-
100
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 15 septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Donald Trump pwopoze Austin Holmes kòm nouvo anbasadè Etazini ann Ayiti; Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Kòmantè Ayiti Koupe Fache "Aba Eleksyon Malatchong" 14 septanm 2026; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Trump nome Austin Holmes nouvo anbasadè li ann Ayiti anvan l ta pèdi majorite l nan sena Meriken an Segman Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Repòtaj Kay Vwazen ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl: -Plizyè eta ap asiyen federal la ki deside anpeche imigran ak estati frajil ki te jwenn sipò leta vin jwenn yon estati pèmanan -Gen yon nouvo enkilpe Miami nan dosye Jovenel Moise la: Rafael Guerrero ki te siyen pou prete $150,000 labank pou envesti nan konplo a -Pwopozisyon peyizan Nòdès yo pou fason $48 milyon Bank Entèamerikèn Devlopman ak Fon Entènasyonal pou Devlopman Agrikilti ap bay pou agrikilti ta dwe depanse Kòmantè Ayiti Koupe Fache "Aba Eleksyon Malatchong" 14 septanm 2026 Gwo desizyon ki anfas fanmi nou yo ki pèdi TPS lè yo resevwa lèt pou yo prezante nan imigrasyon Anons
-
99
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 14 septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Ti rapò sou lantèman Jude ak lantèman Serge Belance (Yoyo Fritay); Segman Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Ti rapò sou lantèman Jude ak lantèman Serge Belance (Yoyo Fritay) Segman Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Nouvèl: -Yon kalvè pou Ayisyen yo k te nan avyon depòtasyon Meriken an jedi pase a -Jeremiah Mast (Christian Aid Ministries) plede koupab nan Ohio pou 2 ka kadejak pedofili ann Ayiti pandan li rekonèt li te fè omwen 30 zak konsa -Malgre akizasyon kadejak sou ti gason ak ti fi Ayisyen, Etazini ak Nasyonzini deside voye 1,132 sòlda Sri Lanka tounen ann Ayiti -Trump ak Repibliken yo pran nan gonm pou vòt nan pwochen eleksyon mi manda mwa novanm nanepi yo ofri Meriken k peye taks $5000 si Repibliken genyen eleksyon an -Madan Iris Baez janbe jedi a Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
98
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 10 septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Entèvyou Radio Caraibes ak kouzen Willard Vancol sou kadav Willard yo jwenn nan Ti Boukan; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Nouvèl la tonbe epi l frape nou fò: Yo jwenn restan kadav frè nou konpatriyòt nou Willard Vancol nan forè ITECA a nan lokalite Ti Boukan nan Gresye Anons: Frè nou Jude Joseph, PDG Radyo Pa Nou janbe l al jwenn zansèt yo; Ekspozisyon an ap fèt Vandredi 11 septanm, 5pm-10pm nan Cariibe Funeral Home (Utica ak Ave K) epi lantèman an ap chante 8AM Samdi 12 septanm nan legliz Wesleyan ki nan kwen Ave D ak Ocean Ave. Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen Nou pase entèvyou emisyon Premye Okazyon nan Radio Caraibes FM fè maten an ak konpatriyòt Claude Bernard ki se kouzen konpatriyòt Willard Vancol Anons
-
97
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 9 septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Jiskounyè a pa gen nouvèl klè sou konpatriyòt nou Willard Vancol Anons: Frè nou Jude Joseph, PDG Radyo Pa Nou janbe l al jwenn zansèt yo; Ekspozisyon an ap fèt Vandredi 11 septanm, 5pm-10pm nan Cariibe Funeral Home (Utica ak Ave K) epi lantèman an ap chante 8AM Samdi 12 septanm nan legliz Wesleyan ki nan kwen Ave D ak Ocean Ave. Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Reyalite anbago Meriken an k ap sere boulon tout aspè lavi fanmi nou yo nan Kiba Lekòl leta pou timoun ap louvri nan NY la demen; Pridans men nou pa konseye fanmi yo pa voye timoun yo lekòl Dosye kidnaping avoka abolotcho Caleb Jean Baptiste Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
96
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 8 septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Jiskounyè a pa gen nouvèl klè sou konpatriyòt nou Willard Vancol Anons: Frè nou Jude Joseph, PDG Radyo Pa Nou janbe l al jwenn zansèt yo; Ekspozisyon an ap fèt Vandredi 11 septanm, 5pm-10pm nan Cariibe Funeral Home (Utica ak Ave K) epi lantèman an ap chante 8AM Samdi 12 septanm nan legliz Wesleyan ki nan kwen Ave D ak Ocean Ave. Ti rapò sou kanaval Eastern Parkway a k fèt yè lendi a Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl: -Vòt nan Nasyonzini Vandredi pase pou mande pou moun atravè lemonn ta sèvi ak yon kat jeyografik ki plis koresponn ak reyalite gwosè peyi yo ye tout bon -Parad anyèl Taliban yo fè devan Anbasad Tazini nan Kabul, Afghanistan ak zouti ak zam lame Meriken te eseye detwi anvan yo te kouri kite yo -Depans gouvènman Kwoupyon an di l fè pou ouvèti lekòl la yè Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
95
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 7 septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; ; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Jiskounyè a pa gen nouvèl klè sou konpatriyòt nou Willard Vancol Anons: Frè nou Jude Joseph, PDG Radyo Pa Nou janbe l al jwenn zansèt yo; Ekspozisyon an ap fèt Vandredi 11 septanm, 5pm-10pm nan Cariibe Funeral Home (Utica ak Ave K) epi lantèman an ap chante 8AM Samdi 12 septanm nan legliz Wesleyan ki nan kwen Ave D ak Ocean Ave. Jodi a se "Labor Day" Kanaval karibeyen sou Eastern Parkway: Pridans nan lari a! Nou salye fanmi yo ki te fè yon vijil vandredi swa pou salye memwa ti frè nou Pierre Damas Bel, jèn gason 20 lannen sila a ki ta touye tèt li lendi pase nan Springfield, Ohio Levanjil Liberasyon an ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Refleksyon sou vòl dola senkant dyaspora a 15 lannen apre lè Martelly te koumanse vòlè lajan sila a Nouvèl Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
94
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 3 septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Dosye Suisid ti frè nou Pierre Damas Bel; Operasyon DHS batize "Pòm Pouri" nan NY la; "Ajisteman" nan kalandriye Konsèy Elektoral Kwoupyon an; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Jiskounyè a pa gen nouvèl klè sou konpatriyòt nou Willard Vancol Anons: Frè nou Jude Joseph, PDG Radyo Pa Nou janbe l al jwenn zansèt yo; Ekspozisyon an ap fèt Vandredi 11 septanm, 5pm-10pm nan Cariibe Funeral Home (Utica ak Ave K) epi lantèman an ap chante 8AM Samdi 12 septanm nan legliz Wesleyan ki nan kwen Ave D ak Ocean Ave. Nou ta renmen tande opinyon oditè nou sou gwo dosye semèn sa a ki se Pierre Damas Bel, jèn gason 20 lannen sila a ki ta touye tèt li nan Springfield, Ohio Liy ouvè ak oditè yo Nouvèl -Yè madi a DHS anonse depi fen mwa jiyè a y ap mennen yon operasyon yo rele "Operation Rotten Apple" (Pòm Pouri) nan eta New York la kote yo rive ranmase prèske 2,200 imigran yo idantifye kòm asasen kriminèl, kadejakè nan eta a Liy ouvè ak oditè yo Konsèy Elektoral Kwoupyon an anonse li fè yon ti ajisteman nan kalandriye elektoral yo a pou bay pati ak gwoupman politik yo plis tan pou yo prezante ak 30,000 manm pou chak pati oswa regwoupman sa yo Anons
-
93
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 2 septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Jiskounyè a pa gen nouvèl konpatriyòt nou Willard Vancol Anons: Frè nou Jude Joseph, PDG Radyo Pa Nou janbe l al jwenn zansèt yo; Ekspozisyon an ap fèt Vandredi 11 septanm, 5pm-10pm nan Cariibe Funeral Home (Utica ak Ave K) epi lantèman an ap chante 8AM Samdi 12 septanm nan legliz Wesleyan ki nan kwen Ave D ak Ocean Ave. Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista Nouvèl -Pòtpawòl Fòs Represyon Gang nan Igor Ruzwiga anonse yè bagay yo pa klè ditou pou nwa oktòb la epi yo pa bay garanti pou eleksyon 13 desanm nan -Chanm Depite Merkien an bay yon pwolongasyon pou HOPE/HELP la jiska mwa desanm 2028 -Ajans Avyasyon Meriken anonse yè yo ranvwaye ouvèti Ayewopò Tousen Louvèti nan Pòtoprens pou 2 mas 2027 -Palman kwoupyon nan Venezyela ratifye akò chanpwèl ki fè Meriken kado luil Delcy Rodriguez siyen ak Donald Trump lan Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
92
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye septanm 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Jiskounyè a pa gen nouvèl konpatriyòt nou Willard Vancol Anons: Frè nou Jude Joseph, PDG Radyo Pa Nou janbe l al jwenn zansèt yo; Ekspozisyon an ap fèt Vandredi 11 septanm, 5pm-10pm nan Cariibe Funeral Home (Utica ak Ave K) epi lantèman an ap chante 8AM Samdi 12 septanm nan legliz Wesleyan ki nan kwen Ave D ak Ocean Ave. Pierre Damas Bel, yon jèn gason 20 lannen mouri apre l al foure tèt li anba yon gwo kamyon sou otowout nan Ohio, li parèt msye pa t ka sipòte imilyasyon braslè elektwonik ICE te mete nan pye li Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl -Ti komik Konsèy Elektoral Pwovizwa yo nan Kanada, yo di y ap aprann ki jan pou yo ta fè eleksyon nan dyaspora -Anpil Ayisyen nan Boston ap ranje kò yo pou yo janbe anba fil rive Kebèk -Gad fwontyè Meriken an Tom Homan di kondisyon sekirite Ayiti pa regade l, le ou la fason l ap voye tout Ayisyen tounen lakay nou -Gwo Moso Donald Trump ozanj apre l rive kase ponyèt dirijan restavèk Venezyela yo fè yo siyen yon papye pou ba li 20 pousan rezèv 300 milya baril luil peyi sila a Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
91
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 31 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Rapò manif Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen fè vandredi 28 out la; Nouvèl; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Jiskounyè a pa gen nouvèl konpatriyòt nou Willard Vancol Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Rapò ak son manifestasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen fè vandredi a sou dosye imigrasyon an Nouvèl -Reyinyon Konsèy Sekirite Nasyonzini fè vandredi a -Inondasyon nan Nepal-Tibèt; Anpil anpil moun mouri -Jounal Haitian Times rapòte Renan Hedouville, ansyen Pwotektè Sitwayen peyi nou ta nan prizon nan men ICE nan Alabama Anons
-
90
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 27 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; ITECA pibliye yon nouvo nòt pou anonse yo pa gen nouvèl frè nou Willard Vancol; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin ITECA pibliye yon nouvo nòt pou anonse yo pa gen nouvèl frè nou Willard Vancol Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista Anons Nou voye fòs, kouraj, ak lanmou pou tout fanmi nou yo k ap travèse moman difisil anba men gang teworis yo semèn sa a Anons
-
89
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 26 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nouvèl; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Nou salye konpatriyòt Willard Vancol gang ki rele tèt li 103 zonbi te kidnape jedi pase; Fanmi li ak kolaboratè l yo panko gen nouvèl li Nou pase yon kòmantè konpatriyòt Vancol te fè sou sasinay Claudy Museau Nouvèl -Plis detay ki soti sou masak ki fèt nan Kenskòf dimanch swa -Ayisyen nan Chili manifeste devan Anbasad Ayiti nan peyi sila a pou egzije gouvènman Ayisyen an renmèt yo dokiman "Bòn vi e mès" yo peye pou li pou yo ka jwenn rezidans Chili -Lajistis Etazini finalman lage Dimitri Vorbe epi ekzije li kite peyi a -Sou masak nan Kenskòf la: Se nan katye Komisarya Kenskòf la plis moun mouri epi li ta parèt lapolis pa tire yon katouch; Mesaj Dr. Pape yo boule kay li epi touye chen ak chwal li, Msye di sa pa ka rete konsa nan peyi a Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
88
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 25 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou 68yèm Konvansyon UNIA ki te fèt semèn pase a nan Baltimore epi sou leve kanpe zansèt nou yo ki vin bay Revolisyon Ayisyen an; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nou sonje konpatriyòt Joseph Jean Denis ki te kanpe anfas Magalie Habitant nan manif kont Ariel Henry nan Petyonvil Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou 68yèm Konvansyon UNIA ki te fèt semèn pase a nan Baltimore epi sou leve kanpe zansèt nou yo ki vin bay Revolisyon Ayisyen an Anons
-
87
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 24 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Gang teworis Viv Ansanm nan Gresye atake Radyo Kominotè Ti Boukan jedi 20 out la epi yo pati ak konpatriyòt Willard Vancol ki se direktè radyo a; Yon lòt masak ankò nan Kenskòf; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Liy ouvè ak oditè yo; Pou ki sa tout Ayisyen sa yo nan kominote a ki rele tèt yo militan nan tete lang ak blan Meriken Kim Ives ki se mèt jounal gang teworis Haiti Liberté ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Gang teworis Viv Ansanm nan Gresye atake Radyo Kominotè Ti Boukan jedi 20 out la epi yo pati ak konpatriyòt Willard Vancol ki se direktè radyo a Yon lòt masak ankò nan Kenskòf Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Nou denonse Ayisyen nan kominote a k ap sèvi dra pou chèf gang teworis Viv Ansanm Kim Ives Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
86
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 20 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Komedi eleksyon pike kole lakay nou; Pati Politik ak Gwoupman politik yo jwenn nimewo yo; Alatèt OEA a Luis Almagro bay dizon li; Istwa Jean Claude Martineau (Koralen); Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Komedi eleksyon pike kole lakay nou; Pati Politik ak Gwoupman politik yo jwenn nimewo yo; Alatèt OEA a Luis Almagro bay dizon li Pale moun nan Nò - Jean Claude Martineau (Koralen) Nouvèl Gouvènman Trump lan jwenn lese pase nan tribinal federal District Court nan Washington pou l ranmase imigran k te rantre Etazini nan Pwogram Biden nan ak nan CBP-1 pou l arete epi voye moun sa yo tounen lakay yo Anons
-
85
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 19 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, responsab òganizasyon Flanbwayan Haitian Literacy Project; Repòtaj Kay Vwazen nan peyi Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Ti koze ak sè nou Darnell Benoit, responsab òganizasyon Flanbwayan Haitian Literacy Project sou lekòl ki pral ouvè toutalè la a nan yon sezon kote administrasyon Trump la ap entimide imigran epi Sant Teknoloji Flanbwayan ouvè nan lokal li a jodi a Repòtaj Kay Vwazen nan peyi Kiba ak frè nou Hilario Batista; Gouvènman Kiben an pibliye yon manman dokiman 23 tòm ki genyen dokiman Fidel Castro soti 1940 rive 2016 Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
84
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 18 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Rapò parad ki fèt nan Harlem yè apremidi pou onore Marcus Garvey-Nou pase vwa Garvey k ap esplike objektiv òganizasyon an; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence; Nouvèl; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Rapò parad ki fèt nan Harlem yè apremidi pou onore Marcus Garvey-Nou pase vwa Garvey (jiyè 1921) k ap esplike objektiv òganizasyon an Nouvèl: -Ata restavèk Andre Michel di l pa wè eleksyon posib nan 3 mwa Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl -Haitian Times rapòte gen 6 kandida dorijin Ayisyen k ap patisipe nan eleksyon "Primary" nan Florid jodi a -Avoka Dimitry Vorbe nan Florid pote plent nan tribinal federal pou Vorbe finalman jwenn liberasyon li -Aktivis Meriken Ralph Nader di olye chèf Pati Demokrat yo ki nan lejislati Meriken an te di Trump fè plis pase 2 milya dola nan premye ane dezyèm tou li kòm Prezidan pèp la t ap pi byen konprann si yo te di msye t ap fè 1.1 milyon chak èd tan si l t ap travay 40 èd tan Anons
-
83
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 17 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Rapò ak son Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak frè nou Raymond Dugue sou 139yèm anivèsè nesans Marcus Garvey k ap selebre ak yon parad nan Harlem apremidi a; Nouvèl; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Rapò ak son Seremoni Bwa Kayiman nan Prospect Park Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Ti koze ak frè nou Raymond Dugue sou 139yèm anivèsè nesans Marcus Garvey k ap selebre ak yon parad nan Harlem apremidi a Nouvèl -Yon delegasyon OEA, CARICOM, Bank Entèameriken Devlopman nan peyi nou pou pouse eleksyon pike kole a -Nan mitan gwo tèt chaje lame Meriken Trump deklare l apral fè Pasaj Òmuz la tounen yon teritwa Meriken Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
82
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 13 out 2026
Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Ti koze ak sè nou Carole Bienvenue sou selebrasyon nou te fè yè swa pou nesans manman peyi nou Enperatris Mari Klè Erez Felisite Bonè Desalin; Konbit pou Seremoni Bwa Kayiman Fanmi Granbwa fè chak ane nan Prospect Park nan Brooklyn nan; Anons ******* Entwo Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Ti koze ak sè nou Carole Bienvenue ki te kolabore ak nou pou reyalize selebrasyon nou te fè yè swa pou nesans manman peyi nou Enperatris Mari Klè Erez Felisite Bonè Desalin Konbit pou Seremoni Bwa Kayiman Fanmi Granbwa fè chak ane nan Prospect Park nan Brooklyn nan Anons
-
81
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 12 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Konbit pou selebrasyon Manman Klè Erez n ap fè nan Brooklyn nan aswè a; Repòtaj Kay Vwazen nan peyi Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Ti koze ak frè nou Guesly Morisseau (Ti Gous), istoryen kominote a sou bagay li panse kominote a ta dwe konnen sou Manman Klè Erez; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons Repòtaj Kay Vwazen nan peyi Kiba ak frè nou Hilario Batista Ti koze ak frè nou Guesly Morisseau (Ti Gous), istoryen kominote a sou bagay li panse kominote a ta dwe konnen sou Manman Klè Erez
-
80
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 11 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Ti koze sou imigrasyon nan Kanada ak frè nou Frantz Andre ki se responsab nan òganizasyon Komite Aksyon pou Moun ki pa gen Dokiman nan Kebèk; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons Ti koze sou imigrasyon nan Kanada ak frè nou Frantz Andre ki se responsab nan òganizasyon Komite Aksyon pou Moun ki pa gen Dokiman Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl -Yon Goudougoudou 7.4 frape peyi Kolonbi yè lendi a; Gwo tèt chaje! -Majistra New York la Zohran Mamdani esplike bay jounalis yè apre l te fin rele Trump pou mande l gras Ayisyen ak TPS yo epi Gwo Moso te refize, li pa t gen chwa, li te blije idantifye epi revoke tout Ayisyen k te gen TPS ki t ap travay pou gouvènman lavil NY la Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
79
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 10 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons Refleksyon nou sou 6 ak 9 out 1945; Ane 2026 la fè 81 lannen depi Etazini fè pi gwo krim lagè mond lan janm konnen Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Nouvèl -Mesaj Majistra New York la Zohran Mamdani pataje vandredi swa sou lòd Trump pase li pou l idantifye epi revoke tout Ayisyen k te gen TPS ki t ap travay pou gouvènman lavil NY la -Trump siyen 2 nouvo dekrè jedi a pou l elimine "birthright citizenship" pou yon kategori moun isit Ozetazini -Iran fè Etazini egzijans militè, politik, epi ekonomik pou l ta konsidere louvri Pasaj Òmouz la Anons
-
78
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 6 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Anons; Nou pale ak frè nou Raymond Dugué sou sitiyasyon imigrasyon Ayisyen Ozetazini ak travèse jodi a epi sou jan peyi Iran kanpe djanm anfas agresyon Etazini an; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou sitiyasyon imigrasyon Ayisyen Ozetazini ak travèse jodi a epi sou jan peyi Iran kanpe djanm anfas agresyon Etazini an Anons
-
77
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 5 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Nou pale ak frè nou Raymond Dugué sou sitiyasyon imigrasyon Ayisyen Ozetazini ak travèse jodi a epi sou jan peyi Iran kanpe djanm anfas agresyon Etazini an; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons Ti koze ak frè nou Raymond Dugué sou sitiyasyon imigrasyon Ayisyen Ozetazini ak travèse jodi a epi sou jan peyi Iran kanpe djanm anfas agresyon Etazini an Nouvèl: -Toutalè a Jij Federal Ana Reyes siyen papye ki bay Gouvènman Trump lan lese pase pou kanpe TPS pou Ayisyen ak Siryen; Apre 16 lannen TPS pou Ayisyen resi fini jodi a Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nou pale ak konpatriyòt Francisco Diaz ki se Prezidan Kominote Ayisyen nan Guantanamo; Nou remèsye tout oditè yo ak lòt fanmi nou ki te achte liv Hilario a Anons
-
76
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 4 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Nouvèl: Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence sou prezans Erik Prince nan peyi a; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons Nouvèl: -Vandredi a Jij Federal Allison Burroughs bloke desizyon Gouvènman Trump lan pou yo fèmen TPS pou moun peyi Somali k ap viv Ozetazini ak estati sila a Refleksyon sou entèvyou m te genyen maten an ak yon estasyon radyo Jamayiken nan NY la Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Kòmantè frè nou Jean Paul Spence sou fason li twouve Ayisyen anndan kou deyò peyi a amòf parapò ak prezans asasen kriminèl "Bouche Baghdad la" Erik Prince nan peyi a Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
75
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 3 out 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Rapò ak son manifestasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou dosye TPS ak imigrasyon an jeneral; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul sou manif samdi a epi sijesyon nan fason kominote nou an ta dwe ede fanmi ki an difikilte travèse move k ap pase a; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons Rapò ak son manifestasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen sou dosye TPS ak imigrasyon an jeneral Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Ti koze ak sè nou Ninaj Raoul sou manif samdi a epi sijesyon nan fason kominote nou an ta dwe ede fanmi ki an difikilte travèse move k ap pase a Anons
-
74
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 30 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Liy ouvè ak oditè yo Nouvèl: -Dosye eleksyon ak gang nan fè tout moun wè se vrèman yon bann ti komik k ap dirije lakay nou -Monseyè Thomas Wensky nan Florid ap fè pòt an pòt nan Washington pou wè si l a jwenn ase vòt nan chanm Sena a pou travèse veto Donald Trump pwomèt pou ekstansyon 3 lannen TPS la -Reprezantan Tazini nan LONI an viredo l pandan Lafrans t ap kritike pozisyon Etazini sou dwa moun; Etazini di je blan franse pa manke pa chèch pou se li k ap kritike moun sou dwa mou Anons
-
73
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 29 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Rapò ak son manif KOMOKODA kont Citigroup; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Rapò ak son manifestasyon KOMOKODA te fè yè devan katye jeneral Citigroup nan Manhattan Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista Nouvèl: -CARICOM ak OEA bat gwo bravo ak 2 men epi 2 pye pou malpwòp blan mete kòm dirijan lakay nou ki anonse premye tou eleksyon ansanm ak referanndòm pou 13 desanm 2026 epi dezyèm tou pou 21 fevriye 2027 -Gouvènman kwoupyon lakay li di li pare pou resevwa tout Ayisyen Gwo Moso deside voye tounen lakay -Depite Repibliken Brian Mast ki fèk tounen sot Ayiti di dosye sekirite a konplike nan peyi a epi li kwè se retou gason enganm Trump ap voye tounen yo ki ka rezoud pwoblèm sekirite Ayiti a -Administrasyon Trump lan ap tann Jij Ana Reyes siyen yon dènye dokiman k ap gen pou otorize fen TPS la Anons
-
72
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 28 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Madi 28 jiyè 2026, 3pm - 6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan Citigroup, 388 Greenwich St, nan Manhattan, NY Jodi 28 jiyè 2026 la fè 111 lannen depi Meriken te debake lakay nou epi yo okipe peyi a pandan 19 lannen; Nou pa p janm bliye jenosid, piyaj, ak imilyasyon yo te pote lakay nou; Nou jete dlo pou Pyè Sili, Chalmay Peralt, Benwa Batravil, tout Kako yo, ak tout lèzòt ki te kanpe anfas okipasyon an Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl: -Majistra New York la Zoran Mamdani enstale ansyen polisye Edwin Raymond alatèt biwo "Sheriff" lavil NY la yè nan yon seremoni nan Brooklyn College; Majistra a di koze pèsekisyon Ayisyen Ozetazini an pa p fè yon pa Kita, yon pa Nago, se monte kominote sa a ap kontinye monte pi wo Mobilizasyon pou manif apremidi a devan katye jeneral Citigroup, 388 Greenwich St, nan Manhattan, NY
-
71
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 27 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Ranmase sou selebrasyon Eritye Papa Desalin te fè samdi swa pou fèt Vanyan an; Galipòt - Istwa Koralen; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Madi 28 jiyè 2026, 3pm - 6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan Citigroup, 388 Greenwich St, Manhattan, NY Ranmase sou selebrasyon nesans Papa Desaline samdi 25 jiyè 2026 Istwa Koralen - Galipòt Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Nouvèl: -Jodi 27 jiyè 2026 la ta dwe dènye jou fanmi nou yo ak TPS ta andwa viv legalman ak estati TPS la isit Ozetazini -Dènye devlopman nan lagè Etazini ap mennen kont Iran depi 28 fevriye a Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
70
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 23 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Jodi a se 23 jiyè 2026, 39 lannen depi masak Grandon, yèrachi legliz Katolik, ak Lame D Ayiti te fè nan Janrabèl; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Samdi 25 jiyè 2026, 6pm: "Bòn Fèt Papa Desalin" nan 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY -Madi 28 jiyè 2026, 3pm - 6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan Citigroup, 388 Greenwich St, Manhattan, NY Jodi a se 23 jiyè 2026, 39 lannen depi masak Grandon, yèrachi legliz Katolik, ak Lame D Ayiti te fè nan Janrabèl Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen Nouvèl: -Konpayi Royal Caribbean deside pwolonje sispansyon kwazyè yo nan Labadi jiska mwa jen 2027 -Sena Meriken an pa dakò pou yo vote sou ekstansyon 3 lannen TPS pou Ayisyen -Dènye nouvèl nan lagè Etazini ap fè kont peyi Iran Anons
-
69
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Nou pa rive fè kontak ak Hilario jodi a - Nou pataje refleksyon nou sou diskou Fidel 26 jiyè 1988 kote l esplike pou ki sa se yon sèl pati politik ki genyen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Samdi 25 jiyè 2026, 6pm: "Bòn Fèt Papa Desalin" nan 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY -Madi 28 jiyè 2026, 3pm - 6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan Citigroup, 388 Greenwich St, Manhattan, NY Refleksyon nou sou diskou Fidel 26 jiyè 1988 kote l esplike pou ki sa se yon sèl pati politik ki genyen Kiba Nouvèl: -2 jou anvan dat 24 jiyè pèmi travay ta sipoze ekspire pou fanmi nou yo ki gen TPS yo, yo gwoup avoka leta nan 20 eta met ekri chanm Sena a yon lèt pou ankouraje yo vote pwopozisyon ekstansyon 3 lannen TPS pou Ayisyen an epi pou yo vini ak yon chimen pou tout moun ki gen TPS yo ka vin gen rezidans pèmanan Liy ouvè ak oditè yo Michael Kozak, yon responsab nan Depatman Deta Meriken an parèt devan Kongrè yo pou bay tout kalte detay sou sitiyasyon gang yo ann Ayiti epi esplike pou ki sa Meriken chwazi estrateji yo chwazi a pou jere dosye gang nan Anons
-
68
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 21 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Ti pale ak konpatriyòt Roland Sainristil, responsab nan òganizasyon Fanmi Lavalas nan NY; Nouvèl; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence sou "Ti Bob MOKAM"; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Samdi 25 jiyè 2026, 6pm: "Bòn Fèt Papa Desalin" nan 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY -Madi 28 jiyè 2026, 3pm - 6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan Citigroup, 388 Greenwich St, Manhattan, NY Nouvèl: -Martelly rantre Ayiti semèn pase malgre sanksyon Etazini ak Kanada; yè lendi a li pase plizyè èd tan ap temwanye devan Jij Jean Denis Cyprien sou dosye Jovenel Moise la; Pou lari a ki wè msye k ap mete bann rara nan lari tout kote l prale se zafè pouvwa asasen kriminèl la vin regle -Dènye nouvèl nan lagè Etaizni ap mennen kont Iran depi mwa Fevriye a; Batay la remare rèd malgre plizyè tantativ kanpo nan goumen an Kòmantè frè nou Jean Paul Spence sou "Ti Bob MOKAM" (Bob Limontas) Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
67
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 20 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Nou te eseye patisipe nan Veye Kiltirèl pou frè nou Bob Limontas vandredi swa men sa pa p posib; Ranmase ak son selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre Kominote a te fè samdi swa; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Plis son nan selebrasyon pou Fritzner a; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Samdi 25 jiyè 2026, 6pm: Bòn Fèt Papa Desalin 3116 Clarendon Rd nan Brooklyn, NY -Madi 28 jiyè 2026, 3pm - 6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan Citigroup, 388 Greenwich St, Manhattan, NY Ranmase ak son selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre Kominote a te fè samdi swa Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Plis son selebrasyon Fritzner Pierre lan Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
66
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 16 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Entèvyou ak frè nou Menès Dejoie ansanm ak sè nou Lily Cerat sou zanmi kolaboratè yo Bob Limontas ki janbe jedi 9 jiyè a; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Vandredi 17 jiyè 2026, 5pm: Veye Patriyotik pou Bob -Samdi 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Samdi 18 jiyè 2026, 2pm: Lantèman frè nou Bob Limontas nan Torregrossa Funeral Home, 2265 Flatbush Ave nan Brooklyn, NY Entèvyou ak frè nou Menès Dejoie ansanm ak sè nou Lily Cerat sou Veye Kiltirèl y ap òganize demen swa pou selebre lavi frè nou Bob Limontas ki janbe jedi 9 jiyè a Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
65
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 15 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Entèvyou ak Konpatriyòt Itou sou zanmi kolaboratè li Bob Limontas ki janbe jedi 9 jiyè a; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Vandredi 17 jiyè 2026, 5pm: Veye Patriyotik pou Bob -Samdi 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Samdi 18 jiyè 2026, 2pm: Lantèman frè nou Bob Limontas nan Torregrossa Funeral Home, 2265 Flatbush Ave nan Brooklyn, NY Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista Entèvyou ak frè nou Itou ki gen kèk tan depi l tounen al viv ann Ayiti sou zanmi kolaboratè li Bob Limontas ki janbe jedi 9 jiyè a Anons
-
64
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 14 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Entèvyou ak Jacob Pierre-Louis sou zanmi kolaboratè li Bob Limontas ki janbe jedi 9 jiyè a; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Vandredi 17 jiyè 2026, 5pm: Veye Patriyotik pou Bob -Samdi 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Samdi 18 jiyè 2026, 2pm: Lantèman frè nou Bob Limontas nan Torregrossa Funeral Home, 2265 Flatbush Ave nan Brooklyn, NY Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl: -300 sòlda peyi Sri Lanka ateri mèkredi swa pou ranfòse Fòs Represyon oswa Sipresyon Gang nan; Nou lwen chif 5,500 sòlda plis 50 sivil zòt te pwomèt la -Li ta parèt se an 2028 lènmi nou yo pral mete sekirite nan peyi a epi kreye espas pou nòmalizasyon peyi a ak eleksyon Entèvyou ak frè nou Jacob Pierre-Louis ki gen kèk tan depi l tounen al viv ann Ayiti sou zanmi kolaboratè li Bob Limontas ki janbe jedi 9 jiyè a Liy ouvè ak oditè yo Anons Nou pase yon mizik Jacob konpoze entèvyou nou fè ak Jacob la enspire li epi li voye pataje li ak nou
-
63
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 13 jiyè 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Nou jete dlo pou frè nou Bob Limontas (Bob MOKAM) ki janbe Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Nouvèl: _Nouvo dat ekspirasyon work papye travay pou moun ki genyen TPS yo se 24 jiyè -Senatè Meriken Lindsey Graham ale nan peyi san chapo; Konpayèl li Mitch McConnel lopital -Dènye nouvèl sou lagè Etazini ap mennen kont Iran; Kòm atansyon pa kapon chèf sekirite li yo anpeche Gwo Moso Donald Trump vwayaje nan bèl nouvo avyon byen klere $400 milyon dirijan peyi Qatar yo te fè l kado; Apre koze revanj nouvo Ayatollah Iran an Gwo Moso a menase chavire bagay yo nèt ale si malè ta rive l oswa ta manke rive l -Kèk nan foutbolè ki te nan ekip ki te reprezante Ayiti nan Koupdimond la ap vizite peyi nou Nou pase yon entèvyou Lakou New York te fè 1-12-2010 ak konpatriyòt Bob Limontas sou frè nou Daniel Simidor ki te janbe dimanch 10 janvye 2010 Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
62
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 9 jiyè 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons ********* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista Nouvèl: -Lis peyi k te vote kont Kiba madi a nan Nasyonzini a epi lis peyi ki te fè abstansyon -Batay la remare rèd rèd ant Etazini ak Iran -Chif kadav la nan Goudougoudou Venezyela a rive depase 3,811 moun, blese yo depase 16,700, epi moun ki disparèt yo rete nan zòn 50,000 Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
61
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 8 jiyè 2026
Nou salye epi n remèsye oditè nou yo ak tout sa ki ede nou pote chay emisyon an; Anons; Nouvèl; Anons ********* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Tanpri ede nou fin vann liv nouvo liv Hilario a -Samdi 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Nouvèl -Kiba te konvoke yon gwo deba nan Nasyonzini yè madi a sou anbago Meriken an k ap lakòz plis lanmò ak soufrans lakay yo chak jou; Meriken menase tout peyi ki dakò pou vote pou dosye Kiba a adrese nan Nasyonzini; Anbasadè Meriken nan Nasyonzini gen odas pou l di Kiba konn ki sa pou l fè pou presyon an bese -Pri tikè match Koup Dimond yo bese anpil apre pil koken ak kontwovès nan match yo -Misil retounen ap tire tribò babò nan zòn yo rele Mwayen Oryan an; Gwo Moso Donald Trump anonse li sezi epi fache dèske li aprann Iranyen yo vle touye li Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
60
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 7 jiyè 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Kòmantè frè nou Jean Paul Spence sou menas teworis Ameriken Erik Prince reprezante pou Ayiti Nouvèl: -Gwo Moso Donald Trump fè konnen se presyon li te fè sou prezidan FIFA a Gianni Infantino ki fè òganizasyon an ranvèse katon wouj yo te bay Folarin Balogun nan match Etazini kont Bosnia Herzegovina mèkredi pase a -Apre peyi nou fin inyore Woodensky Pierre, grenn jwè ekip seleksyon Ayiti a k ap viv nan peyi a lè te tounen lakay li semèn pase, dimanch la otorite lokal ak nasyonal yo epi popilasyon an tou dewoule tapi wouj pou 3 dyaspora k te nan ekip la ki rantre lakay -Seremoni lantèman Ayatollah Ali Khameini yo kontinye nan Iran Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
59
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 6 jiyè 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Nouvèl: -Gwo lòbèy nan Iran nan okazyon lantèman Ayatollah Ali Khameini ak fanmi li -Chalè a te rèd nan wikkenn nan -Etazini selebre 250yèm anivèsè nesans li -Lapolis nan Pennsylvani anonse yo arete yon chofè kamyon Ayisyen ki te elijib epi aplike pou TPS ki frape epi touye yon polis nan yon aksidan machin Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
58
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 2 jiyè 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ********* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant, responsab nanòganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Politik ekip Trump lan pou entimide epi teworize imigran Ayisyen ki gen yon estati frajil; Enpòtans rezistans kominote a Chif kadav la nan Goudougoudou Venezyela a rive depase 2,300 moun epi blese yo depase 11,000 Nou ankouraje fanmi nou yo tanpri pran yon ti moman pou koute oswa li diskou Frederick Douglass te fè 5 jiyè 1852 nan Rochester, NY sou selebrasyon 4 jiyè a; pou ki sa noumenm moun nwa nou pa pèdi anyen nan bagay sa a Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
57
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi Premye jiyè 2026
Nou salye epi n remèsye oditè nou yo ak tout sa ki ede nou pote chay emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons ********* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Tanpri ede nou fin vann liv nouvo liv Hilario a -Samdi 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista Nouvèl -Dènye devlopman nan Goudougoudou ki frape Venezyela a -Yon semèn apre desizyon Lakou Siprèm sou TPS la bagay yo panko klè nan kominote Ayisyen Etazini yo -Aktè aktivis Danny Glover anonse li gen yon dyagnosis Alzheimer's Anons
-
56
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 30 jen 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ... ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Nouvèl: -Lakou Siprèm deside Trump pa gen dwa chanje lwa peyi a pou di timoun ki fèt nan peyi a pa gen dwa ak sitwayènte Meriken si paran yo pa gen yon estati pèmanan Refleksyon nou sou atik Julianne Malveaux ki denonse desizyon Lakou Siprèm sou dosye TPS pou Ayisyen an epi l fè tout moun sonje se pa jodi a peyi isit gen pwoblèm ak Ayiti; Li di fò n ta al nan rasin koze a depi nan kalfou kote Ayiti te kase chenn lesklavaj (Cruelty Is The Point: Haiti, TPS, And The Politics Of Punishment) Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nou pale ak Epifania St Chals Lichardo, manm Reconocido Nouvèl: -Dènye devlopman nan Goudougoudou ki frape Venezyela a -Gen yon delegasyon Iran nan Doha epi yon delegasyon Meriken nan Doha men Iran an di l pa t gen randevou chita pale oswa men pou rankontre ak Meriken yo Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
55
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 29 jen 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Konbit pou n fin vann nouvo liv Hilario yo -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Ranmase sou Town Miting KOMOKODA fè yè apremidi sou sitiyasyon peyi nou epi sou dosye TPS la Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Nou jete dlo pou zanmi nou Gabriel St Croix ki fè travèse li jedi k sot pase a nan Granrivyè Dinò; Lantèman an ap fèt demen; Fòs, Kouraj, ak Lanmou pou fanmi li Nouvèl: -Dènye nouvèl sou Goudougoudou k frape Venezyela mèkredi pase; Enpòtan pou n note menm jan ak lakay nou an 2010 gwo gwo chif viktim yo se konsekans dirèk pinisyon Etazini ak bizawèl li yo mete pou estwopye peyi sila a -Lank sou papye akò Etazini ak Iran an panko menm fini seche goumen an pete ankò Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
54
Emisyon Eritye Papa Desalin pou jedi 25 jen 2026
Nou salye epi n remèsye oditè yo k ede nou pote chay emisyon an; Anons; Segman Imigrasyon ak sè nou Taina Exant nan Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen; Nouvèl; Anons ********* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Konbit pou liv Hilario -Dimanch 28 jen 2026, 4pm: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Konpliman pou Ancelotis Alexandre ak tout lòt jèn Brooklyn International High School yo ki te gen yon bèl gradyasyon maten an nan NYU nan Manhattan Segman Imigrasyon an: Jodi a sè nou Taina Exant te pase ak Aline ak Jean Kesnel, 2 lòt manm òganizasyon Fanm Ayisyen pou Refijye Ayisyen pou yo adrese desizyon Lakou Siprèm Etazini pibliye maten an ki bay ekip Trump lan yon lese pase pou yo elimine TPS pou Ayiti ak Syria epi ouvri baryè pou elimine pwogram TPS la nèt ale 2 gwo trablemanntè frape peyi Venezyela; Leta anonse yo deja jwenn omwen 164 kadav; Nou voye fòs kouraj, ak lanmou Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
53
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 24 jen 2026
Nou salye epi n remèsye oditè nou yo ak tout sa ki ede nou pote chay emisyon an; Anons; Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Nouvèl; Anons ********* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Tanpri ede nou fin vann liv nouvo liv Hilario a -Dimanch 28 jen 2026, 4pm: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan -Samdi 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Repòtaj Kay Vwazen nan Kiba ak frè nou Hilario Batista; Kòmandan Ramiro Valdes, chèf Sèvis Entelijans Kiba fè travèse li dimanch lan nan laj 94 lannen Nouvèl -Kèk nan rezilta eleksyon ki fèt nan NY la yè madi a: Brad Lander, yonn nan gwo defansè imigran nan NY la pote laviktwa epi Darializa Avila Chevalier, yon jèn Dominikèn, Dominiken rasis yo te vle fè pase pou pitit Ayisyen, pran plas Adriano Espaillat kòm kandida Demokrat k apral reprezante pati sa a nan eleksyon jeneral mwa novanm yo Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
52
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi 23 jen 2026
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Iran desann yon elikoptè Apache pou Meriken yo; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Kòmantè frè nou Jean Paul Spence; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ... ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Dimanch 28 jen 2026, 4pm: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Nouvèl: -Peyi Jamayik anonse yo arete 17 Ayisyen ki ateri lakay yo nan yon ti kannòt; E si milyon ki depanse nan komedi koupdimond lan te depanse pou soulaje soufrans pèp Ayisyen an Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Kòmantè frè nou Jean Paul Spence: Anpil moun ap bat bravo pou Iran ki pote laviktwa sou lame Meriken an men se pa jodi a Etazini ap pèdi batay militè Nouvèl: -Gouvènman peyi Chili louvri yon ankèt sou sa yo rele trafik timoun ki ta genyen ant Ayiti ak peyi yo -Henry Wooster bay rekòmandasyon li pou PNH la pa rantre nan koripsyon ak koze louch -Gouvènman Meriken an deplase Dimitri Vorbe nan prizon Florid yo voye l nan Mississippi san yo pa fè avoka li konnen -Minis Ti Komik Raina Forbin nan reyinyon OEA nan Panama pou l ranse sou estabilite ak progrè nan peyi nou -Minis Ti Komik Sandra Paulemon nan NY la semèn sa a pou l ranse jedi sou lapè bwat fatra k rele Nasyonzini an pote nan peyi nou nan 20 lannen k sot pase yo Liy ouvè ak oditè yo Anons
-
51
Emisyon Eritye Papa Desalin pou lendi 22 jen 2026
Nou salye epi remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an; Anons; Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo Nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Konbit pou n fin vann nouvo liv Hilario yo -Dimanch 28 jen 2026, 4pm: Town Miting KOMOKODA nan lokal Flanbwayan, 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn nan -Dimanch 18 jiyè 2026, 5pm: Selebrasyon lavi frè nou Fritzner Pierre nan Flatbush-Tompkins Congregational Church, 424 East 19th Street, Brooklyn, NY 11226 Levanjil Liberasyon ak frè nou Prens Tiecoura Dorleans Dessalines Nouvèl: -Monte desann nan koze negosyasyon Etazini ak Iran an; Ki jan pou negosyasyon posib si pa gen bòn fwa; 2 kan yo pa menm rive antann yo sou sa k ekri nwa sou blan sou papye yo siyen an -Haiti, peyi "twou latrin", bounda won k gen foli pete kare a; peyi kote se lènmi nou ki ba nou chèf vin premye peyi ki elimine nan koupdimond 2026 la -CARICOM ap laloz sou dosye Fils-Aimé a kòm patwon l panko di l sa pou l di nan koze a -Lionel Messi fèk fè yon gòl nan match kont Otrich ki klasse l kòm jwè ki fè plis gòl nan konpetisyon an -Li ta parèt se Abelardo de la Espriella yon kandida ladwat reyaksyonè, fanatik Donald Trump ki ta pote laviktwa nan dezyèm tou eleksyon prezidansyèl peyi Kolonbi Liy ouvè ak oditè yo Anons
We're indexing this podcast's transcripts for the first time — this can take a minute or two. We'll show results as soon as they're ready.
No matches for "" in this podcast's transcripts.
No topics indexed yet for this podcast.
Loading reviews...
Loading similar podcasts...