nou. Ak anpil kouraj li echanje...

  4. Abortion

    Nan nouvo epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, Abèy yo te pale sou koze avòtman. Yo te chita analize kèk pèsepsyon ak move konsepsyon ki souvan genyen sou sijè avòtman nan sosyete nou an. Yo te pwofite pale tou sou metòd fanm itilize an Ayiti pou fè avòtman epi bwose sou risk kèk ladan yo ka pote....

  5. Faith & Abstinence

    Nan nouvo epizòd odyo-vizyèl Ti Chèz Ba The Podcast la, Abèy yo te chita ak koup Ann-Sophie ak Jean Luc ki te rakonte nou eksperyans yo ak abstinans anvan maryaj an rapò a lafwa yo. Koup la te eksplike nou motivasyon yo dèye desizyon abstinans anvan maryaj yo te fè apre yo te deja aktif nan sèks,...

  6. Voodoo

    Nan yon lòt epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, Abèy yo te deside abòde sijè Vodou, yon sijè ki tabou anpil nan sosyete nou pou yon pakèt rezon. Pou ede medam yo sène gwo sijè sa a, yo te chita ak Mambo Sophia Fecu. Li te aksepte pataje moman sa a avèk yo e li te reponn tout kalte kesyon medam yo te...

  7. Transgenderism

    Abèy yo te chita ak Semi ki se yon transjan k ap viv an Ayiti. Semi te rakonte eksperyans lavi li, kijan li adrese idantite jan li pa rapò ak oryantasyon seksyèl li epi tou kijan sa te ye pou li yon jèn fi nan tèt ki fèt yon ti gason nan kò l sitou an pwovens. Ansanm yo te de defini tèm transjan…

    more
  8. Business in Haiti

    Abèy yo te chita pou eksplore kijan biznis nan peyi Dayiti fonksonye sitou pa rapò a konjonkti sosyopolitik peyi a ki souvan pa pèmèt antreprenè yo epanwi nèt. Medam yo te chita ak 2 antreprenè jèn k ap evolye nan kominote nou a. Pou gen diferan pèspektiv yo te fè apèl a Fito Regnier, Direktè...

  9. The Help

    Nan premye epizòd sezon 2 a Abèy yo te chita pale sou koze pèsonèl domestik: sèvant, chofè, gason lakou, nani etc... Ansanm medam yo te eksplore pèsepsyon ki genyen sou metye sa yo epi te pataje opinyon pa yo sou ki jan sosyete a wè e apresye moun ki fè djòb sa yo. Yo te resevwa Melissah ki te...

  10. Q & A

    Pou klotire premye sezon an, Abèy yo te chwazi fè yon epizòd espesyal pou reponn a kesyon yo konn resevwa sou rezo sosyo yo. Yo te pwofite tou pou fè yon ti pale sou eksperyans yo ak pòdkas la, sou ki santiman yo genyen nan fen premye sezon an epi ki atant yo ta genyen pou yon nouvo sezon. Epizòd...

  11. Religion

    Nan dènye epizòd pou sezon an, se sou sijè relijyon konvèsasyon an te chita, Abèy yo te envite Stanley Georges pou fon ti koze sou eksperyans pa li ak lafwa. Li te temwanye de kijan li viv relijyon li an Ayiti, kijan li te tounen do l bay pase l pou l te rejwenn tèt li kòm kretyen. Medam yo te…

    more
  12. Depression

    Epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a adrese sijè Depresyon. Nan epizòd sa nou te resevwa CATHERINE, yon jèn fi 24 lane ki te vinn chita avèk nou pou pataje eksperyans li kòm yon moun ki soufri depresyon. Ansanm nou te dekouvri efè depresyon te genyen sou lavi li e kijan maladi sa afekte relasyon l…

    more
  13. Cyberbullying

    Nan epizòd Ti Chèz Ba The Podcast sa a, medam yo te adrese sijè asèlman sou entènèt. Nan tan n ap viv yo, rezo sosyo nan sant aktivite jèn yo. Koze asèlman sou entènèt afekte anpil nan nou an Ayiti, yon peyi kote pa gen okenn paramèt legal pou pwoteje moun kont zak sa yo. Abèy yo te chita ak…

    more
  14. Polyamory

    Nan epizòd 8 Ti Chèz Ba The Podcast, medam yo te chita pale ak Elder sou koze relasyon poliamourèz. Yo te dekouvri mòd relasyon sa yo, eksplore sans yo epitou kijan yo fonksyone. Elder, ki se yon jèn ki santi li poliamoure te pran sanl reponn anpil nan kesyon medam yo pou ede yo sènen sijè sa, ki...

  15. BIG GIRLS

    Nan epizòd sa a medam yo pale sou gwo fanm. Yo pale de pèsepsyon moun genyen sou fanm poutèt gwosè yo e kijan sa afekte yo nan lavi yo toulèjou. Yo resevwa Jinou, ki vinn pataje eksperyans pa l kòm yon gwo fanm ki pa t grandi nan peyi Dayiti men ki vinn abite la nan gramoun li. Ansanm yo te…

    more
  16. The Fuckboy

    Nan sizyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast la medam yo abòde sijè Fòkbòy. Kisa yon fòkbòy ye? Ki sa ki vle di yon gason se yon fòkbòy? Yo te chita avèk T-Lo, yon gason ki di li te yon fòkbòy kwake nan moman an li kite vi sa a. Msyeu te reponn tout kesyon medam yo ak anpil kran e li mete anpil bagay...

  17. Sexuality Part II

    Epizòd sa se dezyèm pati sou kesyon seksyalite medam yo te eksplore deja ak Philippe. Fwa sa a yo chita ak Annie Azor, yon lezbyèn ki ap viv nan peyi Dayiti ansanm ak menaj li. Annie pataje eksperyans li kòm yon omoseksyèl nan sosyete a, epitou tankou yon moun ki rekonèt oryantasyon seksyèl li…

    more
  18. Relationships

    Nan katryèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast, medam yo abòde sijè relasyon. Yo pale de tout kalte relasyon e sa te rive mennen yo fè lyen ant relasyon an Ayiti ak klas sosyal. Nan epizòd sa tou, medam yo te reponn kèk kesyon yo resevwa sou rezo sosyo, toujou an rapò ak relasyon.

  19. Self Esteem

    Nan dezyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast medam yo adrese tèm estim nan tèt. Yo koze sou pratik moun fè sou kò tankou tatou, pèsing, eklèsisman po e latriye. Yo pale tou sou koze chiriji estetik e yo resevwa yon envite espesyal ki vinn pataje eksperyans pal sou sijè sa! Apresye dezyèm epizòd Ti…

    more
  20. Sexuality Part I

    Nan twazyèm epizòd Ti Chèz Ba The Podcast medam yo abòde koze sèks. Yo dekri kijan yo menm jèn viv seksyalite an Ayiti depi lè y ap grandi rive jouk kounyen an. Yo resevwa yon envite espesyal, Philippe, ki se yon jèn gason biseksyèl ki vinn chita pataje eksperyans li ak medam yo. Epizòd sa gen...

  21. Les Abèy

    Premye epizòd sa te yon okazyon pou nou prezante tèt nou bay piblik la, bay tout moun chans aprann konnen kiyès nou chak ye, kijan nou fè vinn byen ak kisa ki te fè nou vinn ak lide pou nou fè pòdkas la. Nou adrese tou kèk prejije ki genyen kont jèn fi nan sosyete nou, kijan nou adrese prejije sa...

About this show

Yon pòdkas ki dekri eksperyans jèn ayisyen k ap evolye nan yon kontèks sosyal souvan twò konsèvatè. Yon konvèsasyon ant zanmi ki adrese tout sijè!A podcast describing the experiences of young haitians evolving in a social context often too conservative. A conversation with friends addressing all sorts of topics!

Hosted by

Ti Chèz Ba The Podcast

Categories

Frequently asked questions

How many episodes does Ti Chèz Ba The Podcast have?

Ti Chèz Ba The Podcast has 21 episodes on PodParley. The most recent episode was published on November 11, 2020.

What is Ti Chèz Ba The Podcast about?

Yon pòdkas ki dekri eksperyans jèn ayisyen k ap evolye nan yon kontèks sosyal souvan twò konsèvatè. Yon konvèsasyon ant zanmi ki adrese tout sijè!A podcast describing the experiences of young haitians evolving in a social context often too conservative. A conversation with friends addressing all...

How often does Ti Chèz Ba The Podcast release new episodes?

Ti Chèz Ba The Podcast publishes daily, based on its 21 episodes since November 2020.

Who hosts Ti Chèz Ba The Podcast?

Ti Chèz Ba The Podcast is created and hosted by Ti Chèz Ba The Podcast.
Link copied