Episodes
-
YTK.13: Antreprann nan moman kriz l Ekonomi
Moman aktyèl nap viv nan mond lan mande pou nou aprann kreye nouvo strateji pou kapab pote inovasyon nan aktivite ekonomik nou e kontinye grandi sou plan pwofesyonèl. Nan epizòd sa, Valery Fils-Aimé ak Fredcarme fè yon chita pale sou enpak sikonstans konfinman an nan domèn antreprenarya, kijan…
more -
YTK.12: Enpòtans nitrisyon nan maladi Diabèt l Byennèt
Diabèt se yon gwo epidemi yo pa pale ase sou li e k ap fè anpil ravaj nan mond lan. Nan epizòd sa, Elizabeth e Fabienne pote plis detay sou maladi sa, ansanm ak kèk konsèy sou kijan yon moun ki soufri maladi a kapab kontrole li epi kèk metòd prevansyon.
-
YTK.11: Enpak sa nap mete nan kò nou ak lespri nou genyen sou byennèt nou
Nan respè, konpasyon, pasyans ak lanmou pou tèt nou, nou kapab dekouvri anpil bagay pou ede nou jwen yon ekilib e viv pi byen chak jou. Nan epizòd sa Pamela ak Fredcarme fè yon chita pale sou enpak fason nou nouri nou genyen sou byennèt nou; relasyon ki genyen ant alimantasyon ak emosyon epi valè...
-
YTK.10: Chwa pwofesyonèl l Edikasyon
Fè chwa yon metye se yon bagay ki enpòtan nan lavi nou chak. Se yonn nan mwayen nou genyen pou eksprime moun nou ye a epi pote kontribisyon nou nan kominote kote nap viv. Nan epizòd sa, Ara ak Fabienne pale sou kisa nou dwe pran an konsiderasyon avan nou chwazi metye nou vle aprann yo.
-
YTK.09: Kreyativite
Kreyativite se kapasite yon moun genyen pou li mete touch pèsonèl li nan nenpòt sa l ap fè. Samuel ak Fredcarme te fè yon chita pale sou sijè sa, kisa l ye e kijan nou ka antre li nan aktivite nou fè chak jou, kelkeswa sou plan pwofesyonèl oubyen pèsonèl.
-
YTK.08: Relasyon koup l Relasyon
Ini lavi w ak lavi yon lòt moun se yon chwa ki mande anpil reskonabilite, pasyans, ak anpil lòt bagay. Nan epizòd sa Barbara ak Fabienne pale sou enpòtans kominikasyon ak lapriyè nan mitan yon relasyon koup. Barbara te pwofite pataje metòd li menm ak mari l itilize pou pèmèt yo dekouvri youn lòt…
more -
YTK.07: Emosyon: Solitid l Depresyon
Pale de sa nou santi se youn nan fason ki ka ede nou devlope anpati e amelyore relasyon nou gen ak tèt nou e avèk pwòch nou . Nan epizòd sa, Mamz'elle te resevwa Elder Charlot pou fè yon ti pale sou emosyon, solitid ak depresyon. Yo pale tou sou rezon ki fè li enpòtan pou nou aprann idantifye sa...
-
YTK.06: Nitrisyon l Byennèt
Nan epizòd sa Elisabeth ak Fabienne pale sou nitrisyon, kijan pou nou kreye yon balans nan fason nou alimante nou ak aktivite fisik nou reyalize chak jou, pou nou ka pran swen tèt nou e rete an sante. Elizabeth Calixte se yon nitisyonis, ki travay ak pasyan yo pou ede yo idantifye fason pou yo...
-
YTK.05: Fè lekòl lakay | Edikasyon
Nan epizòd sa Nastassia ak Fredcarme fè yon ti pale sou fè lekòl lakay nan moman konfinman an. Enpòtans sa genyen pou paran yo aprann kreye routin ak timoun yo e sitou aprann tande yo, fè konpromi ansanm avèk yo pou yo kapab kolabore nan aktivite yo gen pou fè. Nastassia Colimon se yon sikològ ki...
-
YTK.04 : Chanjman klimatik | Anviwònman
Nan epizòd sa, Patrice Cinéus ak Fabienne pale sou anviwònman, chanjman klimatik, enpak covid-19 la ak enpòtans sa genyen pou nou chak poze aksyon ki kapab pwoteje anviwònman an.
-
YTK.03: Sante Mantal Kay Timoun l Byennèt
Timoun jodi, granmoun demen! Nan epizòd sa, Barbara Alcéna ak Fredcarme pale sou sante mantal timoun : aprann tande e pale ak timoun yo ; bay emosyon timoun yo valè, se kèk nan pwen medam yo touche nan konvèsasyon sa. Barbara Alcéna se on travayè sosyal nan domèn pwoteksyon timoun depi 7 lane e…
more -
YTK.02: Sante mantal l Byennèt
Nan Epizòd sa, Tim Valda ak Fredcarme pale sou sante mantal, kisa li ye, ki enpòtans li genyen nan lavi nou e kijan nou kapab pwoteje tèt nou sou aspè sa espesyalman pandan peryòd konfinman an. Tim Valda se yon sikològ, konsiltan nan domèn kominikasyon ak fòmasyon. Li travay nan akonpayman fanm…
more -
YTK.01: Pase tan ak tèt ou | Konfinman
Nan epizòd sa Doris ak Fredcarme pale sou kijan yo viv moman konfinman an. Kijan yo òganize yo e kreye espas pou pran swen tèt yo.
Topics in this show
About this show
YonTikoze se yon podcast Mamz'elle kreye pou pataje konvèsasyon, eksperyans ak enfòmasyon pou ede jèn yo reflechi e grandi sou tout nivo.Mamz'elle se yon platfòm ki fè pwomosyon devlòpman pèsonel lakay jèn fanm.
Hosted by
Mamz'elle
Categories