EPISODE · Jul 28, 2026 · 1H 2M
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 jiyè 2026
from Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Madi 28 jiyè 2026, 3pm - 6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan Citigroup, 388 Greenwich St, nan Manhattan, NY Jodi 28 jiyè 2026 la fè 111 lannen depi Meriken te debake lakay nou epi yo okipe peyi a pandan 19 lannen; Nou pa p janm bliye jenosid, piyaj, ak imilyasyon yo te pote lakay nou; Nou jete dlo pou Pyè Sili, Chalmay Peralt, Benwa Batravil, tout Kako yo, ak tout lèzòt ki te kanpe anfas okipasyon an Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl: -Majistra New York la Zoran Mamdani enstale ansyen polisye Edwin Raymond alatèt biwo "Sheriff" lavil NY la yè nan yon seremoni nan Brooklyn College; Majistra a di koze pèsekisyon Ayisyen Ozetazini an pa p fè yon pa Kita, yon pa Nago, se monte kominote sa a ap kontinye monte pi wo Mobilizasyon pou manif apremidi a devan katye jeneral Citigroup, 388 Greenwich St, nan Manhattan, NY
Embed this episode
Ready to play
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 jiyè 2026
No transcript for this episode yet
Similar Episodes
No similar episodes found.
Similar Podcasts
No similar podcasts found.