PODCAST · education
YON VI ALÈZ
by Guersye Beine
YON VI ALÈZ se espas ki ap pèmèt ou jwenn ekilib nan 5 domèn nan lavi w yo pou ou kreye lavi ekstraòdinè ou merite a.
Episodes
-
Byenvini nan BIG 365•
Ou gen yon rèv ou ta renmen reyalize ? Ou vle lanse yon biznis ? Ou swaf reveye lidè nan ou a ? Rubrik Big 365• se pou ou ! Chak jou ou ap resevwa yon odyo motivasyon ki ap ede ou avanse pi prè rèv ou a. Nou wè ansanm nan epizòd 1 an Kòman se chwa ou yo ki ap ekri istwa lavi w. Ou vle rantre nan...
-
Konstwi yon mak biznis avèk yon istwa enspiran.
Yon istwa kache dèyè biznis ou a pèmèt kliyan ou konekte avèk ou pi fasil epi konsome sa wap ofri a san difikilte.
-
Kreye espas pou ou rete ou menm.
Idantifye nan ki sezon ou ye pou w kapab viv alèz.
-
Kle bonè w la rele sèvi.
Avantaj ou jwenn lè ou ap sèvi moun.
-
Rezon ki fè yon fanm pa kapab rete nan yon relasyon.
Ou merite yon relasyon sakre.
-
Meditasyon 5: Mwen chwazi yon enstriman lapè.
Seri Lapè disponib nan ou.
-
Meditasyon 4: Map toujou di mèsi.
Seri Lapè disponib pou ou.
-
3 rezon ki fè ou ta dwe gen mennaj.
Atansyon : pa kouri gen yon mennaj pou gen yon mennaj. Aprann kòman pou ou atire moun pa w la nan lavi w avan.
-
Sekrè pou ou genyen bon zanmi nan lavi w.
Comment culitiver une amitié saine.
-
Meditasyon 3: Mwen chwazi konfyans.
Seri Lapè disponib pou ou. 5 jou meditasyon pou ou libere tout perèz
-
Meditasyon 2 : Mwen aksepte tout bagay.
Seri Lapè disponib pou ou. 5 jou meditasyon pou ou libere tout perèz.
-
Meditasyon 1: mwen lage tout jijman.
Seri Lapè disponib pou ou. 5 jou meditasyon pou ou libere tout perèz.
-
Meditasyon gide sou lapè.
Intro seri " Lapè disponib pou ou ". 5 jou meditasyon pou ou libere tout perèz.
-
Siy ki montre patnè w la pa vle bonè w.
Pa kite pèsòn fè w kwè ou se yon viktim nan relasyon ou a. Ou gen pouvwa pou ou transfòme l epi kreye yon relasyon sakre.
-
2 eleman pou biznis ou a mache.
Jwenn yon objektif klè ki ap fè w rete fokis epi sèvi ak konsantrasyon chak jou pou w atenn li.
-
Siy ki montre ou konn vann byen.
2 siy ki montre ou metrize domèn vann yon fason konsyan epi entèlijan an.
-
Fason pou ou elimine rankin nan kè w.
Rankin se yon emosyon pwazon ki kapab rann lavi w mizerab. Ann wè ansanm fason ou kapab libere w epi jwenn lapè ke ou ye a.
-
Pa kite anyen bloke rèv ou a.
Mwen pataje avèk ou 4 etap ki ap pèmèt ou fè fas ak blokaj ou kapab rankontre sou sout rèv ou a.
-
Rezon pou ou padone mennaj ou a
Chak moun ki fè w mal la pou montre w pati pou ou korije nan ou.
-
Patnè ou a ap tann ou.
Gen 2 ekstrèm pou ou pa tonbe ladan yo : manipilasyon ak wanga. Netwaje enèji w, kwè Bondye an favè w epi ou ap atire mennaj oubyen mari sa nan lavi w.
-
3 konsèy avan ou lanse w nan biznis.
Coach Johnny Homelus pataje konesans li nan domèn biznis avèk nou.
-
Sèl kondisyon lanmou mande
Lanmou pa mande ayen. Sèl "kondisyon" li mande se kite l pran tout plas nan relasyon an.
-
Konekte w ak rèv ou a.
Koneksyon se premye eleman ki ap pèmèt ou reyalize rèv sa ki nan pwofondè kè w.
-
3 pilye ki ap pèmèt ou reyalize rèv ou a.
Chak siksè gen yon efò ki kache dèyè l. Idantifye epi aksekte pri ou dwe peye pou rèv ou a reyalize.
-
3 siy ki montre ou gen yon gwo rèv.
De tout fason ou ap reve, reve gran.
-
Fason pou ou idantifye rèv ou a.
Rekonekte w avèk esans ou pou ou jwenn repons sou rèv sa ki ap pèmèt ou viv alèz.
-
Bon moman an pa ekziste.
Rèv ou a ap tann ou. Pi bon moman pou ou demare avèk li se kounya, jodia, kote w ye la. Si w demare, tout lòt zouti ou bezwen yo ap vini.
-
Deside kiyès ou vle ye
Reveye moun ekstraòdinè ki kache nan ou a nan selebre diferans ou. Pozisyone w kounya.
-
Fason rapid pou ou dekouvri talan ou yo
Talan ou a se trezò ou ap ofri ak mond la. Li enpòtan pou ou dekouvri l epi fè lajan avèk li pou ou sèvi plis moun toujou nan ede yo transfòme lavi yo.
-
Mete fokis ou sou sa ki ap mache
Kote enèji w ye se la esans ou ap ye. Pa kite anyen ni okenn moun anpeche ou viv nan kè kontan ou ye tout von vre a.
-
Byenvini sou Yon Vi Alèz !
Mwen kontan ofri w kontni sou devlopman pèsonèl ak espirityèl ki ap pèmèt ou kreye lavi ou reve a.
We're indexing this podcast's transcripts for the first time — this can take a minute or two. We'll show results as soon as they're ready.
No matches for "" in this podcast's transcripts.
No topics indexed yet for this podcast.
Loading reviews...
ABOUT THIS SHOW
YON VI ALÈZ se espas ki ap pèmèt ou jwenn ekilib nan 5 domèn nan lavi w yo pou ou kreye lavi ekstraòdinè ou merite a.
HOSTED BY
Guersye Beine
CATEGORIES
Loading similar podcasts...