EPISODE · Jul 22, 2026 · 1H 2M
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 jiyè 2026
from Sit Podcast Eritye Papa Desalin
Nou salye oditè yo ki koute epi sipòte emisyon an; Anons; Nou pa rive fè kontak ak Hilario jodi a - Nou pataje refleksyon nou sou diskou Fidel 26 jiyè 1988 kote l esplike pou ki sa se yon sèl pati politik ki genyen Kiba; Nouvèl; Liy ouvè ak oditè yo; Anons ******* Entwo Nou salye fanmi k ap koute yo epi nou remèsye oditè yo ki sipòte emisyon an epi nou ankouraje yo kontinye kenbe men ak emisyon Eritye Papa Desalin Anons -Samdi 25 jiyè 2026, 6pm: "Bòn Fèt Papa Desalin" nan 3116 Clarendon Rd. nan Brooklyn, NY -Madi 28 jiyè 2026, 3pm - 6pm: Manifestasyon KOMOKODA devan Citigroup, 388 Greenwich St, Manhattan, NY Refleksyon nou sou diskou Fidel 26 jiyè 1988 kote l esplike pou ki sa se yon sèl pati politik ki genyen Kiba Nouvèl: -2 jou anvan dat 24 jiyè pèmi travay ta sipoze ekspire pou fanmi nou yo ki gen TPS yo, yo gwoup avoka leta nan 20 eta met ekri chanm Sena a yon lèt pou ankouraje yo vote pwopozisyon ekstansyon 3 lannen TPS pou Ayisyen an epi pou yo vini ak yon chimen pou tout moun ki gen TPS yo ka vin gen rezidans pèmanan Liy ouvè ak oditè yo Michael Kozak, yon responsab nan Depatman Deta Meriken an parèt devan Kongrè yo pou bay tout kalte detay sou sitiyasyon gang yo ann Ayiti epi esplike pou ki sa Meriken chwazi estrateji yo chwazi a pou jere dosye gang nan Anons
Embed this episode
Ready to play
Emisyon Eritye Papa Desalin pou mèkredi 22 jiyè 2026
No transcript for this episode yet
Similar Episodes
No similar episodes found.
Similar Podcasts
No similar podcasts found.