EPISODE · Sep 1, 2026 · 2H 1M
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye septanm 2026
from Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Nouvèl; Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Jiskounyè a pa gen nouvèl konpatriyòt nou Willard Vancol Anons: Frè nou Jude Joseph, PDG Radyo Pa Nou janbe l al jwenn zansèt yo; Ekspozisyon an ap fèt Vandredi 11 septanm, 5pm-10pm nan Cariibe Funeral Home (Utica ak Ave K) epi lantèman an ap chante 8AM Samdi 12 septanm nan legliz Wesleyan ki nan kwen Ave D ak Ocean Ave. Pierre Damas Bel, yon jèn gason 20 lannen mouri apre l al foure tèt li anba yon gwo kamyon sou otowout nan Ohio, li parèt msye pa t ka sipòte imilyasyon braslè elektwonik ICE te mete nan pye li Repòtaj Kay Vwazen nan Repiblik Dominikèn ak sè nou Altagracia Jean Joseph Nouvèl -Ti komik Konsèy Elektoral Pwovizwa yo nan Kanada, yo di y ap aprann ki jan pou yo ta fè eleksyon nan dyaspora -Anpil Ayisyen nan Boston ap ranje kò yo pou yo janbe anba fil rive Kebèk -Gad fwontyè Meriken an Tom Homan di kondisyon sekirite Ayiti pa regade l, le ou la fason l ap voye tout Ayisyen tounen lakay nou -Gwo Moso Donald Trump ozanj apre l rive kase ponyèt dirijan restavèk Venezyela yo fè yo siyen yon papye pou ba li 20 pousan rezèv 300 milya baril luil peyi sila a Liy ouvè ak oditè yo Anons
Embed this episode
Ready to play
Emisyon Eritye Papa Desalin pou madi Premye septanm 2026
No transcript for this episode yet
Similar Episodes
No similar episodes found.
Similar Podcasts
No similar podcasts found.